Ou Gen Kesyon?
Rele nou nan Sèvis Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou disponib pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Sa w kapab bezwen pou renouvle kouvèti a
Pou fè renouvèlman an, w ap gen pou bay enfòmasyon ki ajou yo sou revni w ak finans ou. Men yon lis sa pou w ajoute yo:
- Prè tout tip revni (egzanp: sekirite sosyal, retrè, andikap, dedomajman pou travayè, elatriye.)
- Dènye relve bankè mansyèl ou yo pou tout kont ou yo
- Prèv depans pou nenpòt asirans medikal siplemantè ou genyen
- Prèv depo yon konpayi jesyon kolektif pou revni si w gen youn
Sa yo se “dokiman sipò” w yo ye. Yo ede w konfime si w kapab, oswa pa kapab, renouvle avantaj ou yo. Nou rele fòmilè renouvèlman ki ranpli w la ki gen dokiman sipò w yo "pakè renouvèlman w lan."
Ou bezwen èd pou fè renouvèlman an?
Nou konnen ke pwosesis renouvèlman an ka pa klè. Ou ka menm tande yo rele nan tèm diferan. Yo kapab rele l tou “redetèminasyon,” “resètifikasyon,” oswa “revizyon sou elijiblite.” Nou la pou n ede w senplifye bagay yo ak pou n reponn kesyon w yo. Epi nou kapab akonpanye w tout pandan pwosesis la.
Kòman pou kòmanse
Depi w fin resevwa fòmilè renouvèlman an pa lapòs, ou kapab swiv etap sa yo:
- Rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711) epi mande pou depatman resètifikasyon nou an. Ou kapab jwenn èd Lendi jiska Vandredi, soti 9 AM rive 5 PM.
- Pale ak yon espesyalis Medicaid. L ap eksplike w kòman pou ranpli fòmilè nou an, sa pou mete ladan l, epi y ap tou pwofite reponn kesyon w yo tou.
- Deside avèk espesyalis ou a kijan ou vle soumèt renouvèlman ou an. Y ap eksplike w opsyon ou yo ak kijan yo fonksyone. Ou ka chwazi youn nan 4 fason sa yo:
Voye l bay espesyalis Medicaid ou a pou yo ka soumèt li pou ou. Ou ka fè sa pa lapòs, imèl, oswa faks, selon sa ki pi mache pi pou ou. Y ap soumèt renouvèlman w lan atravè pòtal anliy an sekirite nou an. Sa pèmèt ou swiv renouvèlman ou an epi asire w li pa pèdi.
Soumèt li bay eta a pa lapòs
Soumèt li bay eta an pèsòn
Soumèt li sou entènèt (NYC oubyen Konte Suffolk sèlman)
Si ou chwazi opsyon b, c, oubyen d, jis chwazi zòn kote w ap viv la pou plis detay.:
-
Renouvle l pa lapòs:
Voye pakè renouvèlman ou ranpli a pa lapòs alèd de anvlòp prepeye ke w te resevwa avèk fòmilè renouvèlman w lan. Si w kapab, konsève yon kopi nan dosye w tou.
Renouvle l an pèsòn:
Annik vini avèk pakè renouvèlman ki ranpli w la nan:
Administrasyon Resouzimèn NYC a
495 Clermont Avenue,
Brooklyn, NY 11238
Renouvle sou entènèt:
Vizite ACCESS HRA epi kreye yon kont avèk enfòmasyon sou ka w la.
-
Renouvle l pa lapòs:
Voye pakè renouvèlman ou ranpli a pa lapòs alèd de anvlòp prepeye ke w te resevwa avèk fòmilè renouvèlman w lan. Si w kapab, konsève yon kopi nan dosye w tou.
Si w te pèdi anvlòp prepeye a, ou kapab voye l pa lapòs nan:
Depatman Sèvis Sosyal nan Konte Nassau
60 Charles Lindbergh Blvd.
Uniondale, NY 11553-3656
Renouvle l an pèsòn:
Vini avèk pakè ou ranpli a ansanm ak dokiman sipò w yo nan:
Depatman Sèvis Sosyal nan Konte Nassau
60 Charles Lindbergh Blvd.
Uniondale, NY 11553-3656
Asire w ke w mande yon kopi pakè w la ki tenbre lè w fini. Konsa a, w ap gen prèv ke w te soumèt li.
Pou jwenn plis enfòmasyon, ou kapab ale sou sitwèb Medicaid Konte Nassau a.
-
Renouvle l pa lapòs:
Voye pakè renouvèlman ou ranpli a pa lapòs alèd de anvlòp prepeye ke w te resevwa avèk fòmilè renouvèlman w lan. Si w kapab, konsève yon kopi nan dosye w tou.
Si w te pèdi anvlòp prepeye a, ou kapab voye l pa lapòs nan:
DSS Konte Suffolk, Western Suffolk MA Undercare
200 Wireless Blvd.
PO Box 18100
Hauppauge, NY 11788
Renouvle l an pèsòn:
Annik vini avèk pakè ou ranpli a ansanm ak dokiman sipò w yo nan yon sant sèvis ki nan Konte Suffolk la. Asire w ke w mande yon kopi tenbre pakè w la lè w fini. Konsa a, w ap gen prèv ke w te soumèt li.
Jwenn yon sant sèvis toupre ou.
Renouvle sou entènèt:
Sèvi ak aplikasyon NYDocSubmit la pou aparèy mobil yo. Ou ka telechaje li nan App Store® oubyen Google Play.
Avèk NYDocSubmit, moun k ap viv nan yon distri sèvis sosyal k ap patisipe ka soumèt dokiman lè l sèvi avèk yon aparèy mobil. Sa a se pou aplikan ak moun k ap resevwa:
Asistans Tanporè (TA)
Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè (SNAP)
Pwogram Asistans pou Enèji nan Kay (HEAP)
Medicaid
Poukisa pou renouvle atan chak
ane?
Lè w renouvle l atan chak ane, sa pèmèt ou:
- Konsève kouvèti swen sante a pou ou menm ak fanmi w
- Lespri w trankil, lè w konnen ou menm ak fanmi ou kouvri
- Rete an sante nan nivo w kapab, pou w kapab la pou fanmi ou
Ou pa sèten de dat renouvèlman w lan? Annik rele nou pou w konnen nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).
Ou bezwen yon fòmilè renouvèlman?
Si w te pèdi fòmilè renouvèlman w lan oswa pa t resevwa li pa lapòs, nou kapab ede w. Annik rele ekip resètifikasyon nou an nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Y ap ede w jwenn sa w bezwen an. Rezidan Vil New York yo kapab enprime fòmilè sa yo sou entènèt la tou. Annik ale sou sitwèb Access HRA a epi kreye yon kont pou w konekte w epi enprime fòmilè a.
Rezidan Long Islands yo kapab rele biwo Medicaid konte a pou yo mande kopi fòmilè a:
- Medicaid Konte Suffolk: 631-854-9700
- Medicaid Konte Nassau: 516-227-8000
Kenbe enfòmasyon w yo ajou
Apre w fin renouvle l, asire w ke tout enfòmasyon ou ban nou yo rete ajou. Sa pèmèt ou konsève kouvèti w gentan genyen an. Enfòmasyon w yo kapab gen ladan yo adrès ou, estati anplwa w ak lòt detay.
Ou bezwen mete enfòmasyon w yo ajou?
Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Avi legal
Tout mak komèsyal ak logo yo se pwopriyete entelektyèl pwopriyetè respektif yo..