Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Ekite nan domèn lasante

Tout moun dwe gen yon opòtinite ekitab epi ki jis pou yo kapab an sante nan nivo sa posib la. Kèk obstak ki prezante pou objektif sa se povrete ak diskriminasyon, ansanm ak konsekans yo, tankou mank aksè ak bonjan anplwa ki gen yon salè desan, bonjan kalite edikasyon ak lojman, anviwònman ki san danje ansanm ak swen sante.1,2 Ekite ak jistis nan domèn lasante se objektif ki gide desizyon nou ak tout sa n ap fè.

Ekite ak jistis nan domèn lasante pou tout moun

Disparite nan domèn lasante, SDOH, ACES ansanm ak rasis sistematik ak prejije afekte rezilta sante yo. Pratik ki baze sou prèv yo ki vize amelyore ekite nan domèn lasante tanjou swen ki adapte ak twomatis, alfabetizasyon sou sante, fòmasyon ansanm ak founisè ki gen konpetans kiltirèl.

Ekite ak jistis nan domèn lasante pou tout moun

Pou w kapab jwenn bon rezilta sante, li enpòtan pou konnen lyen ki genyen ant tout bagay sa yo:

 

  • Detèminan sosyal sante (SDOH)
  • Konpetans kiltirèl
  • Eksperyans negatif pandan peryòd anfans (ACE yo)
  • Rasis enstitisyonalize
  • Disparite nan domèn lasante

  • Redui inegalite rasyal/etnik nan kalite swen sante moun yo ap resevwa yo
  • Amelyore aksè nan swen sante ak sèvis prevantif nan domèn lasante yo atan
  • Simonte obstak yo nan sistèm sante a ki kapab limite kapasite w pou w resevwa swen oswa avantaj ou dezire yo nan sèvis yo
  • Elimine prejije entè-pèsonèl ak enstitisyonèl ki ka anpeche kèk moun resevwa swen ak sèvis ki efikas
  • Ogmante divèsite nan mendèv la nan rezo òganizasyon ak founisè nou yo

Politik ak pratik yo:
 

  • Asire yon aksè ekite ansanm ak divès pratik non-diskriminatwa
  • Idantifye epi konprann bezwen moun yo ak fanmi yo
  • Travay avèk sipò ak rezo ki natirèl epi ki enfòmèl nan divès kominote ki divèsifye sou plan kiltirèl
  • Konfòme w avèk nòm nasyonal ak nòm eta yo

Oryantasyon estratejik lan se:

 

  • Evalye sante popilasyon pou detèmine bezwen kominotè yo
  • Reponn ak bezwen nou sible yo pou ede detèmine entèvansyon 
  • Itilize meyè solisyon pratik pou entèvansyon yo pwouve ki baze sou itilizasyon yo pou popilasyon sib la
  • Evalye ak mezire efikasite pratik la
  • Founi bonjan kalite swen ki abòdab ki reponna ak bezwen SDOH yo epi ki abòdab

Fòmasyon an mete aksan sou:

 

  • Valè pèsonèl ak òganizasyonèl ki gen enpak sou swen sante y ap founi an
  • Kominikasyon ak anpati pou kreye lyen
  • Konesans ak konpetans ki entegre pou amelyore rezilta sante yo ak pou prevni rasis ak diskriminasyon enstitisyonalize

Fason manm yo enteryorize ekite nan domèn lasante a:

 

  • Refleksyon pèsonèl
  • Valè
  • Konsyans
  • Konesans
  • Entegrasyon

Kòman founisè yo ansanm ak òganizasyon yo mete ekite nan domèn lasante an pratik:

 

  • Direktiv federal, tankou nòm nasyonal pou sèvis ki apwopriye ni sou plan kiltirèl ni sou plan lengwistik yo (CLAS) nan domèn lasante ak swen sante
  • Pwopozisyon ak kontra lavant
  • Politik ak pwosedi yo
  • Mendèv
  • Anviwònman

Angajman pou ekite nan domèn lasante

Nou pran angajman pou n asire ekite nan domèn lasante ak pou n founi swen ki adapte sou plan kiltirèl pou manm nou yo nan kad travay nou pou angajman kominote a. Nou te rive fè divès chanjman òganizasyonèl nan fòmasyon pou anplwaye ak founisè yo. Epi envestisman nou kontra ak kominote nou an reflete aksan nou mete sou SODH la.

Pakou ekite a kòmanse lè n konnen tèt nou, kominote nou yo ansanm ak manm n ap desèvi yo. Objektif nou se kreye lyen, koute, aprann epi amelyore eta sante. Pou n kapab atenn objektif sa a, nou:

 

  • Evalye popilasyon an
  • Analize enfòmasyon yo
  • Asire ke done yo oryante entèvansyon ak desizyon k ap pran yo nan tout nivo

Nou vle dimine sou lakin nan domèn lasante yo epi pou n asire ekite ak jistis nan domèn swen sante pou tout manm, san nou pa fè diskriminiasyon sou baz ras, etnisite, idantite seksyèl ak estati ekonomik. Kidonk, nou rete angaje pou n kontinye:

 

  • Ranfòse sansiblite kiltirèl
  • Ankouraje alfabetizssyon nan domèn lasante
  • Aplikasyon pwogram pou meyè pratik yo

Apwòch milti-modal nou an abòde koz pwofon ekite nan domèn lasante yo atravè:

 

  • Sèvis yo ajoute yo
  • Jesyon swen tradisyonèl (CM)
  • Pwogram jesyon maladi
  • Pwogram kominotè sible

 

Pwogram nou yo te rive ede manm yo konble lakin, sa ki pèmèt gen amelyorasyon ki fèt nan r sante konpòtmantal ak rezilta gwosès yo, ansanm ak nan jesyon maladi kwonik tankou dyabèt ak ipètansyon.

Tout moun bezwen jwenn enfòmasyon sou sante sa k ap gide desizyon yo sou bezwen swen sante pèsonalize yo. Sèvis yo, swen ak enfòmasyon yo dwe fasil pou moun konprann nan objektif pou amelyore sante, dire vi ansanm ak kalite lavi. Fòmasyon sou sante ansanm ak alfabetizasyon sou sante pou manm yo esansyèl pou n kapab rive atenn objektif sa yo.

 

Nan objektif pou n ankouraje ak ogmante alfabetizasyon sou sante, nou kontinye ap travay pou n kapab konprann bezwen manm yo ansanm ak bezwen manm potansyèl yo. Nou rankontre avèk yo emosyonèlman, kiltirèlman ak fizikman (nan kominote yo a). 

 

Modèl pou pwomosyon sante ak fòmasyon sou sante nou an konsantre sou:

 

  • Konprann bezwen inik popilasyon an
  • Familyarize n avèk entèvansyon sou meyè pratik yo pou popilasyon an
  • Founi plizyè mwayen pou transmèt mesaj sa yo ansanm ak idantivite ki idantifye yo

 

Pandan n ap konsantre sou pwoblèm ki lye alfabetizasyon sou sante ak ekite nan domèn lasante yo, nou te rive amelyore swen sante manm nou yo. Nou itilize ekite nan domèn lasante a kòm yon objektif epi nou devlope efò nou nan domèn edikasyon sou santr yo alèd de direktiv sou meyè pratik sa yo;

 

  • Pale avèk mwen: Nou mete tèt nou nan plas piblik nou sible a epi nou aprann konnen popilasyon an epi nou pote ide yo nan efò pou kominikasyon yo.
  • Nivo lekti: Nou evite itilize gwo mo, nou konsantre sou gran ide yo epi nou egzamine mwayen kominikasyon an ansanm ak mesaj nou transmèt la.
  • Imajine sa a: N ap mande si popilasyon sou sible a kapab wè tèt yo nan imaj nou itilize yo, fè yon konsiltasyon sou divèsite epi aliyen foto yo avèk piblik nou vize a.
  • Sa k ap fèt annapre: Nou founi yon apèl aksyon ki founi opsyon entèvansyon ki senp oswa pi difisil, pandan n ap rekonèt ke se pa tout moun ki prè pou yo angaje yo nan entèvansyon sanitè.
  • Kiyès moun ki benefisye: Nou chèche enkli mesaj nou jwenn nan men kòlèg yo ansanm ak premye adèp yo pou ede n transmèt mesaj ki enteresan, benefik epi ki efikas.

 

Kontwole efò yo

 

Efò nou yo gen ladan yo kontribisyon Konsèy Konsiltati Manm nou an an kowòdonasyon avèk Reprezantan Ekite nan Domèn Lasante nan chak eta a. Tout reprezantan yo se manm Ekip Nasyonal pou Ekite ak Angajman nan Domèn Lasante a (National Health Equity and Engagement, HEET).

Angajman ki baze sou manm yo

Angajman ki baze sou manm yo

Reyisit angajman manm yo depannde:

 

  • Travay nan bonjan kolaborasyon avèk manm yo
  • Founi kòmantè ak sipò pou manm yo
  • Kenbe manm yo motive pou amelyore sante yo

Tout sa bezwen plizyè pwen kontak ki depase randevou an pèsòn yo. 

 

Gras ak platfòm angajman ak aplikasyon sante mobil yo, anplwaye ansanm ak founisè nou yo kontinye kominike avèk manm yo defason vityèl ant randevou nan objektif pou founi yon swen ki konplè epi ki jeneral.

Yon angajman ki reyisi vle di ke w prè pou reponn ak bezwen manm lan antanke yon moun ann antye, tankou:

 

  • Aliman nitritif
  • Anplwa
  • Lojman 
  • Edikasyon 
  • Transpò
  • Sekirite entè-pèsonèl

 

Yo souvan rele bezwen sa yo detèminan sosyal sante (SDOH). Objektif nou se pèmèt manm yo resevwa swen pèsonalize nan kominote yo a. Nou kapab rive fè sa lè nou eksplwate atou CVS Health® ak Aetna® yo ansanm ak patenarya nou avèk òganizasyon kominotè de konfyans yo. Envestisman nou nan platfòm dijital yo pèmèt nou pi byen idantifye, konekte ak kontwole bezwen manm yo epi sa pèmèt nou konekte yo ak resous yo nan kominote a.

Sèvis pou fòmasyon kliyan ak manm nou yo gen ladan yo divès zouti pou pèmèt yo konprann avantaj ak sèvis yo. Sèvis sa yo pèmèt nou amelyore nan domèn swen sante ak endepandans.

 

Nou founi materyèl ansanm ak sipò nan fòma ki pi byen adapte yo pou popilasyon ak manm n ap desèvi an pèsòn yo, nan telefòn ak/oswa defason vityèl. Nan objektif pou n amelyore kalite sèvis swen sante manm nou yo, nou aliyen tout pratik nou yo avèk:

 

  • Nòm ki Apwopriye sou Plan Kiltirèl ak Lengwistik yo (NCLAS)
  • National Committee for Quality Assurance (NCQA)
  • Règleman Lwa sou Ameriken Andikape yo (ADA)

Amelyorasyon sante a kòmanse lè n asire ke yon moun gen enfòmasyon debaz sou sèvis swen sante ki disponib yo, sou sa yo vle di ak fason pou yo kapab benefisye yo. Meyè apwòch la se poze kesyon pandan premye kontak nou an epi pou n founi divès kalite opsyon pou n kapab founi yo enfòmasyon yo bezwen yo. Nou rive fè gras ak yon ansanm metòd, tankou: 

 

  • Seyans ekout ak gwoup diskisyon
  • Aktivite fwa nan lari
  • Rezo sosyal
  • Apèl pou akeyi nouvo manm yo
  • Videyo sou YouTube
  • Aplikasyon vityèl yo

Manm yo gen aksè ak tout materyèl ki ekri yo nan lang ofisyèl kominote n ap desèvi yo. Yo gen aksè tou ak sèvis entèpretarya pou tout kominikasyon vèbal. 

 

Pou manm ki prefere kominike nan yon lòt lang ki pa Anglè yo, sitwèb nou an tradui nan sis lang diferan. Chak vèsyo sit la:
 

  • Founi zouti ak sèvis nan lang sa a, Anglè oswa toude pou ede manm pran desizyon ki ekleire epi pou asire sante fizik yo menm ansanm ak fanmi ni kondisyon finansyè

  • Ladan l, w ap jwenn yon glosè sou tèm medikal ak asirans sante ki komen yo ki ekri nan langaj kotidyen pou ede n asire ke manm yo konprann pwogram jesyon maladi yo, ansanm ak tout materyèl ak deskripsyon ki lye plan an

  • Founi kesyon manm yo kapab poze pwofesyonèl swen sante yo a pou ede amelyore konsiltasyon pou swen sante yo epi pou rann yo pi pwodiktif 

  • Anplwaye moun ki pale lang sa antanke reprezantan manm yo ki kapab pale dirèkteman avèk manm ki prefere jwenn sipò nan lang sa a

Manm ki gen andikap yo gen aksè ak asistans oksilyè ansanm ak lòt mwayen kominikasyon yo. Nan objektif pou n reponn ak bezwen moun ki soud oswa ki gen difikilte pou tande yo, nou fòme anplwaye nou yo pou:

 

  • Itilize yon telefòn tèks(TTY)/aparèy telekominikasyon pou moun ki soud yo (TDD)
  • Asire ke manm yo konprann kominikasyon ki lye ak enskripsyon nouvo manm yo oswa pwogram jesyon swen yo (CM)
  • Rekonèt lè yon manm bezwen sipò anplis pou li kapab plis angaje li nan swen sante li

 

Platfòm nou yo pèmèt nou yo fè referans an sikwi fèmen tankou manje ak lojman. Yo kapab filtre epi idantifye òganizasyon yo selon “popilasyon ki espesyalize nan desèvi moun ki soud oswa ki gen difikilte pou tande.” Sa pèmèt nou jwenn òganizasyon kominotè de konfyans pou ede n reponn ak bezwen manm yo.

 

Nou konfòme nou avèk Direktiv sou Aksesiblite pou Kontni sou Entènèt yo (WCAG) 2.0, ki defini fason pou rann kontni sou entènèt yo pi aksesib pou moun ki gen andikap yo.

Nan objektif pou n reponn ak bezwen moun ki avèg oswa ki gen twoub vizyon yo, nou fòme anplwaye nou yo pou yo kapab konprann dwa manm yo. Pa egzanp, nou asire ke manm yo resevwa materyèl tankou manyèl pou manm lan oswa plan tretman yo sou fòma gwo karaktè oswa sou fòma ekriti Bray si yo mande sa a. 

 

Pwiske materyèl yo pou kont yo pa kapab garanti ke manm yo kapab totalman angaje yo nan swen yo, li enpòtan anpil pou anplwaye nou ansanm ak founisè yo nann rezo a kapab rekonèt nesesite pou sipò anplis. Yo dwe jwenn resous ki apwopriye yo tou ki aksesib pou manm yo nan kominote a.  

Angajman ki baze sou founisè yo

Angajman ki baze sou founisè yo

Relasyon ant founisè a ak pasyan an se yon eleman esansyèl nan atenn swen kalite siperyè ansanm ak satisfaksyon pou manm nou yo. Nan objektif pou n byen abòde pwoblèm ekite nan domèn lasante yo, nou dwe ede devlope yon mendèv ki reflete moun l ap desèvi yo. Efò angajman founisè nou yo se: 

 

  • Asire ke founisè nou yo gen konpetans, konesans ansanm ak enfòmasyon pou yo kapab pi byen desèvi divèsite manm nou yo
  • Ogmante mendèv la pou enkli plis founisè ki reflete manm n ap desèvi yo

  • Rekrite, ankouraje epi sipòte yon rezo founisè ki divèsifye sou plan kiltirèl ak lengwistik ki reponn ak bezwen popilasyon an ki nan zòn sèvis la
  • Edike epi fòme founisè yo nan domèn lasante, kote y ap kapab konprann prejije enkonsyan, ACES, SDOH, disparite nan domèn lasante, rasis enstitisyonalize ansanm ak divès pratik ki apwopriye sou plan kiltirèl ak lengwistik
  • Asire ke founisè yo byen enfòme tout manm yo sou sèvis pou asistans lengwistik ki disponib yo epi pou sa fèt nan lang manm yo prefere a, aloral epi alekri
  • Kolekte epi pibliye enfòmasyon sou lang founisè ki gen kontra yo metrize yo, oswa sou lang yo bay sèvis tradiksyon pou yo a
  • Kolekte epi divilge done sou ras ak etnisite founisè a
  • Analize kapasite rezo founisè a genyen pou l reponn ak bezwen swen sante manm yo ak pou l elabore divès mwayen pou li konble lakin yo

Fòmasyon founisè yo

Fòmasyon founisè yo

Sijè fòmasyon yo pase de revizyon dosye medikal a konpetans lengwistik ak kiltirèl. Nou fasilite angajman ak edikasyon founisè yo avèk:

 

  • Kominikasyon kontini
  • Reyinyon founisè yo
  • Fòmasyon atravè konferans anliy

Tout anplwaye yo nan plan ansanm ak founisè yo nan rezo ap patisipe nan fòmasyon sa a. Li konsantre sou nesesite pou:

 

  • Konnen popilasyon w lan epi aprann estrateji meyè pratik yo pou reponn ak bezwen tout popilasyon w lan
  • Konprann prejije, korespondans kiltirèl ansanm ak prezans nan seleksyon founisè a
  • Prevni diskriminasyon ak rasis  

Fòmasyon sa pale sou egzijans ak pwosesis federal, eta a ak kontraktyèl yo pou satisfè ak depase Nòm Nasyonal yo pou Sèvis ki Apwopriye sou Plan Kiltirèl ak Lengwistik yo (CLAS) nan domèn Lasante ak Swen Sante. N ap chèche jwenn rekonesans antanke Komite Nasyonal pou Distenksyon Miltikiltirèl Asirans Kalite a nan òganizasyon Swen Sante a. Sa se yon deziyasyon ki afime adezyon n ak nòm CLAS yo. 

Fòmasyon sa a:

 

  • Founi fòmasyon debaz sou swen ki adapte ak twomatis lè w ap entegre tout anplwaye ak founisè yo 
  • Founi aksè ak divès fòmasyon ki baze sou teknoloji sou sitwèb plan sante nou an ak sou Pòtay Founisè a

Entwodiksyon ak swen ki adapte pou twomatis

Entwodiksyon ak swen ki adapte pou twomatis

Sous

 

  1. Braveman P, Arkin E, Orleans T, et al. Robert Wood Johnson Foundation. Kisa ekite nan domèn lasante a ye? Aksè 11 Me 2021.
  2. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC). Ekite nan domèn lasante. 11 Mas 2020. Aksè 11 Me 2021.

Enteresan tou: