Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Otorizasyon pou Done sou Sante ak Konfidansyalite

Otorizasyon pou done sou sante ak konfidansyalite

 

Resous sou konfidansyalite ak sekirite

 

Gen kèk manm ki gen dwa pou yo mande Aetna pou li divilge kèk nan done sou sante yo bay aplikasyon tyès pati yo. 

 

Men kèk dokiman edikatif. Ou kapab itilize yo pou ede deside ak kiyès pou yo pataje done sou sante w yo.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou echanj done ant peyè yo

 

Pwoteje konfidansyalite ak sekirite done sou sante w yo

 

Fè atansyon ak lè w ap chwazi ki aplikasyon pou w pataje done sou sante w yo avèk yo. Done sou sante yo kapab vrèman sansib. Nou pa kontwole kòman aplikasyon tyès pati yo itilize oswa pataje done sou sante w yo. Nou pa egzaminen aplikasyon tyès pati yo oswa nòm sou konfidansyalite ak sekirite yo konsènan done sou sante w yo.

 

Nou rekòmande w chwazi aplikasyon ki gen bonjan nòm sou konfidansyalite ak sekirite. Toujou li kondisyon itilizasyon aplikasyon yo dabò. Yo dwe gen yon politik sou konfidansyalite ki fasil pou li ak jwenn. Politik sa dwe eskplike w kòman yo prevwa itilize done w yo. Gen kèk aplikasyon ki ka pataje done sou sante w yo avèk lòt tyès pati. Si yo pa gen yon politik sou konfidansyalite, reflechi ankò avan w itilize aplikasyon an.

 

Kèk bagay pou reflechi ak yo lè w ap chwazi yon aplikasyon tyès pati pou resevwa done sou sante w yo

 

Ou vle asire w ke politik sou konfidansyalite yon aplikasyon reponn kesyon sa yo.

 

  • Ki done sou sante aplikasyon sa pral kolekte?
  • Èske aplikasyon sa pral kolekte done ki pa gen rapò ak sante nan telefòn mwen an, tankou lokasyon mwen?
  • Èske aplikasyon sa pral konsève done m yo nan fason ki pa idantifye oswa ki anonim?
  • Kòman aplikasyon sa pral itilize done m yo?
  • Èske aplikasyon sa pral pataje done m yo avèk lòt tyès pati yo?
  • Èske aplikasyon sa pral vann done m yo pou kèlkeswa rezon an, tankou pou piblisite oswa rechèch?
  • Èske aplikasyon sa pral pataje done m yo pou kèlkeswa rezon an? Si se sa a, avèk kiyès l ap pataje yo? Pou ki rezon?
  • Kòman mwen kapab limite sou fason aplikasyon sa ap itilize ak divilge done m yo?
  • Ki mezi sekirite aplikasyon sa itilize pou l pwoteje done m yo?
  • Ki enpak sa genyen sou lòt moun yo lè yo pataje done m yo avèk aplikasyon sa a? Èske sa gen enpak sou manm fanmi m yo?
  • Kòman mwen kapab gen aksè ak done m yo epi pou m korije enfòmasyon ki pa kòrèk yo ke aplikasyon sa anrejistre yo?
  • Èske aplikasyon sa gen yon pwosesis pou l kolekte plent itilizatè yo ak pou l reyaji pa rapò ak yo?
  • Si mwen pa vle itilize aplikasyo sa ankò, oswa si m pa vle pou aplikasyon sa gen aksè ak enfòmasyon sou sante m yo, kòman mwen kapab anpeche aplikasyon an gen aksè ak done m yo?
  • Ki politik aplikasyon an genyen pou l siprime done m depi m fin kanpe aksè a?
  • Èske gen lòt bagay m dwe fè anplis de annik siprime aplikasyon an sou aparèy mwen an?
  • Kòman aplikasyon sa enfòme itilizatè yo sou chanjman ki ta ka afekte pratik sou konfidansyalite l yo?

 

Kisa HIPAA a ye?

 

  • Lwa sou Pòtabilite ak Responsablite Asirans Sante a (HIPAA) se yon lwa federal. Yon pati ladan l pèmèt yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl sou sante yo. Biwo pou Dwa Sivil (OCR) Depatman Sèvis Sante ak Sèvis Sosyal Etazini an (HHS) aplike Règleman HIPAA sou Konfidansyalite, Sekirite, ak Avi sou Vyolasyon Lwa yo, ansanm ak Lwa ak Règleman sou Sekirite Pasyan yo.
  • Ou kapab jwenn Kesyon yo Souvan Poze (FAQ yo) sou HIPPAA yo pou moun ki nan HHS yo

 

Kiyès ki dwe swiv HIPAA?

 

“Antite ki kouvri yo” dwe swiv règleman HIPAA yo. Sa kapab enkli:

  • Plan sante yo:
    • ­   Konpayi asirans sante yo
    • ­   Òganizasyon antretyen sante (HMO yo)
    • ­   Plan sante konpayi yo
    • ­   Kèk pwogram gouvènman ki peye pou swen sante, tankou Medicare ak Medicaid
  • Anpil founisè swen sante ki fè biznis sou fòma elektwonik. Pa egzanp, yo faktire asirans sante w lan sou fòma elektwonik. Sa kapab enkli:
    • Doktè yo
    • Klinik sante yo
    • Lopital yo
    • Sikològ yo
    • Kiwopratisyen yo
    • Mezon retrèt yo
    • Famasi yo
    • Dantis yo
  • Sant kowòdinasyon swen sante yo

 

“Asosye komèsyal” ki founi antite ki kouvri yo kèk byen presi yo dwe swiv kèk pati nan règleman HIPAA yo. Sa kapab enkli:

 

  • Konpayi faktirasyon yo
  • Tremtan reklamasyon swen sante yo
  • Konpayi ki konsève oswa detwi doseye medikal yo
  • Sa yo ki ede administre plan sante yo

 

Gen anpil antite ki gen enfòmasyon sou sante w yo ki pa bezwen swiv règleman HIPAA yo. Sa yo ka enkli:

 

  • Konpayi asirans lavi yo
  • Anplwayè yo
  • Konpayi pou dedomajman travayè yo
  • Lekòl yo ak distri lekòl yo
  • Ajans yo nan eta a
  • Fòs lòd yo
  • Biwo minisipal yo

 

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon nan HHS sou dwa paran yo konfòmeman ak HIPAA ak sou kiyès ki dwe swiv HIPAA

 

Èske aplikasyon tyès pati yo dwe swiv règleman HIPAA yo?

 

HIPAA pa kouvri pifò aplikasyon tyès pati yo. Olye de sa a, aplikasyon yo anba otorite Komisyon Komèsyal Federal la (FTC) ak sou pwoteksyon Lwa FTC a. Lwa sa pwoteje w kont zak malonèt. Pa egzanp, si yon aplikasyon pataje done pèsonèl ou yo san pèmisyon, malgre li gen yon politik sou konfidansyalite ki di ke li pap fè sa a.

 

Ou kapab li plis apati FTC a sou konfidansyalite ak sekirite aplikasyon mobil yo

 

Kòman pou m soumèt yon plent sou konfidansyalite nan HIPAA?

 

Si w panse yo te vyole dwa HIPAA sou konfidansyalite w yo, ou gen plizyè opsyon:

 

  • Rele nou gratis nan nimewo Sèvis pou Manm yo ki sou kat Idantite manm ou an.
  • Ekri Biwo Konfidansyalite Aetna a nan adrès ki anba a:

 

Ekip Dwa Manm HIPAA yo

Aetna Inc.

P.O. Box 14079

Lexington, KY 40512-4079

 

 

Soumèt yon plent si w panse yon aplikasyon te mal itilize done w yo.

 

 

Enteresan tou: