Yon lòt gwoup oswa founisè bay enfòmasyon yo nan pwochen paj la. Si w pa swete kite sit nou an, chwazi “X” ki nan pati dwat ki nan kwen ki anwo a pou fèmen mesaj sa a. Oswa chwazi “Kontinye” pou ale ann avan.
Ekip jesyon swen w lan
Ekip jesyon swen w lan
Ekip jesyon swen w lan pral deziyen yon plan swen ki apwopriye pou ou. Y ap asire yo ke w resevwa tretman ak sèvis ou bezwen yo. Ekip la pral ede w tou:
Konekte ak lòt resous yo
Jwenn referans pou swen espesyalize
Travay avèk founisè swen sante w yo
Konprann sentòm ou yo
Resevwa sèvis yo apre orè travay nòmal, lè sa nesesè
Opresyon se yon pwoblèm sante ki komen epi ki afekte moun plizyè fason diferan. Diskite avèk founisè w la sou sentòm ou yo. Men kòman nou kapab ede:
Dabò, n ap gade si opresyon w lan prezante risk ki ba oswa risk ki elve. Si li prezante risk ki ba, n ap ba w konsèy sou fason pou w pran swen tèt ou pandan tout ane a. Konsa a, ou kapab pi byen jere sentòm ou yo lè yo parèt.
Si li prezante yon risk ki elve, yon jesyonè swen pral rele w pou li diskite sou swen pou opresyon w lan. Ou pral pale de yon seri de bagay tankou:
- Kòman pou w jere opresyon w lan lakay ou
- Poukisa w dwe pran medikaman w lan jan yo preskri a
- Kisa ki kapab lakoz yon kriz opresyon
- Kòman pou w chanje abititd ou pou w kapab santi w mye
Maladi bwonch ki kwonikk la (COPD) se yon maladi poumon. Si w gen COPD, n ap ede w jwenn sipò w bezwen an pou w kapab santi w mye.
Dabò, nou pral gade si COPD w la prezante risk ki ba oswa risk ki elve. Si li prezante yon risk ki elve, yon jesyonè swen pral kontakte w pou li kapab asire l ke w ap resevwa èd ou bezwen an. Y ap diskite avèk ou konsènan tretman w lan. Nan kèk ka, ou ka petèt resevwa yon preskripsyon pou terapi oksijèn oswa plis medikaman. Si w fimen, jesyonè swen w lan kapad ede w fè planifikasyon pou w kite fimen.
Maladi atè kowonè a (CAD) se fòm maladi kè ki pi komen an. Kolestewòl kapab kòmanse rasanble nan atè w yo. Sa rann li pi difisil pou kè a fè travay li.
Fè founisè a konnen si gen nenpòt manm nan fanmi w ki te gen CAD. Nou pral elabore yon plan swen pou ede prevni ak trete sentòm ou yo.
Èske w gen souf kout lè w ap fè aktivite kotidyen w yo? Si se sa a, se ka petèt yon siy CHF.
Nou pral travay avèk founisè w la pou ede w prevni ak jere nenpòt sentèm nan. Gras ak plizyè opsyon tretman diferan, ou kapab resevwa swen w bezwen an. Yon pakèt nan manm nou yo ki fè ensifizans kadyak konjestif yo (CHF) viv yon vi ki an sante epi ki aktif.
Li kapab difisil anpil pou jere dyabèt la pou kont ou. Nou la pou n ede w jere ak trete dyabèt ou a. Dabò, nou pral travay avèk ou menm ansanm ak founisè w la pou n wè dyabèt ou a prezante yon risk ki ba oswa yon risk ki elve.
Si li prezante yon risk, n ap ba w enfòmasyon ak èd ou bezwen yo pou w kapab pran swen tèt ou.
Si dyabèt ou a prezante yon risk ki elve, n ap ede w aprann kòman pou:
Jere dyabèt ou a
Kontwole sik nan san w
Pran medikaman w
Pran swen pyen w
Pratike abitid ki bon pou sante w
Elektwolik yo (ih-LEK-truh-lahyts) se yon seri mineral ou jwenn nan likid ki nan kò w yo. Kò w dwe gen ekilib nòmal nimeral sa yo pou li kapab byen fonksyone. Si nivo yo vin twò wo oswa twò ba, yo rele sa yon dezekilib elektwolit. Sa kapab bay divès fonksyon diferan nan kò a pwoblèm.
Ou kapab fè yon dezekilib elektwolit si w pèdi twòp likid. Kèk medikaman oswa maladi kwonik kapab lakoz sa a. Eksè nan sa ki vini annapre yo kapab lakoz li tou:
Swe
Vomisman
Dyare
Lè w gen tansyon wo, san w fè anpil presyon sou pawa ateryèl ou yo. Ofiramezi, sa kapab andomaje atè w yo, kè konjestif la ak ren w yo. Ou ka pa konsyan pandan pwoblèm sa yo ap pwodui yo. Epi si w pa trete, tansyon wo kapab lakoz lòt pwoblèm grav, tankou kriz kadyak konjestif ak stwòk.
Yon tansyon ki nòmal dwe enferyè oswa nan nivo 120/80 yo. Founisè w la kapab di ki nivo tansyon ki pi bon pou ou. Nou kapab travay avèk li pou n ede w jwenn mwayen pou bese tansyon an oswa pou jere li.
VIH la vle di viris imino-defisyans imen. Li kapab rann li pi difisil pou kò w konbat enfeksyon. Gras ak èd w ap jwenn nan men ekip nou an, ou kapab jwenn sipò w bezwen an. Yo pral fè aranjman avèk founisè yo epi y ap ede w jere sentòm, tankou:
- Glann lenfatik ki anfle
- Lafyèv
- Swe nan lannwit
- Dyare
- Gratèl sou po
- Plè
Septisemi se lè w gen yon enfeksyon ki pa trete epi ki pwopaje nan lòt pati nan kò w yo. Septisemi se yon pwoblèm sante ki mòtèl epi ki mande pou jwenn tretman ann ijans pou li. Nenpòt kalite enfeksyon kapab lakoz li, menm enfeksyon ki kòmanse tou piti, tankou enfeksyon nan po.
Ou gen plis risk pou w gen septisemi si w gen yon maladi kwonik. Risk ou plis elve tou si ou:
Gen laj 65 lane oswa plis
Gen yon sistèm iminitè ki fèb
Te gen yon maladi ki grav oswa w te entène lopital resaman an
Yon UTI se yon enfeksyon ki komen. Ou kapab trape enfeksyon sa lè twòp bakteri antre nan vwa irinè a (ògàn ki pèmèt ou pise, oswa pipi yo, ki gen ladan yo blad pipi w ak ren w yo).
Pami sentòm UTI ki komen yo, w ap jwenn:
Gen doulè lè w ap pise (pipi)
Santi doulè oswa presyon bò vant ou oswa anba vant ou
Gen pipi pi souvan pase nòmal
Pipi ki gen sant oswa aparans ki diferan pase nòmal
Pa kapab kenbe pipi
Enfeksyon nan vwa irinè yo (UTI) kapab annouyan. Pale avèk jesyonè swen w lan touswit si w panse w gen youn. L ap asire l ke w jwenn tretman w bezwen an.