Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Deklarasyon jiridik

Avètisman

Enfòmasyon yo sou sitwèb sa prezante "JAN YO YE A" san okenn garanti, kit eksplisit oswa enplisit, ki gen ladan l, men ki pa sèlman gen ladan l, garanti enplisit kalite machann, adekwasyon pou yon rezon patikilye, oswa non-kontrefason. Gen kèk jiridiksyon ki pa otorize yon ekskli garanti enplisit yo, kidonk eksklizyon ki anwo yo ka pa aplike pou ou. Done ki prezante yo nan dokiman sa fèt pou enfòme sèlman, epi pa gen okenn garanti ke enfòmasyon yo pa gen erè. Tanpri, konnen ke depi w fin kite sit sa a, kit se atravè yon lyen nou te ka petèt bay nan avantaj ou oswa pandan w presize pwòp destinasyon ou, Aetna® pa aksepte responsab pou kontni, pwodui ak/oswa sèvis ou te resevwa nan lokal sa yo ki pa pou Aetna a. Aetna pa kontwole, apiye, ankouraje ni li pa gen okenn afiyasyon avèk okenn lòt sitwèb sof yo bay endikasyon klè pou sa nan dokiman sa a.

Limit responsablite

Nan okenn ka Aetna pa reponsab anvè okenn pati pou okenn domaj dirèk, endirèk, espesyal oswa lòt domaj ki vin gen akoz fason yo itilize sitwèb sa a, oswa nenpòt lòt sit ipè-tèks, ki gen ladan l, men pa sèlman gen ladan l, tout pèt pwofi, entèripsyon nan biznis, pèt pwogram oswa done sou ekipman w lan, osinon, menm si yo enfòme nou klèman sou posiblite oswa pwobablite pou gen domaj sa yo.

Modifikasyon nan sit sa a

Yo ka modifye enfòmasyon yo oswa mete yo ajou san preyavi. Aetna pa gen obligasyon pou l mete enfòmasyon ki sou sitwèb sa ajou, kidonk enfòmasyon ki endike nan dokiman sa ka pa ajou nenpòt lè. Aetna ka pote amelyorasyon ak/oswa modifikasyon tou nan pwodui yo ak/oswa pwogram ki dekri nan enfòmasyon sa yo nenpòt lè san preyavi.

Sèvis ki kouvri yo

Yo founi sèvis ki kouvri yo ansanm ak avantaj prefere yo konfòmeman ak kondisyon yo nan kontra Medicaid la, ansanm ak limit ak eksklizyon yo.

Mak komèsyal yo

Logo Aetna a ansanm ak tout lòt mak, mak sèvis, non komïsyal, logo, non domèn URL ak ikòn ("Mak") ki prezante sou sitwèb sa a, ki yo anrejistre ou pa, se pwopriyete Aetna Inc. oswa pwopriyetè yo nan lòd yo endike a. Anyen sou sitwèb sa pa ba w okenn dwa oswa lisans pou itilize okenn nan Mak ki endike sou sit la san w pa jwenn otorizasyon ekri Aetna Inc. oswa pwopriyetè tyès pati Mak yo. Itilizasyon non otorize a ka vyole mak komèlsyal la ansanm ak lòt lwa yo.

Li pa yon solisitasyon

Anyen sou sit sa pa dwe entèprete kòm yon solisitasyon oswa òf pou achte kouvèti nan men Aetna oswa nan men okenn nan konpayi ki afilye ak li yo.

Yo pa ranplase swen sante oswa konsèy yon pwofesyonèl bay

Enfòmasyon sou sante ki endike sou sitwèb sa jeneral de nati epi yo pa ranplase swen sante yon pwofesyonèl bay. Yo pa fèt pou yo ranplase konsèy founisè swen sante yo. Si w gen bezwen swen sante espesifik, oswa pou jwenn enfòmasyon konplè sou sante, tanpri, konsilte yon doktè oswa yon lòt founisè swen sante.

Enteresan tou: