Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Plent ak kontestasyon

Nou vle pou w satisfè de swen w ap resevwa a. Ebyen sizanka w pa ta satisfè de plan sante w la oswa yon founisè, ou kapab soumèt yon plent. Epi si w pa satisfè de yon desizyon nou te pran, ou kapab soumèt yon kontestasyon. Pwosesis sa ede nou amelyore sèvis nou an.

 

Pou jwenn plis enfòmasyon, annik vizite paj dokiman ak fòmilè nou yo pou konsilte manyèl pou manm ou an.

Ede nou pi byen sèvi w

Ede nou pi byen sèvi w

Yon plent
 

Ou pa satisfè de kalite swen oswa sèvis ou te resevwa nan men:
 

  • Youn nan founisè w yo (pa egzanp, founisè ki bay sèvis swen vizyon oswa dantè yo)

  • Yon famasi oswa lopital

  • Plan sante w la

 

Men kèk bagay ou kapab soumèt yon plent pou yo:
 

  • Ou pa t satisfè de kalite swen oswa tretman ou te resevwa a.

  • Founisè w la oswa yon manm anplwaye plan an te gwosye anvè ou li pa t respekte dwa ou.

  • Ou te gen difikilte pou jwenn yon randevou avèk founisè w la nan yon delè ki rezonab.

  • Founisè w la oswa yon manm anplwaye plan an pa t prete atansyon ak bezwen kiltirèl ou yo oswa lòt bezwen espesyal ou ka genyen yo.

 

Èske w gen yon plent? Lè w soumèt yon plent oswa yon kontestasyon, sa pap afekte sèvis swen sante w yo oswa kouvèti avantaj ou yo. Annik fè nou konn sa imedyatman. Nou gen yon seri pwosedi espesyal an plas pou ede w. Epi n ap fè tout efò n kapab pou n reponn kesyon w yo ak pou n rezoud pwoblèm ou an. 

 

Yon kontestasyon
 

Sa vle di ou pa dakò ak yon desizyon nou te pran sou kouvèti w la pou sèvis founisè w la kwè ki nesesè pou rezon medikal yo. Ou pral resevwa yon lèt n ap voye ba ou si nou refize, sispann, retni oswa redui yon sèvis oswa tretman ankou ke w ap resevwa. Nou rele sa yon Avi sou Desizyon Defavorab sou Avantaj. 

 

Epi, si w vle, ou kapab soumèt yon kontestasyon. Ou ta renmen nou revize desizyon an pou asire w ke n te gen rezon sou kèk pwen tankou:
 

  • Lè yo pa apwouve yon sèvis founisè w la te mande
  • Lè yo sispann yon sèvis ke yo te apwouve oparavan
  • Lè yo pa peye pou yon sèvis founisè w la te mande
  • Lè yo pa ba w sèvis la atan

Soumèt li isit la

Mwen vle soumèt yon plent oswa yon kontestasyon

 

Ou gen posiblite pou soumèt yon plent oswa yon kontestasyon. Epi nou la pou n ede w tout pandan pwosesis la. Si w pa pale Anglè, nou kapab ba w yon entèprèt gratis ti cheri.

Kisa k ap fèt apre?

Kisa k ap fèt apre?

Plent
 

Pa gen delè pou soumèt yon plent. N ap voye yon lèt ba ou pou n fè w konnen nou te resevwa li. Nou pral eseye rezoud plent ou an touswit. Nou kapab rele w pou w ban nou plis enfòmasyon.
 

Kèk delè pou respekte lè w ap depoze yon plent  

 

  • Nan 45 jou: N ap revize plent ou an epi n ap fè w konnen desizyon nou.

  • Nan 48 èdtan (plent akselere oswa rapid): N ap voye yon lèt ba ou ki endike desizyon nou ak nenpòt mezi nou pral pran pou n rezoud plent ou an. Nou ka rele w tou pou n enfòme w de desizyon an.
     

Kontestasyon

Yon founisè ki gen menm espesyalite a oswa yon espesyalite similè ak founisè k ap ba w swen an pral revize kontestasyon w lan.

 

Kèk delè pou respekte lè w ap soumèt kontestasyon w lan

 

  • Nan 15 jou: N ap voye yon lèt ba ou pou n fè w konnen nou te resevwa kontestasyon w lan.

  • Nan 30 jou: N ap revize kontestasyon w lan epi n ap fè w konnen desizyon nou.

  • Nan 48 èdtan (kontestasyon akselere oswa desizyon rapid): N ap voye yon lèt ba ou ki endike desizyon nou ak nenpòt mezi nou pral pran pou n rezoud kontestasyon w lan. Nou ka rele w tou pou n enfòme w de desizyon an.

Plis èd avèk plent ak kontestasyon yo

Si w bezwen plis èd oswa w pa dakò ak desizyon nou sou kontestasyon an, men kèk opsyon.

Ou kapab fè yon lòt moun tou soumèt yon plent oswa yon kontestasyon pou ou. Yo kapab aji nan non ou tou nan kad yon odyans san patipri nan Eta a. Moun sa se reprezantan manm ou an. Li kapab se:

 

  • Founisè w la
  • Manm fanmi w 
  • Zanmi w
  • Responsab legal ou a
  • Avoka w la
  • Yon lòt moun
     

Ou dwe bay moun nan pèmisyon w alekri, sa k ap pèmèt li gen otorizasyon pou l aji nan non w. Pou ni plent ak kontestasyon yo, ou kapab ekri yon lèt.
 

Si w ap ekri yon lèt, fè nou konnen ke w vle yon lòt moun aji nan non w pou li soumèt yon plent oswa yon kontestasyon. Asire w ke w ajoute:
 

  • Non w

  • Nimewo kat manm ou an ki nan kat Idantite w la

  • Non moun ou vle pou reprezante w la

  • Ki objektif plent oswa kontestasyon w lan

 

Epi, siyen lèt la epi voye l bay:
 

Aetna Better Health nan New York 

Grievance & Appeals Department (Depatman Doleyans ak Kontestasyon)  

PO Box 81139

5801 Postal Service Road 

Cleveland, OH 44181 

 

Èske founisè w la ap soumèt li nan non w? Si wi, asire w ke yo itilize adrès, pa adrès founisè a.

 

Lè n resevwa lèt la, moun ou te chwazi a kapab aji nan non ou. Si yon lòt moun soumèt yon plent oswa yon kontestasyon nan non ou, ou pa kapab soumèt youn pou kont ou pou menm objè a. 

Èske w ap soumèt yon kontestasyon pou desizyon nou pran pou n refize, sispann, retni oswa redui yon sèvis oswa tretman an kou ke w te toujou ap resevwa? Si wi, sèvis sa yo pral kontinye otomatikman pandan kontestasyon w lan, toutotan:

 

  • Ou soumèt kontestasyon w lan nan dat oswa avan dènye jou premye peryòd ki otorize a, oswa nan lespas 10 jou apati lèt desizyon nou an, kèlkeswa sa ki fèt pita a
  • Kontestasyon an pèmèt yo sispann, retni oswa redui yon tretman yo te apwouve oparavan
  • Otorizasyon an poko ekspire

Sèvis ou yo pral kontinye jiskaske youn nan bagay sa yo rive:

 

  • Ou anile kontestasyon an.
  • Yo te rive respekte premye peryòd otorizasyon pou sèvis ou yo.
  • Sa gen 10 jou depi n te voye desizyon nou pran sou kontestasyon an ba ou pa lapòs.

 

Desizyon sou kontestasyon an

 

  • Si desizyon ki pran sou kontestasyon an pa an favè w: Ou ka gen pou peye sèvis yo konteste ke w te kontinye resewa yo pandan kontestasyon w lan.
  • Si desizyon ki pran kontestasyon an favè w: Nou pral founi sèvis yo konteste yo imedyatman si w pa t kontinye resevwa sèvis sa yo pandan kontestasyon an. Epi n ap peye sèvis sa yo si w te kontinye resevwa yo pandan kontestasyon an.

Ou kapab akselere kontestasyon w lan si lè w ret tann pou jiska 30 jou sivil la, sa prezante danje pou sante w. Sa yon desizyon akselere oswa rapid. Annik rele nou — swa ou menm oswa founisè w la kapab rele. N ap rele w pou n enfòme w desizyon an nan lespas 72 èdtan. Nou kapab pwolonje peryòd revizyon an pou jiska 14 jou si w mande yon pwolonjman oswa si nou bezwen plis enfòmasyon epi reta a nan enterè ou.

 

Ou kapab mande tou pou yo pran yon desizyon rapid nan sitiyasyon ki enplike:
 

  • Swen ijan oswa swen ijans

  • Yon nouvo sejou lopital oswa yon sejou lopital ki pwolonje

  • Disponiblite swen

  • Sèvis swen sante ke w te resevwa sèvis ijans pou yo a men yo pot ko egzeyate w nan yon lopital oswa nan yon lòt etablisman

 

Si nou pa kapab apwouve yon kontestasyon akselere, n ap rele w pou n fè w konnen. Epitou, n ap voye yon lèt ba ou. Epi, n ap trete kontestasyon w lan nòmalman, nan delè abityèl la (30 jou). 

Si desizyon nou pran sou kontestasyon entèn ou an pa an favè w, ou kapab mande fè yon lòt kontestasyon. Sa se yon kontestasyon ekstèn avèk yon seri verifikatè ki pap travay pou nou oswa pou Medicaid Eta New York la. Gwoup sa pa konekte avèk plan nou an. Epi w pa bezwen peye pou yon kontestasyon ekstèn.

  

Kòman pou mande fè yon kontestasyon ekstèn
 

N ap voye yon lèt ba ou pou n eksplike rezilta kontestasyon entèn ou an. Lèt la pral gen ladan l yon aplikasyon pou kontestasyon ekstèn. Annik ranpli tout fòm sa nèt pou mande yo fè yon revizyon ekstèn. Nan fòmilè a, ou pral jwenn enfòmasyon sou kòman ak/oswa ki kote pou soumèt fòmilè a.

  

Èske w pa t jwenn aplikasyon an nan lèt la? Si wi, kontakte nou pou jwenn yon lòt kopi. Rele 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Men kèk delè pou retni:
 

  • Nan 4 mwa apati dat ki sou lèt sou desizyon ki pran sou kontestasyon entèn ou an: Ou menm oswa reprezantan w lan gen ase tan pou n soumèt yon kontestasyon ekstèn. Verifikatè ekstèn yo pral revize demann ou an. Epi, y ap voye yon lèt ba ou. Ladan l, w ap jwenn eksplikasyon sou si yo te aksepte dosye w la pou revizyon.

  • Nan lespas 30 jou sivil: Si verifikatè ekstèn nan aksepte dosye w la, l ap pran yon desizyon pi vit ke posib, men li pap pran plis tan pase delè sa apre li fin resevwa demann ou an.

  • Nan lespas 72 èdtan: Verifikatè ekstèn nan pral pran yon desizyon nan delè sa si w te mande pou yo pran yon desizyon rapid. Ou kapab fè sa si delè abityèl (30 jou) pou yo fè yon revizyon ekstèn nan pral prezante danje pou sante w.

Ou kapab mande yon odyans san patipri nan Eta a nan Biwo Eta New York pou Asistans Tanporè ak pou Andikap (OTDA) si w pa dakò ak desizyon nou pran sou kontestasyon an. Selon règleman Eta a, ou dwe ret tann kontestasyon entèn ou an fini avan. 

 

Ou dwe mande tou pou yo fè yon odyans san patipri nan Eta a alekri nan lespas 120 jou apati dat lèt sou desizyon sou kontestasyon an nan kontestasyon entèn ou an. 

 

Ou gen yon pakèt opsyon pou mande pou yo fè yon odyans san patipri nan Eta a. Annik kontakte OTDA a:

 

Sou entènèt la

 

Ranpli fòmilè demann anliy lan

 

La lapòs

 

Ou kapab voye fomilè demann an papye a (PDF) pa lapòs. Enprime fòmilè a, ranpli li epi voye l pa lapòs bay:

 

Biwo pou Asistans Tanporè ak pou Andikap nan NYS Biwo Odyans Administratif

Inite Odyans Swen Jere a

PO Box 22023

Albany, New York 12201-2023

 

Pa faks

 

Ou kapab voye tou fòmilè demann an papye a (PDF) pa faks. Enprime fòmilè a, ranpli li epi voye l pa faks nan 518-473-6735.

 

Pa telefòn

 

Ou kapab rele nimewo ki apwopriye pou sitiyasyon w lan:
 

 

An pèsòn

 

Ou kapab mande pou yo fè yon odyans san patipri nan Eta an pèsòn nan youn nan lokal sa yo:

 

Vil New York

14 Boerum Place, 1st Floor, Brooklyn, New York 11201

 

Albany

40 North Pearl Street, 15th Floor, Albany, New York 12243

 

Ale sou sitwèb Biwo pou Asistans Tanporè ak Asistans pou Andikap la pou jwenn plis enfòmasyon.

Èske w fe fè kontestasyon w lan poutèt yon desizyon ki te pran pou refize, sispann, retni oswa redui yon sèvis oswa tretman an kou? Si se sa a, epi w fè demann pou yo fè yon odyans san patipri nan Eta a, ou gen dwa pou mande pou yo kontinye sèvis ou yo tout pandan kontestasyon w lan ann atant lan. Si w ap fè yon demann pou yo fè yon odyans san patipri nan Eta a, pa faks, oswa pa lapòs, kwoche kazye ki nan fòmilè demann lan pou endike ou vle kontinye sèvis yo. 

 

Ou dwe mande pou yo kontinye sèvis alekri nan lespas 10 jou apati dat lèt desizyon sou kontestasyon nou an. Sèvis ou yo pral kontinye pou jiskaske youn nan bagay sa yo pase:
 

  • Ou anile kontestasyon an.

  • Premye peryòd otorizasyon pou sèvis ou yo te fini.

  • Responsab Odyans San Patipri nan Eta a refize demann ou an.

 

Si w rate delè 10 jou a, n ap redui, retni oswa sispann sèvis ou yo disi dat anvigè a.

 

Desizyon sou odyans san patipri nan Eta a
 

  • Si desizyon sou odyans san patipri nan Eta a pa an favè w (si li dakò avèk desizyon nou an): Ou ka gen pou peye sèvis yo konteste yo si w te kontinye resevwa yo pandan odyans ou an te ann atant lan.

  • Si desizyon sou odyans san patipri nan Eta a an favè w (si li retounen sou desizyon nou an): N ap asire n ke w resevwa sèvis yo konteste yo imedyatman — dèke eta sante w mande sa a. Si w te kontinye resevwa sèvis yo konteste yo pandan odyans ou an te ann atant lan, n ap peye sèvis ki kouvri yo.

 

Lang ou, fòma pa w


Ou dwe konprann tout dwa w genyen ki pou wè ak plent ak kontestasyon yo. Èske w bezwen enfòmasyon yo nan yon lòt lang? Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou disponib pou ou 24 sou 24, 7 jou sou 7. N ap pataje enfòmasyon sa yo nan lang matènèl ou. Ou kapab resevwa enfòmasyon yo tou nan lòt fòma, tankou gwo karaktè oswa ekriti bray.

Enteresan tou: