Sèvis nou yo
-
Jwenn èd nan yon kriz
Kèlkeswa lè jounen an, ou pa poukont ou. Nou gen resous an plas pou ede w nan yon kriz.
Si w gen lide pou fè tèt ou oswa yon lòt moun mal, 988 rele oswa voye yon mesaj tèks pou jwenn 988 Suicide & Crisis Lifeline. Konseye ki resevwa fòmasyon ka ede w 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn. Ou kapab tou chat sou entènèt ak yon konseye atravè sèvis Lifeline Chat yo a.
-
Ou bezwen kontakte jesyonè swen w lan? Annik rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.
-
Si ou pa gen yon mwayen pou ale nan randevou ou a, n ap ede ou jwenn youn. Nou travay avèk Sèvis Repons Medikal (MAS) pou ba ou woulib medikal ki pa ijans. Vwayaj sa yo se pou sèvis swen sante, tankou vizit doktè, swen dantè ak swen sante mantal..
Kijan pou òganize yon trajè
Asire w ou mande pou yo ba w woulib omwen twa jou ouvrab anvan ou bezwen l. Pou pran yon randevou pou yon woulib, ou menm oswa founisè w la ka vizite sitwèb MAS la.. Ou kapab rele tou 1-844-666-6270.
Asire w ou gen enfòmasyon sa yo pare lè w ap rele:
Non ak siyati w
Dat nesans ou
Nimewo ID Medicaid Ou a
Adrès lakay ou, ki gen ladan kòd postal la, pou ranmasaj la
Nimewo telefòn ou
Non founisè ou a
Dat ak lè konsiltasyon pou swen sante w la
Si ou gen bezwen espesyal pou vwayaje (pa egzanp: aksè pou chèz woulant)
Prepare w pou trajè ou a
Sonje make kalandriye ou pou dat ak lè vizit ou a. Ou dwe pare 30 minit anvan chofè a dwe rive..
Kesyon sou sèvis transpò?
Si ou gen kesyon oswa ou bezwen èd ak sèvis transpò yo, rele Sant Kontak MAS la nan nimewo sa a. 1-866-932-7740. Ou kapab tou pataje fidbak ou lè w ranpli fòm fidbak MAS la..
-
Bezwen èd nan lang? Jis rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Ou ka jwenn:
- Sèvis entèprèt gratis pandan nenpòt sèvis oswa pwosesis plent , ki gen ladan Lang Siy Ameriken ak entèpretasyon oral an tan reyèl
- Sèvis entèprèt pou vizit medikal ou a (asire w ou rele 48 èdtan anvan vizit ou a)
- Enfòmasyon nan yon lòt fòma, tankou odyo, gwo karaktè ak bray
- Dokiman yo nan lòt lang si lang matènèl ou pa Anlgè
Anyè Resous Kominotè a
Resous itil ak atantif yo jis bò kwen an. Sèvi ak zouti Anyè Resous Kominotè (CRD) nan Portal Manm ou a, ou ka jwenn sipò ak sèvis toupre w. Soti nan sèvis manje ak lojman rive nan sipò byennèt ak sante mantal ak plis ankò.
Apa de rechèch resous, CRD a pèmèt ou tou:
Sove resous ou yo
Pataje fidbak epi sijere nouvo resous
Sijere modifikasyon pou resous ki deja egziste yo
Kijan pou rive nan CRD a
Konekte sou Pòtal Manm ou a, oubyen enskri si ou poko gen yon kont..
Sou kolòn "Resous" la, ale nan "Anyè Resous Kominotè a".
Resous lokal ak nasyonal yo
Men yon lis pwogram, sèvis ak liy dirèk ki ka itil ou.
-
-
Èske ou menm oswa yon moun ou renmen bezwen èd pou pwoblèm sante mantal oswa konpòtmantal? Men kèk resous w ap gen pou w konsilte:
Resous Eta yo
- NYC WELL
- Biwo Sante Mantal Eta New York la
- Meri nan NYC pou Moun ki gen Andikap yo (MOPD)
- Asosiyasyon Sante Mantal nan Eta New York (MHANYS)
Resous nasyonal
- Sitwèb Alcoholics Anonymous® la
- Sitwèb Narcotics Anonymous la
- National Council on Problem Gambling (NCPG)
- Rele Liy asistans National Alliance on Mental Illness la (NAMI) nan 1-800-950-6264. Ou kapab rele Lendi jiska Vandredi, 10 AM rive 6 PM ET. Oswa voye imèl Info@NAMI.org. Ou kapab ale tou sou sitwèb NAMI a pou jwenn repons pou kesyon yo poze souvan yo sou sante mantal.
- Jwenn plis enfòmasyon sou depresyon nan National Institute of Mental Health.
- Liy Asistans Nasyonal SAMSHA (pou jwenn enfòmasyon sou referans ak sèvis pou dwòg ak alkòl) 1-800-662-HELP (1-800-662-4357) (TTY: 1-800-487-4889)
- Sitwèb Substance Abuse and Mental Health Services Administration lan (SAMSHA)
- National Eating Disorders Association
- NYC WELL
-
Si w pè pou sekirite w, ou kapab aji. Moun ki viktim vyolans domestik ak agresyon seksyèl yo kapab jwenn pwoteksyon jiridik. Sa gen ladan l tou èd pou asèlman ak òdonans restriktif.
Si yon moun ap eseye fè w mal, mande èd lè w rele:
Biwo pou Prevansyon Vyolans Domestik: 1-800-942-6906 oswa voye mesaj tèks 1-844-997-2121
Liy Nasyonal pou Konbat Vyolans Domestik: 1-800-799-7233 (TTY: 1-800-787-3224)
Pou sekirite ou: Many of these sites have a “quick exit” option so you can quickly hide that browser window for safety reasons. Epitou, asire w ou efase istwa navigatè w la apre w fin vizite sit sa yo..
-
Kit ou fimen oswa konsome lòt fòm nikotin, nou kapab ede w kite l. Sa pa fasil, men avèk plan ak sipò ki apwopriye a, ou kapab rive atenn objektif ou.
Annik konsilte resous sa yo pou w kapab kòmanse:
-
Li kapab difisil pou chèche swen pou granmoun aje, epi w ka pa konn ki kote pou kòmanse. Jwenn enfòmasyon sou opsyon w yo, enfòmasyon sou depans yo ak sou fason pwosesis la fonksyone.
-
-
- American Diabetes Association lan (Asosiyasyon Ameriken pou Konbat Dyabèt) ap travay pou l prevni ak geri dyabèt. Gade kòman yo ede amelyore lavi moun dyabèt afekte yo.
- American Heart Association lan (Asosiyasyon Ameriken pou Konbat Maladi Kadyak) bay enfòmasyo sou kòman pou fè prevansyon kont maladi kè, ansanm ak fason pou kè w rete an sante.
- Arthritis Foundation lan bay enfòmasyon ak zouti pou ede moun yo viv pi byen pandan yo gen atrit.
-
Manm ki gen bezwen swen sante espesyal yo gen yon seri pwoblèm medikal k ap dire omwen yon lane. Si w gen bezwen swen sante espesyal, ou kapab jwenn èd.
Annik konsilte resous sa yo pou jwenn plis enfòmasyon:
Alyans Nasyonal sou Maladi Mantal (NAMI)
Asosyasyon Nasyonal pou Sendwòm Down
-
United Way mete aksan sou kreye yon seri solisyon kominotè ak solisyon kominote a dirije pou asire yon bon kalite lavi. Jwenn yon United Way toupre ou.
-
New York kapab gen inondasyon ki fèt britsoukou, ouragan, tanpèt pandan ivè ak lòt fenomèn meteyowolojik ki vyolan. Aprann kòman pou kreye yon plan pou fanmi w ak pwòch ou yo.
Avi legal
Alcoholics Anonymous se mak komèsyal Alcoholics Anonymous Worldwide Services, Inc.
Ou Gen Kesyon?
Annik rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.