Ou Gen Kesyon?
Ou kapab rele Sèvis pou Manm yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 sou 24, 7 jou 7.
Fason pou aplike pou MLTC
Si w gentan gen Medicaid, ou kapab aplike pou yon plan MLTC. Men ki etap w ap gen pou swiv nan pwosesis sa a:
- Annik rele Medicaid nan Eta New York la nan 1-888-401-6582. Fè yo konnen si w ta renmen aplike pou MLTC.
- Evalyatè Endepandan New York la (NYIA) pral egzamine enfòmasyon w yo ansanm ak bezwen medikal ou yo. Li pral asire l ke w kalifye pou MLTC.
- Depi NYIA fin konfime ke w elijib, ou kapab chwazi Aetna Better Health® nan New York kòm plan MLTC w la.
Si w gen Medicare tou, sa nòmal. Lè w enskri nan yon plan MLTC, sa pap afekte avantaj Medicare ou yo.
Chwazi plan MLTC pa w la
Depi NYIA fin konfime ke w elijib pou MLTC, pwochen etap la se chwazi Aetna Better Health® nan New York kòm plan sante w la.
Fason pou w chwazi plan w lan
Pou chwazi plan nou an, jis rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou pral konekte w ak yon espesyalis enskripsyon pou ede w fè fas ak pwosesis la. Yo pral reponn kesyon w yo epi yo pral kòmanse pwosesis la pou ou.
Apresa, w ap gen pou pale avèk enfimyè k ap fè evalyasyon pou ou a. Li pral diskite sou bezwen w yo epi:
L ap gide w pandan tout pwosesis enskripsyon an
L ap revize manyèl pou manm nan avèk ou
L ap revize anyè founisè a avèk ou
L ap diskite sou kòman pou yo fè aranjman pou plan swen w lan
Kisa pou w espere apre w fin enskri
Yo kapab apwouve enskripsyon w lan nenpòt lè nan mwa a, men kouvèti w la pral kòmanse le 1ye nan pwochen mwa a. Depi yo fin apwouve w, w ap resevwa yon pakè byenveni ansanm ak yon kat Idantite manm pa lapòs. Apresa w kapab kòmanse itilize avantaj ou epi w kapab kòmanse travay avèk ekip jesyon swen w lan.
Si gentan gen yon founisè k ap pran swen w lan lè w antre a, fè nou konn sa a. Nou pral travay avèk ou ansanm ak founisè w la pou n asire n ke w kontinye resevwa swen w bezwen yo.
Annatandan, gade ki etap ou kapab swiv lè w fèk vin manm.
Ou pa konn si w kalifye?