Yon lòt gwoup oswa founisè bay enfòmasyon yo nan pwochen paj la. Si w pa swete kite sit nou an, chwazi “X” ki nan pati dwat ki nan kwen ki anwo a pou fèmen mesaj sa a. Oswa chwazi “Kontinye” pou ale ann avan.
Ou Gen Kesyon?
Annik rele sèvis Relasyon Founisè a nan1-855-456-9126 (TTY: 711), soti 9 AM rive 5 PM, Lendi jiska Vandredi.
Annik rele sèvis Relasyon Founisè a nan1-855-456-9126 (TTY: 711), soti 9 AM rive 5 PM, Lendi jiska Vandredi.
Kòmanse

Kòmanse
Lè w vin fè pati rezo nou an, nou pral fè yon premye oryantasyon pou ou. Apresa, ou pral kontinye swiv fòmasyon ak kou, ansanm ak konferans anliy, bilten enfòmasyon ak bilten founisè voye detanzantan, ansanm ak plis toujou.
Ou gen kesyon sou kòman pou vin fè pati rezo nou an? Annik ale sou paj fè pati rezo nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
Ou kapab konsilte tou gid referans rapid la oswa manyèl founisè w pou w kapab jwenn repons pou pakèt kesyon w yo. Oubyen w kapab rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).
Fòmasyon sou Availity®
Pòtay Founisè a se yon zouti anliy ki pèmèt kominike enfòmasyon sou swen sante w yo dirèkteman ak founisè yo. Pandan ane 2021 a, nou te Pòtay Wèb Medicaid (MWP) la pou n pran Availity kòm Pòtay Founisè nou an.
Ou dwe enskri sou Pòtay Founisè Availity a avan w kòmanse itilize pil fonksyon li yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou enskri sou Pòtay Founisè Availity a, annik ale nan paj Pòtay Founisè a.
Prezantasyon fòmasyon founisè a (PDF)
Ekite nan domèn lasante
Tout moun dwe gen yon opòtinite ekitab epi ki jis pou yo kapab an sante nan nivo sa posib la. Jwenn plis enfòmasyon sou ekite nan domèn lasante ansanm ak obstak ak solisyon ki lye ak objektif sa sou paj sou ekite nan domèn lasante nou an.
Swen ki baze sou twomatis
Swen ki adapte ak twomatis yo reponn ak enpak twomis la atravè rekonesans ak konpreyansyon. Nou pran oserye sekirite manm nou yo ansanm ak kapasite yo genyen pou yo fè pwòp chwa yo. Ou bezwen jwenn plis enfòmasyon? Annik gade videyo sa ki pale de swen ki adapte ak twomatis la. Oswa ale sou sitwèb Sant Ekselans pou Solisyon sou Sante ki Entegre yo (CoE).
Kominikasyon ant pwofesyonèl swen sante yo kapab ede nou amelyore rezilta yo pou pasyan yo. Ou pa konn kibò pou w kòmanse? Ou kapab konsilte Kesyon yo Souvan Poze yo pou w kapab konnen kòman pou diskite sou sijè ki sansib yo.