Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Aplike pou Jesyon Swen Alontèm nan

Si w gen Medicaid epi w kalifye pou yon plan Jesyon Swen Alontèm (MLTC), sa se moman an menm pou w aplike. Ou kapab kòmanse nenpòt lè, epi enskripsyon yo louvri pandan tout ane a.

Ou Gen Kesyon?

Ou kapab rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou 7. 

Fason pou aplike pou MLTC

Fason pou aplike pou MLTC

Si w gentan gen Medicaid, ou kapab aplike pou yon plan MLTC. Men ki etap w ap gen pou swiv nan pwosesis sa a:

 

  1. Annik rele Medicaid nan Eta New York la nan 1-888-401-6582. Fè yo konnen si w ta renmen aplike pou MLTC.
  2. Evalyatè Endepandan New York la (NYIA) pral egzamine enfòmasyon w yo ansanm ak bezwen medikal ou yo. Li pral asire l ke w kalifye pou MLTC. 
  3. Depi NYIA fin konfime ke w elijib, ou kapab chwazi Aetna Better Health® nan New York kòm plan MLTC w la.

Si w gen Medicare tou, sa nòmal. Lè w enskri nan yon plan MLTC, sa pap afekte avantaj Medicare ou yo.

 

Chwazi plan MLTC pa w la

Chwazi plan MLTC pa w la

Depi NYIA fin konfime ke w elijib pou MLTC, pwochen etap la se chwazi Aetna Better Health® nan New York kòm plan sante w la.

 

Fason pou chwazi plan pa w la

Pou w kapab chwazi plan nou an, annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). N ap mete w an kontak avèk yon espesyalis enskripsyon pou li kapab gide w pandan tout pwosesis la. L ap reponn kesyon w genyen yo epi l ap lanse pwosesis la pou ou.
 

Apresa, w ap gen pou pale avèk enfimyè k ap fè evalyasyon pou ou a. Li pral diskite sou bezwen w yo epi:
 

  • L ap gide w pandan tout pwosesis enskripsyon an

  • L ap revize manyèl pou manm nan avèk ou 

  • L ap revize anyè founisè a avèk ou

  • L ap diskite sou kòman pou yo fè aranjman pou plan swen w lan 

 

Kisa pou w espere apre w fin enskri

Kisa pou w espere apre w fin enskri

Yo kapab apwouve enskripsyon w lan nenpòt lè nan mwa a, men kouvèti w la pral kòmanse le 1ye nan pwochen mwa a. Depi yo fin apwouve w, w ap resevwa yon pakè byenveni ansanm ak yon kat Idantite manm pa lapòs. Apresa w kapab kòmanse itilize avantaj ou epi w kapab kòmanse travay avèk ekip jesyon swen w lan.   

 

Si gentan gen yon founisè k ap pran swen w lan lè w antre a, fè nou konn sa a. Nou pral travay avèk ou ansanm ak founisè w la pou n asire n ke w kontinye resevwa swen w bezwen yo.

 

Annatandan, gade ki etap ou kapab swiv lè w fèk vin manm. 

 

Kòmanse avèk plan w lan

Ou pa konn si w kalifye?

 

Ou kapab ale sou paj elijiblite nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
 

Gade si w kalifye

 

 

Enteresan tou: