MLTC se pou granmoun aje oswa lòt adilt ki bezwen swen regilye oswa èd ak lavi kotidyen yo. Se kapab yon andikap oswa yon pwoblèm sante dirab ki lakoz sa a.
Pou w kapab resevwa sèvis MLTC yo, ou dwe gen Medicaid epi:
- Pou w gen 21 lane oswa plis
- Ou bezwen yon nivo swen nan yon mezon swen enfimyè
- Pou w kapab viv lakay ou san pwoblèm sekirite
- Ou bezwen omwen youn nan sèvis ak sipò kominotè alontèm sa yo:
- Sèvis swen enfimyè adomisil
- Terapi adomisil
- Sèvis èd sante adomisil
- Sèvis swen pèsonèl adomisil
- Swen sante pandan lajounen pou adilt
- Swen prive
- Sèvis pou asistans pèsonèl
- W ap viv nan youn nan zòn sèvis Plan nou an:
- Manhattan
- Brooklyn
- Queens
- Bronx
- Konte Nassau
- Konte Suffolk
Ou ta renmen konnen èske w elijib?? Ou kapab kontakte Biwo Jesyon Swen Alontèm nan dirèkteman pou yo kapab ede w. Annik rele yo nan 1-866-712-7197.
Gade si w kalifye