Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Sèvis SCN yo

Jwenn èd pou bezwen chak jou — tankou lojman ki an sekirite, manje ki bon pou sante oswa transpò — ka fè li pi fasil pou rete an sante. Si ou kalifye, rezo swen sosyal yo (SCN) ka konekte w ak sèvis lokal san okenn frè. Jwenn enfòmasyon sou SCN lokal ou a pou w wè si w kalifye pou sèvis sa yo.

Kisa yon Rezo Swen Sosyal ye?

Yon SCN se yon gwoup lokal ki pap travay pou pwofi ki konekte w ak sèvis ki reponn ak bezwen sosyal ki gen rapò ak sante nan kominote w la. SCN yo ba w èd selon bezwen w ak kalifikasyon w. Si ou kalifye, ou ka itilize li pou jwenn sipò pou bagay tankou manje, transpò, swen, lojman ak lòt ankò.

 

Atravè SCN nan, w ap rankontre ak yon Navigatè Swen Sosyal ki pral:

  • Tcheke si ou ka resevwa sèvis ki ka ede w ak sante w ak byennèt ou.
  • Poze kesyon pou w konprann ki kote ou ka bezwen sipò anplis.

 

Ki kalite sipò ak sèvis mwen ka jwenn? 

Si ou kalifye pou sèvis yo, Navigatè Swen Sosyal la ka travay avèk ou pou ede w jwenn sipò ou bezwen an. Ou ka kalifye pou plis pase yon sèvis, selon sitiyasyon w. Sèvis sa yo ka gen ladan:

Lojman ak sèvis piblik

  • Enstale ekipman lakay tankou ramp, bawo pou men ak bawo pou kenbe pou fè kay ou an sekirite epi fasil pou w viv ladan l. Repare epi ranje flit dlo pou anpeche mwazi grandi lakay ou.   
  • Bouche twou ak fant pou anpeche ensèk nuizib antre lakay ou.  
  • Bay yon èkondisyone, yon chofaj, yon imidifikatè oswa yon dezimidifikatè pou ede w amelyore sikilasyon lè lakay ou.  
  • Ede w jwenn epi aplike pou yon lojman ki an sekirite e ki estab nan zòn nan.  

Sèvis Transpò

  • Ede w jwenn woulib, tankou nan transpò piblik oswa prive, pou ale nan kote SCN apwouve yo (pa egzanp: nan entèvyou travay, klas pou paran, tribinal lojman pou anpeche eviksyon, ak biwo depatmanal vil la oswa Eta a pou jwenn dokiman enpòtan).

Jesyon Swen

  • Jwenn èd pou jwenn yon travay oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl, aplike pou benefis, jere lajan w ak lòt ankò. 

  • Jwenn aksè ak sèvis tankou gadri, sipò moral, sipò nan ka kote gen kriz, pwogram swen adomisil ak plis ankò.

Kijan mwen ka konnen si mwen kalifye pou sèvis SCN yo?

 

Ou gen kèk opsyon:

  • Ale sou sitwèb SCN ou a: Ou ka itilize zouti seleksyon an sou sitwèb SCN konte ou a pou wè si w kalifye pou sèvis yo. 
  • Rele SCN ou a: Ou ka kontakte SCN ou a dirèkteman. Yon Navigatè Swen Sosyal ap poze w kèk kesyon pou asire l ou kalifye. Yo pral eksplike w sèvis yo tou epi gide w nan pwochen etap yo pou w ka resevwa sipò ou bezwen an. 

Kijan mwen ka jwenn SCN mwen an?

Desann pou jwenn sitwèb SCN konte ou a, zouti pou fè seleksyon an oswa enfòmasyon kontak la.

 

Konte kote w ap viv la Non SCN a Nimewo telefònSitwèb

Brooklyn 

(Kòd postal: 11209,  11219, 11220 epi 11228

Sistèm Founisè Swen nan Staten Island (SIPPS) 1-917-830-1140Zouti oto-ekran SIPPS

Queens

(Kòd postal: 11355, 11368, 11373 epi 11377)

Sistèm Founisè Swen nan Staten Island (SIPPS) 1-917-830-1140Zouti oto-ekran SIPPS
Brooklyn, Queens epi ManhattanPHS (Public Health Solutions) 1-888-766-6769Zouti oto-ekran PHS
BronxSOMOS1-833-766-6769

SOMOS website

 
Zouti oto-ekran SOMOS

Nassau ak Suffolk HEALI (Health & Welfare Council Of Long Island)1-516-505-4434Sitwèb HEALI

 

Ou Gen Kesyon?

Rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou ka mete w an kontak tou ak yon SCN nan zòn ou an.

Enteresan tou: