Prepare w pou ijans yo
Pyès moun pa ka prevni yon dezas oswa yon ijans. Men w kapab prepare w pou yo. Jwenn enfòmasyon sou kòman pou elabore yon plan ki kapab ede pwoteje ou menm, fanmi w ak lakay ou.
Annik rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Elabore epi pratike yon plan pou dezas pou ou menm ak fanmi w. Sa kapab asire sekirite tout moun, fè yo byen enbi e rasanble yo. Enkli yon kit founiti pou ijans nan plan w lan, ansanm ak detay sou:
Gen kèk manm fanmi ki ka bezwen jwenn swen espesyal pandan yon ijans. Asire w ke w gen yon plan pou tout moun, ki gen ladan l:
Pandan pandemi COVID-19 la, w ap gen pou mete plan w lan ajou. Asire w ke w enkli etap pou asire sekirite fanmi w tou kont COVID-19. Annik verifye avèk Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (CDC) pou jwenn plis enfòmasyon.
Nan ka yon dezas, asire w ke w gen yon kit founiti pou ijans toupre pou lè w bezwen li. Prepare kit ou kote w ap ajoute ladan l manje, dlo, rad ak medikaman k ap dire omwen twa jou. Ou kapab ajoute tou nenpòt lòt atik toudepannde bezwen fanmi w yo.
Ou bezwen fè yon lis kontwòl? Konsilte lis founiti pou ijans sa (PDF) pou jwenn ide.
Plan pou dezas ou a dwe gen ladan l tou zannmi domestik ou yo. Meyè fason pou prepare l se anbale yon “sak vwayaj” pou zannimo domestik. Asire w ke li gen ladan l manje, medikaman, dokiman ansanm ak lòt atik zannimo domestik ou yo ka bezwen. Si w dwe kite lakay ou, pa kite zannimo domestik ou yo dèyè. Asire w ke w ale avèk yo.
Men kèk lòt etap ou kapab swiv pou w kapab asire sekirite zannimo domestik ou yo:
Mete zannimo domestik yo anndan.
Chèche yon otèl ki aksepte zannimo domestik sizanka w ta bezwen demenaje.
Asire w ke zannimo domestik ou yo pran tout vaksen yo. Abri pou zannimo domestik yo kapab egzije prèv vaksinasyon.
Gen foto resan zannimo domestik ou yo.
Mete yon kolye ki gen etikèt Idantifikasyon nan kou zannimo domestik ou yo.
Mete yon kòd oswa bwat pou pote zannimo domestik toupre.
Jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou pwoteje zannimo domestik ou yo
W ap gen pou chèche yon abri avan gen yon dezas. Si w dwe kite kay ou, asire w ke w konnen yon kote san danje pou w ale. Tank ou gen plis opsyon se tank li pi bon.
Ou ka jwenn abri lè w rete nan yon:
Kay yon manm fanmi oswa yon zanmi
Yon otèl
Lè w prepare lakay ou avan gen yon tanpèt oswa yon dezas, sa kapab ede w diminye sou riks pou gen domaj yo .
Swiv etap sa yo pou w kapab sekirize lakay ou:
Aprann kòman pou pwoteje tèt ou ak kay ou lè gen yon ouragan:
Konsilte lyen sa yo pou jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou fè preparasyon pou ijans.
Ou gen kesyon sou medikaman w yo? Ou kapab rele famasi ki nan lokal ou a pou jwenn plis enfòmasyon. Si yon dezans oswa ijans afekte zòn ou, ou ka petèt kapab resevwa yon renouvèlman pi bonè.
Nan ka yon ijans, ou ka pa kapab konsilte doktè w la an pèsòn. Gras ak videyo sekirize sou òdinatè w la, ou kapab rankontre avèk yon doktè. Telesante se chwa ideyal pou trete pwoblèm sante ki komen yo. Ou gen rim oswa grip? Bonjan rezon pou itilize telesante. Ou kapab jwenn èd tou pou alèji, pwoblèm sinis ak plis toujou.
Ou bezwen èd pou jwenn yon founisè oswa famasi pandan oswa apre yon ijans? Annik rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.