Sa kapab difisil pou w detèmine ki tip swen ou menm oswa manm fanmi w yo ka bezwen. Nou kapab ede w deside ale nan sal dijans (ER) oswa nan swen ijans.
Sonje byen, ou ka itilize nenpòt lopital pou swen ijans, menmsi li pa nan rezo nou an. Jis montre kat idantite manm ou a.
Kriz sante mantal
Rele oswa voye mesaj tèks 988 pou antre an kontak ak 988 Liy Asistans pou Swisid ak Kriz la oswa ale nan lopital ki pi pre w la si:
- W ap panse fè tèt ou mal oswa fè yon lòt moun mal
- Ou gen yon ijans sante konpòtmantal
Jesyon swen apre swen entansif
Èske w te entène lopital dènyeman an? Si se sa a, ekip jesyon swen nou an ka rele ou. Y ap mande w si ou:
- Te pwograme yon randevou swivi avèk yon PCP oswa yon espesyalis
- Te kapab resevwa nenpòt medikaman yo preskri w
- Te konprann enstriksyon sou egzeyat yo
Fè yon koudèy sou kèk nan atik sa yo pou w aprann plis sou kòman pou w resevwa swen ki apwopriye a nan moman ki apwopriye a: