Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Jesyon
swen

Jesyon swen an pèmèt ou resevwa swen alontèm nan anviwònman lakay ou. Yo deziyen yon ekip jesyon swen pou manm yo kote se yon jesyonè swen enfimyè k ap dirije l. Ekip ou ap konnen pwoblèm sante w yo epi y ap ede w avèk bezwen kotidyen w pou w kapab rete endepandan.

Ou Gen Kesyon?

Ou kapab pale avèk jesyonè swen w lan lè w rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Fason jesyon swen an fonksyone

Fason jesyon swen an fonksyone

Ekip jesyon swen w lan gen ladan l jesyonè swen enfimyè w la, yon travayè sosyal ansanm ak yon asosye jesyon swen. Yo travay ansanm pou yo kapab asire yo ke w jwenn swen ak sèvis ki apwopriye yo.

 

Pou yo kapab pi byen konprann bezwen w yo, jesyonè swen enfimyè w la pral:

 

  • Pale lang ou
  • Konnen estati medikal ou
  • Chèche konnen si gen kèk obstak ki anpeche w jwenn swen sante
  • Vin lakay ou, si sa nesesè
  • Elabore plan swen w lan avèk ou, doktè w la ansanm ak moun k ap ba w swen an (si w gen youn)

 

Ekip jesyon swen w lan kapab ede w tou:

 

  • Pwograme konsiltasyon kay doktè
  • Jwenn espesyalis ak sèvis sante mantal ki toupre ou
  • Entène lopital, si sa nesesè
  • Jwenn transpò pou w ale konsilte doktè w, ale nan famasi oswa lopital
  • Resevwa sèvis medikal ak dantè, founiti ak ekipman

 

Ou kapab rele ekip ou a pou yo ede w nenpòt lè. Ou kapab rele yo san pwoblèm menm apre lè travay yo oswa lewikenn. Yon moun ki kapab ede w pral reponn. L ap enfòme ekip ou a ke w te rele ak sou tout èd yo te ba ou.

Egalite nan swen sante

Egalite nan swen sante

Tout moun merite resevwa menm kalite swen sante a. Poutan gen kèk inegalite ki kapab rann li difisil pou w resevwa swen w bezwen an. Nou rele sa yo “detèminan sante sosyal.” Bagay sa konsène bagay tankou:

 

  • Laj ou
  • Lang prensipal ou
  • Nivo edikasyon w
  • Revni w
  • Ras ou oswa antesedan kiltirèl ou
  • Relijyon w
  • Aksè w ak transpò

 

Si sa nesesè, jesyonè swen w lan pral elabore plan swen w lan pandan l ap pran an kont bagay sa yo. L ap asire l ke w jwenn swen ak aksè egal ak sèvis ou bezwen yo.

Jere maladi kwonik yo

Jere maladi kwonik yo

Gen kèk pwoblèm sante ke w dwe jwenn plis swen pou yo. Si w ap jere yon pwoblèm sante kwonik, yon jesyonè swen kapab ede w resevwa tretman w bezwen an pou w kapab santi w mye. Li kapab ede w jere pwoblèm sante tankou dyabèt, ensifizyans kadyak konjestif (CHF), maladi bwonch ki kwonik (COPD) ak plis toujou.

 

Jesyon maladi kwonik

Direktiv alavans

Direktiv alavans

Èske w gen yon direktiv alavans? Yo pèmèt doktè w la konnen ki swen medikal ou bezwen (oswa w pa bezwen) si w twò malad pou w pale pou tèt ou. Gen de (2) kalite direktiv alavans ke w dwe gen enfòmasyon sou yo: 

 

  1. Pwokirasyon swen sante 
  2. Testaman

 

Toude pèmèt ou pran yon seri desizyon ki enpòtan sou swen sante w byen alavans. Konsa a, ekip jesyon swen lan ansanm ak fanmi w kapab sèten ke yo satisfè dezi w yo.

 

Direktiv alavans

Enteresan tou: