Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Reklamasyon

Ou kapab soumèt reklamasyon yo ban nou sou fòma elektwonik oswa pa lapòs. N ap travay pou n senplifye fason n ap trete reklamasyon yo. Epi amelyore delè peman an, pou w kapab ekonomize tan ak efò.  

 

Ou Gen Kesyon?

Ou kapab konsilte manyèl pou founisè w la (PDF). Oswa rele sèvis Rlaston Founisè yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou Lendi jiska Vandredi, soti 9 AM rive 5 PM.

Griy tarif ak kòd faktirasyon

 

Ou kapab jwenn kòd faktirasyon ou bezwen yo pou divès sèvis espesifik nan griy tarif yo.

 

Griy tarif

Pwofesyonèl ki bay swen adomisil ansanm ak pwofesyonèl swen gadri yo dwe soumèt tout reklamasyon yo sou UB 04. Si yon founisè k ap patisipe pa soumèt yo kòmsadwa, yo ka retade oswa refize reklamasyon yo.


W ap gen pou ranpli yon fòmilè reklamasyon.

Ou dwe soumèt reklamasyon yo nan lespas 120 jou apati dat ou te founi sèvis yo, sof si gen yon eksepsyon nan kontra a.
 

Sou entènèt la

Ou kapab soumèt reklamasyon oswa resoumèt yo atravè ConnectCenter. Sa se pòtay pou soumèt reklamasyon founisè yo atravè Change Healthcare (ki te rele Emdeon anvan). Pou w kapab enskri, ale sou pòtay ConnectCenter la epi swiv enstriksyon pou “Enskri Nouvo Kliyan an.”


Portal ConnectCenter

Gid itilizatè ConnectCenter (PDF)

Depi w fin soumèt reklamasyon yo, ou ka vizite Pòtay pou Founisè pou revize enfòmasyon peman reklamasyon yo.

Change Healthcare   
ChangeHealthcare.com  

1-866-371-9066

Pa lapòs

Ou kapab voye kopi di reklamasyon yo pa lapòs tou oswa w ka resoumèt yo nan:

Reklamasyon Aetna Better Health yo 

PO Box 982972 

El Paso, TX 79998-2972
 

Make reklamsyon ou resoumèt yo klèman avèk “resoumèt” pou w evite yo refize yo poutèt yo double. 

 

Ou kapab resoumèt yon reklamasyon atravè ConnectCenter oswa pa lapòs. Si w resoumèt li atravè pòtay ConnectCenter la, w ap gen pou make ke w te resoumèt li avèk yon "7” nan espas endikatè a.
 

Si w resoumèt li pa imèl, w ap gen pou ajoute dokiman sa yo ladan l:

  • Yon nòt tou kout ki dekri koreksyon w mande a 

  • Tout lòt dokiman ki obligatwa

Ni founisè ki nan rezo yo ni sa ki pa nan rezo yo gen dwa pou yo konteste rezilta yon desizyon. W ap gen pou soumèt kontestasyon w la alekri nan lespas 60 jou kalandriye apati lè repons re-egzamen an (dat EOB a). 

 

Ou pral resevwa yon lèt desizyon final ki endike desizyon an, jistifikasyon an ansanm ak dat desizyon an. Jeneralman, nou rezoud konfli ant founisè yo nan lespas 30 jou kalandriye. 

Si desizyon konfli a pa an favè ou, ou pa kapab mande manm lan pou l “peye balans lan” pou sèvis yo oswa peman nou te refize pou kouvèti a.


Ou ka konteste yon reklamasyon:

Pa lapòs

Ou kapab voye kontestasyon w lan nan:

Aetna Better Health of NY - Depatman Relasyon avèk Founisè yo 

Atansyon: Dispit avèk Founisè a 

101 Park Ave, 15th Floor

New York, NY 10178


Pa faks

Voye plent ou a1-855-264-3822 oswa 1-860-754-9121.

Si pou kèlkeswa rezon an ou pa satisfè de politik, pwosedi nou yo oswa nenpòt aspè nan fonksyon administratif nou yo, ou ka soumèt yon plent. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis plent nou an sou paj plent ak kontestasyon nou an..

Jwenn plis enfòmasyon sou plent yo

Sèvis Enstriksyin EFT/ERA (EERS)

EERS bay founisè nou yo yon mwayen ki pi senp pou yo kapab gen aksè ak sèvis peman yo. Li ba ou yon mwayen peman ak vèsman ki estandadize pandan l ap ekslere pwoseis enskripsyon ak verifiksyon benefisyè a. Alèd de zouti Chanje swen sante a (Change care), ou kapab jere enskripsyon pou transfè lajan elektwonik (EFT) ansanm ak avi peman elektwonik la (ERA) avèk plizyè moun k ap peye sou yon sèl platfòm.

EFT pèmèt nou fè depo peman dirèktman sou kont an bank ou. Gen avantaj ki lye ak lè w kreye yon kont EFT se: 
 

  • Amelyorasyon koyerans pèman 

  • Tranzaksyon rapid, ki presi epi ki sekirize

 

ERA se yon fichye elektwonik ki gen enfòmasyon sou peman an ansanm ak vèsyon reklamasyon yo voye bay biwo nou an. Avantaj ki lye ak yon ERA yo se:
 

  • Rediksyon afichaj manyèl enfòmasyon sou peman reklamasyon an, sa ki ekonomize w tan ak lajan, pandan w ap amelyore efikasite  

  • Ou pa bezwen deklarasyon sou papye pou Eksplikasyon Avantaj yo (EOB)

EERS mete plizyè fason disponib pou moun k ap touche yo kapab kreye yon kont EFT ak ERA pou yo kapab resevwa divès tranzaksyon nan men plizyè moun k ap peye. Si yon nimewo idantifikasyon fiskal (TIN) yon founisè an fonksyon nan plizyè eta, se yon grenn enskripsyon ki pral enskri moun k ap touche a defason otomatik pou plizyè moun k ap peye. Ou kapab enskri tou avèk yon idantitifaksyon founisè nasyonal (NPI) pou resevwa peman sou plizyè kont.
 

Enskri pou vin manm EERS
 

Si aktyèlman w ap itilize Change Healthcare kòm sant enfòmasyon, w ap toujou gen pou enskri pou EERS. Si aktyèlman w gen yon aplikasyon ki ann atant nan Change Healthcare la, ou p ap bezwen resoumèt li. Depi w fin enskri, ou kapab itilize gid itilizatè Change Healthcare la pou ede w oryante w nan nouvo sistèm nan.

Pou w kapab enskri nan EERS, ou kapab ale sou seksyon Chanje Sèvis Enskripsyon pou Moun K Ap Peye pou Swen sante a.
 

Ou Gen Kesyon? Annik ale sou paj Kesyon Moun Souvan Poze (FAQ yo) sou Change Healthcare la. Oswa rele sèvis Relasyon Founisè yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

Enteresan tou: