Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Swen vizyon ak dantè

Ki meyè fason pou w pwoteje vizyon w ak sante bouch ou? Konsilte dantis ou a ak doktè je w la règilyèman. Nou founi avantaj pou swen dantè ak vizyon pou n kapab kontinye kouvri w.

Avantaj pou swen vizyon

Avantaj pou swen vizyon

Asire w ke w pwoteje vizyon w gras ak konsiltasyon regilye yo. Sa pèmèt doktè je w la gen plis chans pou l trete pwoblèm je w yo avan yo vin pi mal. Sèvis swen vizyon w kouvri gras ak EyeQuest. Kouvèti la gen ladan l:

 

  • Konsiltasyon pou verifye vizyon w ak sante je w chak 2 lane
  • Linèt yon fwa chak 2 lane

Konekte w oswa enskri sou pòtay wèb EyeQuest la pou w kapab jere avanta pou swen vizyon w yo.

Ou kapab jwenn yon pwofesyonèl pou swen je:

 

Avantaj pou swen dantè

Avantaj pou swen dantè

Sante bouch ou gen yon lyen pwòch ak sante jeneral ou. Kidonk asire w ke w konsilte dantis ou a omwen yon fwa pa ane. Sa kapab ede anpeche kèlkeswa pwoblèm nan vin pi grav.  

 

Yo jere swen dantè ak swen sante bouch ou atravè LIBERTY Dental Plan. Kouvèti la gen ladan l:

 

  • 1 egzamen ak netwayaj chak 6 mwa
  • Radyografi Dyagnostik
  • Plonbaj 

 

Epi, si li nesesè pou rezon medikal, kouvèti la gen ladan l tou:

 

  • operasyon nan bouch
  • Kanal radikilè
  • Kouwòn
  • Fo dan
  • Enplantasyon

 

Ou pral bezwen otorizasyon davans pou sèvis sa yo. Epi pou w kapab konsilte yon pwofesyonèl espesyal pou sante bouch, w ap bezwen jwenn yon referans nan men yon dantis regilye. 

Ou kapab jwenn yon dantis:  

 

Èd pou ijans swen dantè

Èd pou ijans swen dantè

Annik rele dantis ou a. Si w pa gen youn, ou kapab chèche yon dantis ki toupre w. 

 

Si se yon ijans swen dantè, ou kapab konsilte nenpòt dantis. Pou w kapab jwenn yon dantis, annik rele LIBERTY Dental Plan nan 1-855-225-1727 (TTY: 1-877-855-8039). Si se yon ijans medikal oswa lavi w an danje, rele 911 oswa ale nan sal dijans lan.

Tip ijans swen dantè yo

 

Men kèk egzanp: 
 

  • Gwo doulè oswa enfeksyon ki lakoz anflamasyon
  • Senyman ki pa ka kontwole
  • Twomatis nan bouch (pa egzanp: frakti nan machwè, zo vizaj ak/oswa mandibil ki dejwente)

Ou Gen Kesyon? 

Annik rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.  

Enteresan tou: