Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Kòmanse

Byenvini nan Aetna Better Health® nan New York. Ou gen yon pakèt zouti ak resous pou ede w pwofite de plan sante w la. Men kèk etap ou kapab swiv pou w prepare w pou w fè siksè.

ALE SOU:

Konprann epi itilize 

avantaj ou yo

 

Ou gen yon pakèt avantaj swen sante w kapab resevwa nan konfòtablite lakay ou — ak nan kominote lokal ou a. Toudepannde bezwen w yo, yo gen ladan yo yon seri avantaj tankou: 

 

  • Sèvis swen sante adomisil

  • Jesyon swen 

  • Gadri sosyal 

  • Transpò pou w ale nan konsiltasyon kay founisè a

  • Ekipman medikal dirab (DME)

  • Swen dantè ak swen vizyon

 

Yo fèt pou w itilize. Kidonk, asire w ke w gen tout enfòmasyon sou yo. 

 

Ki sèvis ki kouvri

Itilize Pòtay pou Manm ou an

Itilize Pòtay pou Manm ou an

Lè w ap konekte oswa kreye yon kont sou Pòtay pou Manm ou an, ou kapab fè plis bagay avèk plan sante w la, tankou: 
 

  • Gade kat idantite manm ou an oswa mande yon nouvo 

  • Mete detay kontak ou yo ajou

  • Jwenn fòmilè ak dokiman

  • Konekte avèk ekip jesyon swen w lan

 

Pòtay pou manm lan

Jwenn founisè

Jwenn founisè

Aprann kòman pou resevwa bonjan kalite swen ak sèvis toupre lakay ou. Nou gen yon rezo espesyalis ki solid kote w kapab fè chwa pami yo. Ou kapab jwenn founisè tankou dantis, odyolojis, optometris ak plis toujou. Zouti rechèch founisè nou an rann li fasil pou jwenn founisè nan rezo nou an.

Konekte avèk yon founisè

Konekte avèk yon founisè

Èske w dwe fè youn nan konsiltasyon anyèl ou yo? Sonje, ou pa bezwen tann se lè w gen yon pwoblèm grav pou w pran yon randevou avèk founisè w la. Lè w konsilte doktè w yo regilyèman, sa kapab ede w rete an sante.

 

Konsilte atik sa yo pou wè sijè ki pale de swen prevansyon yo:
 

Lè w pral wè yon founisè

 

Sante fanm

 

Sante gason

Patisipe

 

Èske w vle jwe yon wòl ki pi aktif nan swen sante ou? Oswa w vle ede pwogrè fèt nan kominote w la? Panse rejwenn Komite Konsiltatif pou Manm yo (MAC). Ou kapab pote yon vrè chanjman lè w patisipe. 

 

Patisipe

Pa pèdi avantaj ou yo

 

Kenbe enfòmasyon w yo ajou

 

Ou dwe renouvle kouvèti Medicaid Eta New York ou a chak ane pou w kapab konsève avantaj MLTC w yo. Epitou, toujou asire w ke tout enfòmasyon kontak (adrès, nimewo telefòn, elatriye.) ou ban nou yo rete ajou. Sa pèmèt ou konsève avantaj ak sèvis ou yo.
 

Jwenn enfòmasyon sou kòman pou renouvle

Jwenn enfòmasyon sou sitiyasyon ijans ak sitiyasyon ki pa ijans yo

W ap sèlman bezwen swen ijans lan si w panse sante w ekspoze ak gwo danje. Pami sitiyasyon ijans yo, w ap jwenn:

 

  • Gwo doulè
  • Blesi ki grav
  • Maladi sibit
  • Maladi k ap agrave byen rapid

Liy sipò Sèvis Manm yo ki fonksyone 24 sou 24 la

 

Si se pa yon ka ijans, men w bezwen konsèy medikal, annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).  Nou kapab ede w deside si w dwe ale nan sal dijans (ER) oswa nan swen ijans.

 

Swen ijans

 

Swen ijans se yon bon opsyon si se pa yon ka ijans epi w pa kapab wè PCP w la. Anpil sant louvri bonè epi yo rete louvri ta 7 jou sou 7. Epitou, yo ka gen tan datant ki pi kout pase yon vizit nan sal dijans (ER).
 

Konsilte kèk nan atik sa yo pou jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou resevwa swen ki apwopriye a nan moman ki apwopriye a:

Èske se yon ka ijans?
 

Kote pou ale pou resevwa swen medikal rapid 

Rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre w la si w gen yon maladi oswa blesi ki mete lavi w an danje epi w bezwen jwenn èd imedyatman. Nou kouvri transpò nan anbilans yo. Ou kapab ale tou nan nenpòt lopital pou resevwa swen ijans, menm si lopital la pa nan rezo nou an. Annik prezante kat Idantite manm ou an. 

Nenpòt ki moman an, ou pa pou kont ou. Nou gen resous pou n ede w nan ka kriz. Ou kapab rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711), 24 sou 24, 7 jou sou 7. Ou kapab kontakte tou jesyonè swen w lan pou li kapab ede w nan yon ka ijans si w bezwen sa a.

 

Si w ap fè fas ak yon kriz sante konpòtmantal, ou kapab rele 988. Sa se nouvo nimewo Liy nasyonal pou Asistans pou Swisid ak Kriz la.

 

Konnen resous ou yo



Manyèl pou manm yo

 

Ou kapab resevwa yon kopi papye manyèl pou manm ou an nan yon pakèt lang gratis ti cheri. N ap voye l ba ou nan senk jou apati lè w fè demann lan. Annik rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Oswa vizite paj materyèl ak fòmilè nou an pou w kapab telechaje manyèl la. 

Èd nan katye w

 

Ou bezwen èd pou jwenn resous nan kominote w la? Nou kapab ede w. 

 

Jwenn resous lokal yo kounya

Lòt lang ak fòma

 

Ou bezwen asistans lengwistik? Annik rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Ou kapab resevwa: 

 

  • Sèvis entèpretarya gratis pandan nenpòt sèvis oswa pwosesis plent, ansanm ak Langaj Siy Ameriken ak entèpretasyon oral an tan reyèl 
  • Sèvis entèpretarya nan kad konsiltasyon medikal ou a (asire w ke rele 48 èdtan avan konsiltasyon w lan) 
  • Enfòmasyon nan yon lòt fòma, tankou odyo, gwo karaktè ak bray 
  • Dokiman yo nan lòt lang si lang matènèl ou pa Anglè 

Enteresan tou: