Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Repons pou kesyon ki komen yo

COVID-19

Nou konnen w gen yon pakèt kesyon konsènan COVID-19. Nou la pou n ede w jwenn repons. Annik konsilte resous sa yo pou jwenn plis enfòmasyon:

 

Kesyon yo Poze Souvan yo sou COVID-19  

Kesyon jeneral yo

Medicaid se yon pwogram ki founi kouvèti pou swen sante pou plizyè milyon Ameriken. Nan New York, li pote non Medicaid Eta New York. Moun ki kalifye pou Medicaid Eta New York la kapab resevwa sèvis Jesyon Swen Alontèm yo (MLTC) si yo elijib. Sèvis MLTC yo se pou adilt (ki gen laj 21 lane pou pi piti) ki bezwen yon nivo swen nan mezon swen enfimyè epi ki reponn ak lòt kondisyon pou elijiblite yo. Si w kalifye, ou kapab jwenn kouvèti pou sèvis tankou:
 

  • Swen vizyon 

  • Swen dantè

  • Gadri sosyal

  • Sèvis sante adomisil

  • Ekipman medikal dirab 
     

Jwenn plis enfòmasyon sou ki sèvis ki kouvri

 

Gade si w kalifye

Avan w jwenn kouvèti a, asire w ke w kalifye pou Medicaid. 

 

Apre w fin kalifye pou Medicaid Eta New York la, ou kapab chwazi Aetna Better Health kòm plan sante w.

 

Ou kapab li tou 10 kesyon yo souvan poze yo sou kalifikasyon pou Medicaid.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou enskri

Wi. Pou w kapab kontinye resevwa sèvis MLTC yo, fòk ou renouvle kouvèti Medicaid ou a chak ane.

 

Jwenn enfòmasyon sou kòman pou renouvle

Nou vle pou w satisfè de swen w ap resevwa a. Ebyen sizanka w pa ta satisfè de plan sante w la oswa yon founisè, ou kapab soumèt yon plent. Oubyen w kapab soumèt yon kontestasyon si nou refize, retade oswa chanje yon sèvis. Si w pa dakò ak desizyon yo pran sou kontestasyon w lan, ou kapab mande pou yo fè yon odyans san patipri nan eta a.
 

Plent ak kontestasyon

 

Enfòme nou sa a. Ou gen dwa pou rapòte nenpòt moun ou kwè ki komèt yon fwod oswa abi.

 

Fwod ak abi

Sèvis pou Manm yo

W ap jwenn rezime plan sante w la ansanm ak enfòmasyon sou avantaj yo nan manyèl pou manm ou an oswa sou Pòtay pou Manm ou an.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou Pòtay pou Manm ou an

 

Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7. Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

 

Ou kapab itilize tou paj kontakte nou an pou w kapab antre an kontak avèk nou. Oubyen w kapab konekte sou Pòtay pou Manm ou an.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou Pòtay pou Manm ou an

Ou gen kèk opsyon si w pèdi kat idantite manm ou an. Toudabò, konekte sou Pòtay pou Manm ou an. Kote w ap kapab rele:

 

  • Mande nou voye yon nouvo kat didantite ba ou pa lapòs
  • Jwenn vèsyon elektwonik kat didantite w la — depi w gen yon telefòn entèlijan, w ap toujou mache ak kat idantite w la lè w ap vin nan konsiltasyon swen sante yo

Oswa rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

 

Jwenn plis enfòmasyon sou Pòtay pou Manm ou an

Founisè swen sante m yo

Founisè Swen Sante w la (PCP) se yon pwofesyonèl medikal ki pral jere swen sante w. Yo se doktè, enfimyè, doktè asistan oswa klinik ki ba w swen prensipal. Y ap ede w resevwa tout sèvis ki kouvri yo ke w bezwen yo.

Espesyalis yo se pwofesyonèl ki trete yon seri pwoblèm sante byen presi. Founisè Swen Sante w la (PCP) ka refere w bay yon espesyalis ki nan rezo nou an. Oubyen li ka rekòmande w konsilte youn. Ou bezwen èd pou jwenn yon espesyalis? Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Epi mande pou w pale ak jesyonè swen w lan. Li kapab ede w planifye randevou ak transpò.

Ou kapab jwenn pwofesyonèl pou sèvis swen sante w bezwen yo.

Jwenn yon founisè

Kouvèti ak swen

Kit se lajounen oswa lannwit, PCP w la oswa pwofesyonèl ki nan gad la kapab di w kisa pou w fè. Si yo pa nan biwo a, kite yon mesaj. Y ap retounen w apèl la. Pwofesyonèl swen sante w la dwe konsilte w nan lespas 24 èdtan si w bezwen swen ijans. 

Si w gen yon ka ijans, rele 911 oswa ale nan sal dijans ki pi pre a(ER).

Si w gen yon ka ijans, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre w la.

 

W ap sèlman bezwen swen ijans lan si w panse sante w ekspoze ak gwo danje. Pami sitiyasyon ijans yo, w ap jwenn:

 

  • Gwo doulè
  • Blesi ki grav
  • Maladi sibit
  • Maladi k ap agrave byen rapid
  • Gwo emoraji ki pa kanpe

 

Konsilte kèk nan atik sa yo pou jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou resevwa swen ki apwopriye a nan moman ki apwopriye a:

 

Ou kapab jwenn èd pou jwenn woulib pou ale nan sèvis medikal yo. Nou kouvri woulib pou bezwen medikal ki pa ijans yo. Ou kapab jwenn yon woulib pou w ale nan konsiltasyon w yo avèk:

 

  • Founisè swen sante 
  • Pwofesyonèl swen dantè oswa vizyon w lan
  • Founisè swen sante mantal oswa konpòtmantal ou a 
  • Famasi w la
  • Gadri sosyal
  • Dyaliz la

Transpò

Si w pa lakay ou epi w gen yon ka ijans, ale nan lopital ki pi pre w la oswa rele911.

Lè w gen yon pwoblèm sante, ou pral travay avèk founisè swen sante w la pou n kapab elabore yon plan tretman. Plan an pral petèt gen ladan l kèk sèvis, tankou:
 

  • Pran medikaman
  • Fè chanjman nan fason w ap viv, tankou manje ak fè egzèsis
  • Jwenn sipò emosyonèl

 

Ou kapab benefisye de jesyon maladi a pou kèk pwoblèm sante, tankou:
 

  • Maladi bwonch ki kwonik (COPD)
  • Dyabèt
  • Ensifizans kadyak
  • Septisemi
  • Enfeksyon nan vwa irinè (UTI yo)

 

Èske w gen youn nan pwoblèm sante sa yo? Si wi, ou ka petèt kapab jwenn èd nan men yon jesyonè swen. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou paj nou an konsènan jesyon maladi a. Oubyen rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

Jesyon maladi

Avantaj swen dantè ak vizyon yo
 

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou avantaj swen dantè ak vizyon yo.

Ki sèvis ki kouvri

Swen dantè ak swen vizyon

 

Sante w

Rete aktif se youn nan meyè sèvis ou kapab rann sante ou. Li kapab:

 

  • ba ou plis enèji
  • Ede w santi w mye
  • Prevni kèk pwoblèm sante ki lye ak lè w ap antre nan laj

 

Pito w fè kèk aktivite fizik olye w pa fè ditou. Men verifye avèk doktè w la avan w kòmanse — jis pou asire w ke li pa prezante danje pou ou. Ou vle aprann plis kòman pou rete aktif? 

 

Aprann plis sou egzèsis 

Ou pa pou kont ou. Avèk tout sa nou konnen k ap pase yo, anpil moun te vin gen plis estrès ak anksyete lontan. Yo bezwen plis èd pase kòm dabitid pou yo fè fas ak presyon lavi kotidyen yo. 

 

Èske w te konnen estrès kapab afekte sante w? Li komen pandan moman estrès pou moun pran abitid ki pa bon pou sante. Pa twò estrik avèk tèt ou. Li pa toujou fasil, men ou kapab aprann plizyè fason pou:

 

  • Konsome manje ki bon pou sante w
  • Fè egzèsis regilyèman
  • Kòmanse lòt abitid ki bon pou sante w 

 

Jwenn plis enfòmasyon sou abitid ki bon pou sante w yo:

 

Li ka pa fasil, men ou kapab kanpe sou itilize nikotin — kit nan fimen, nan pran sigarèt elektwonik, moulen oswa sou yon lòt fòm. An n kite l ansanm.

 

Jwenn plis sipò

 

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon tou kòman pou kite nan men:

 

Pwofesyonèl Swen Sasnte w la (PCP) kapab ba ou èd ak tretman ki pi pèsonèl. Asire w ke w konnen kiyès PCP w la ye epi pou pran yon randevou jodi a.

Jwenn plis enfòmasyon sou twoub konsomasyon sibstans ak pwoblèm sante mantal apati de:

 

Pwofesyonèl Swen Sasnte w la (PCP) kapab ba ou èd ak tretman ki pi pèsonèl. Asire w ke w konnen kiyès PCP w la ye epi pou pran yon randevou jodi a. 

Si w gen entansyon pou fè tèt ou mal oswa pou fè lòt moun, chèche jwenn èd touswit. Ou kapab kontakte liy asistans sa yo:
 

Great American Smokeout se yon mak depoze American Cancer Society, Inc.

 

Alcoholics Anonymous se yon mak depoze Alcoholics Anonymous World Services, Inc.

Ou Gen Kesyon?

Annik rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou, 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Enteresan tou: