Yon lòt gwoup oswa founisè bay enfòmasyon yo nan pwochen paj la. Si w pa swete kite sit nou an, chwazi “X” ki nan pati dwat ki nan kwen ki anwo a pou fèmen mesaj sa a. Oswa chwazi “Kontinye” pou ale ann avan.
Ou Gen Kesyon?
Annik rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Annik rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Founi w bonjan kalite sèvis

Founi w bonjan kalite sèvis
Objektif nou se asire n ke w jwenn meyè kalite swen ki posib la lè w bezwen sa a. Nou kolabore avèk founisè lokal ki konprann bezwen w yo.
Objektif ak bi nou yo
Objektif ak bi nou yo
Pwogram Amelyorasyon Kalite a gen pou objektif sa ki vini annapre yo:
- Ankouraje e entegre kalite a nan fonksyònman kotidyen plan sante a ak nan politik li yo.
- Kontinye verifye e evalye bezwen w yo, swen w ak sèvis ou yo pou asire ke w ap resevwa bonjan kalite swen an nan moman ki apwopriye a.
- Jwenn domèn ki mande amelyorasyon epi travay sou yo.
- Ankouraje sekirite pasyan yo atravè enfòmasyon ou resevwa pa sezon yo (pa egzanp, anvwa koli kont grip).
- Asire nou atenn oswa depase meyè kalite ki posib la pandan n ap reponn ak egzijans règleman ak nòm akreditasyon lokal, eta ak federal ki vini annapre yo.
- Founi sipò pou bagay ki afekte sante, tankou transpò, manje ak sipò pou lojman.

Sèvis nou yo

Sèvis nou yo
Pwogram nan founi yon pakèt sèvis, kote ladan yo, w ap jwenn:
- Voye kat postal ak bilten enfòmasyon ki itil pou ou konsènan sante w
- Revize kalite sèvis nou yo
- Raple ou menm ak founisè w la swen sante prevansyon yo
- Mezire nan ki nivo w satisfè de founisè w la ak sèvis swen sante yo
- Analize apèl telefòn yo pou asire ke nou reponn apèl ou a byen rapid e ke w resevwa enfòmasyon ki kòrèk yo
- Travay avèk founisè w yo pou asire ke yo jwenn tout enfòmasyon yo bezwen yo nan men nou pou yo kapab founi w bonjan kalite swen
- Founi pwogram sante, ansanm ak enfòmasyon sou maladi kwonik ak sipò endividyèl pou detèminan sante sosyal yo (kondisyon espas kote w ap viv, aprann, travay ak jwe ki afekte sante w)