Jwenn sa w bezwen
Rete ansante tank ou kapab. Yon pakèt benefis ak sèvis ka ede. Ou ka jwenn swen sante adomisil, èd ak bezwen chak jou, sipò nan men espesyalis dwa yo, ak plis ankò. Nou pral ede w konprann pwoteksyon w yo. Epi asire w ke ou jwenn pi plis nan benefis w yo.
Kenbe kouvèti asirans ou Pa pèdi benefis ou yo
Renouvle l chak ane
W ap bezwen renouvle kouvèti Medicaid ou a chak ane pou w kapab konsève avantaj MLTC ou yo. Jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou konsève kouvèti w la.
Aktyalize enfòmasyon kontak
Pou w kapab konsève avantaj ou yo, asire w ke w mete adrès ou ajou lè w demenaje. Annik vizite sit Medicaid Eta New York la. Oubyen kontakte Medicaid Eta New York la pou w kapab mete detay kontak ou yo ajou. Ou kapab kontakte yo nan 1-855-355-5777 (TTY: 1-800-662-1220).
Jwenn èd
Gen kesyon? Kontakte nou. Oswa rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
Enfòmasyon ki enpòtan
Resous ak sèvis yo
Jwenn sipò w bezwen an. Aprann sou resous ak sèvis ou ka itilize.
Bibliyotèk sante ak byennèt
Isit la, w ap jwenn konsèy sou sante ak byennèt, ak sou kòman tire meyè pwofi de plan w lan.
Rete konekte
Aprann sou evènman k ap vini nan zòn ou an epi gade dènye nouvèl nou yo.
Enfòmasyon sou nou
Aetna Better Health nan New York fè pati fanmi Aetna® and the CVS Health® la, youn nan prensipal òganizasyon swen sante nan peyi a. Nou gen plis pase 30 lane depi n ap desèvi moun k ap itilize sèvis Medicaid yo — soti nan timoun, adilt ak granmoun aje rive nan moun ki gen andikap oswa lòt pwoblèm grav yo.
Eksperyans nasyonal nou ede reyalize anpil travay nan kominote w la, kote w ap viv, travay ak jwe a. Epi nou fyè dèske n se vwazen w, k ap travay ansanm avèk ou pou n fè New York tounen yon gran eta. Ou kapab resevwa swen w bezwen an pou w kapab rete an sante nan nivo sa posib la. Epi w kapab tout sa toupre lakay ou.
Ou vle aprann plis sou nou? Al gade sou sit entènèt jeneral Aetna Better Health.