Skip to main content

Ki sèvis ki
kouvri?

Nou founi yon plan Jesyon Swen Alontèm (MLTC). Plan Jesyon Swen Alontèm nan (MLTC) kouvri sèvis pou adilt (ki gen laj 21 lane pou pi piti) ki bezwen swen nivo mezon retrèt. Pou jwenn detay, ou kapab konsilte lis sèvis ki kouvri yo (PDF). Oubyen konsilte manyèl pou manm ou an.

 

Ou pare pou w enskri?

Chanjman Aetna Better Health® pote a

Ou merite resevwa swen w bezwen an, kèlkeswa difikilte w t ap apwofonte avèk sante w la. Ou kapab konte sou eksperyans nou ak pakèt avantaj nou yo pou bezwen sante alontèm ou yo. Ou pral benefisye tou pwòp ekip jesyon swen pa w. Y ap asire yo ke w resevwa atansyon pèsonèl ak sipò ou bezwen pou viv san tout sekirite lakay ou. 

Avantaj MLTC yo pèmèt ou resevwa sèvis swen sante yo nan anviwònman lakay ou. Toudepannde bezwen yo, sèvis sa yo kapab gen ladan yo: 
 

  • Swen enfimyè
  • Yon oksilyè sante adomisil 
  • Sèvis nitrisyonèl
  • Sèvis travay sosyal
  • Fizyo-terapi
  • Terapi okipasyonèl
  • Òtofoni

 

Pou w jwenn plis enfömasyon, rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7. 

Y ap deziyen yon ekip jesyon swen pou ou pou yo kapab asire ke w resevea swen ki apwopriye a. Ekip ou a pral gen ladan l yon jesyonè swen, yon travayè sosyal ak yon asosye jesyon swen. Y ap konnen pwoblèm sante w yo epi y ap ede w avèk bezwen kotidyen w yo.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou jesyon swen an

Avantaj ou yo ede w kontinye viv lakay ou, men w pa oblije pou kont ou. Pwogram gadri sosyal yo founi yon espas pou aktivite sosyal regilye yo avèk lòt adilt yo. Ou kapab resevwa tou swen sante, èd sou nitrisyon, ak plis toujou pandan w la. 

 

Pou jwenn plis enfòmasyon, annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). 

Ou gen kouvèti pou nenpòt DME ki nesesè pou trete pwoblèm sante w la (yo). Sa gen ladan l aparèy ak lòt atik tankou:

 

  • Pwotèz ak òtèz 
  • Founiti medikal tankou baton oswa aparèy pou ede moun mache
  • Soulye òtopedik
  • Batri pou aparèy oditif
  • Founiti chirijik

Ou gen kouvèti pou egzamen woutin nan je, konsiltasyon pou swen dantè ak plis toujou. Asire w ke w konsilte dantis ou a ansanm ak founisè pou swen vizyon w lan regilyèman. Konsa a, li kapab detekte nenpòt pwoblèm sante avan yo vin pi mal. 

 

Jwenn plis enfòmasyon sou avantaj pou swen vizyon ak dantè

Avantaj yo nan plan w lan

Avantaj yo nan plan w lan

Jwenn enfòmasyon sou tout avantaj yo nan plan w lan, soti nan swen vizyon ak dantè rive nan transpò ak sèvis sante adomisil. Ou kapab jwenn plis enfòmasypn tou sou tout sijè sa yo nan manyèl pou manm ou an.

 

Pwogram dispans oswa revni anplis

 

Èske w gen yon siplis Medicaid (ki rele tou yon dispans)? Si wi, ebyen ou konnen ke se paske revni mansyèl ou depase limit revni Medicaid la. Si w gen yon siplis/dispans, n ap voye yon lèt ba pou ba w plis detay. N ap fè w konnen ki kote pou voye peman w yo. 

 

Pou jwenn plis enfòmasyon, annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

 

Apwobasyon pou sèvis yo

 

Ou bezwen apwobasyon, oswa otorizasyon davans (PA) pou tout sèvis yo, avan w kapab resevwa yo. Nou baze desizyon nou yo sou si sèvis la:
 

  • Nesesè pou sante w
  • Gen chans ede w
  • Kouvri

 

Jwenn plis enfòmasyon sou otorizasyon davans lan

Nou la pou n asire ke w resevwa swen ki apwopriye pou ou a. Plan MLTC w la kouvri w pou kèk sèvis medikal ke Medicaid regilye w la pa kouvri. Toudepannde bezwen w yo, sa ka gen ladan l sèvis tankou:

 

  • Fizyo-terapi
  • Terapi okipasyonèl
  • Swen podyatrik (pye)
  • Reyadaptasyon pou pasyan ki pa entène
  • Terapi respiratwa (respirasyon)

 

Jwenn yon founisè

Swen vizyon ak dantè yo enpòtan pou sante jeneral ou ak byennèt ou. Se poutèt sa ou kouvri pou yon pakèt sèvis pou swen vizyon ak dantè. Pa bliye konsilte regilyèman avèk dantis ou a ansanm ak pwofesyonèl pou swen vizyon w lan. Annik asire w ke w prezante kat Idantite manm ou an pandan chak konsiltasyon.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou swen vizyon ak dantè 

Èske w bezwen èd pou jwenn swen? Ekip jesyon swen nou an la pou ou. Jesyonè swen yo se enfimyè ak travayè sosyal ki konprann pwoblèm sante w yo epi ki ede w jwenn swen ki apwopriye a. Yo kapab ede w aprann plis sou sante w, jwenn yon transpò pou ale nan randevou w yo ak plis toujou.   

Jwenn plis enfòmasyon sou jesyon swen an

 
Jesyon maladi kwonik

 

Gen kèk pwoblèm sante ki mande plis swen. Jesyonè swen nou yo kapab ede w tou jere pwoblèm sante kwonik ou tankou: 

 

  • Opresyon
  • Maladi bwonch ki kwonik (COPD) 
  • Ensifizans kadyak konjestif (CHF) 
  • Maladi nan atè kowonè (CAD) 
  • Dyabèt
  • Dezekilib elektwonik 
  • Tansyon wo 
  • VIH
  • Septisemi (yon enfeksyon mòtèl) 
  • Enfeksyon nan vwa irinè (UTI)

 

Jwenn plis enfòmasyon sou jesyon maladi kwonik

SCN a se yon sèvis gratis ou ka itilize ki ede w jwenn sipò pou bagay, tankou lojman, vwayaj, swen sante ak plis ankò. Pou sa rive fèt, SCN fè patenarya ak òganizasyon kominotè (CBO) ak lòt gwoup ki ofri oswa fè aranjman pou sèvis ak founisè swen sosyal ki gen rapò ak sante (HRSN)

 

Navigatè Swen Sosyal ou a 

 

Atravè SCN a, ou ka rankontre ak yon Navigatè Swen Sosyal ki pral:

 

  • Tcheke si w kalifye pou sèvis ki ka ede w ak sante w ak byennèt ou
  • Poze kesyon pou konprann ki kote ou ta ka bezwen sipò siplemantè

 

Sèvis ak òf

 

Si w kalifye pou sèvis yo, Kowòdonatè Swen Sosyal la ka travay avèk ou pou jwenn sipò ou bezwen an. Ou ka kalifye pou plis pase yon sèvis, selon sitiyasyon w. Sèvis sa yo ka enkli:

 

  • Sipò pou lojman ak sèvis piblik:
      
    • Enstale ekipman lakay ou tankou ranp, balistrad, ak ba pou fè kay ou aksesib epi an sekirite. Repare epi ranje fwit dlo pou anpeche mwazi grandi nan kay ou a.  
    • Bouche twou ak fant pou anpeche ensèk nuizib antre lakay ou.
    • Bay yon èkondisyone, aparèy chofaj, imidite, oswa dezimidifikatè pou ede amelyore vantilasyon lakay ou a.
    • Ede w jwenn epi aplike pou lojman ki an bonneta epi ki estab nan zòn nan.
  • Sèvis transpò:
     
    • Ede w ak vwayaj, ki gen ladan transpò piblik oswa prive, nan kote SCN apwouve (egzanp: entèvyou travay, kou paran, tribinal lojman pou anpeche degèpisman, ak biwo depatman vil oswa leta pou jwenn dokiman enpòtan).
  • Sèvis jesyon swen:
     
    • Jwenn èd pou jwenn yon travay oswa pwogram fòmasyon travay, aplike pou benefis piblik, jere finans ou, ak plis ankò.
    • Etabli kontak ak sèvis tankou gadri, konsèy, sipò pou kriz, pwogram sante adomisil ak plis ankò.
 

Pwogram espesyal yo

 

Pwogram sa yo kapab ede w viv an sante nan nivo w kapab. Nou gen yon seri pwogram ak sèvis espesyal pou ede w jwenn swen w bezwen an. Ak pou prevni pwoblèm sante alavni.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram espesyal yo

Lòt bezwen lengwistik ak fòma

 

Ou bezwen asistans lengwistik? Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7. Ou kapab jwenn:

 

  • Sèvis entèpretarya gratis ti cheri pandan nenpòt sèvis oswa pwosesis plent, tankou Langaj Siy Ameriken ak entèpretasyon oral nan tan reyèl
  • Sèvis entèpretarya pou konsiltasyon medikal ou an (asire w ke w rele 48 èdtan avan konsiltasyon w lan)
  • Enfòmasyon nan yon lòt fòma, tankou odyo, gwo karaktè ak bray
  • Dokiman yo nan lòt lang si lang matènèl ou pa Anglè

Enteresan tou: