Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Jesyon
medikal

Objektif ekip jesyon medikal nou an se ankouraje swen rantab pou ede manm yo an sante nivo sa posib la. Sa vle di pou n travay avèk founisè yo pou n evalye pwoblèm sante yo, elabore plan swen, kowòdone resous ak verifye pwogrè.

 

Kontakte nou

Pou jwenn plis enfòmasyon sou jesyon medikal la, konsilte manyèl pou founisè w la (PDF). Oubyen rele sèvis Relaston Founisè yo nan 1-855-456-9126 (TTY: 711), soti 9 AM rive 5 PM, Lendi jiska Vandredi.

Jesyon swen

Jesyon swen

Objektif nou se amelyore aksè ak bonjan kalite swen epi pou n evite depans medikal ki pa nesesè yo. Nou esete ede itilize resous yo defason efikas pou manm ki gen bezwen swen sante espesyal yo, tankou ka konplèks, kwonik ak sa ki katastwofik yo.
 

Tout manm nou yo gen yon ekip jesyon swen. Ekip jesyon swen an vize sipòte chak manm an fonksyon de risk swen sante pèsonèl yo ansanm ak bezwen yo genyen ki pa satisfè yo. Yo deziyen yon jesyonè swen pou chak manm. Yo fè pati ekip jesyon medikal la. Epi travay yo se asire ke manm yo resevwa tout swen ak sèvis yo bezwen yo.

Yon jesyonè swen entegre pral fè yon premye evalyasyon risk konplè pou chak manm. Sa detèmine estati medikal, sante konpòtmantal ansanm ak estati biyo-siko-sosyal manm lan. Apresa, jesyonè swen an vin kolabore avèk manm lan, fanmi manm lan, founisè swen prensipal la ansanm ak lòt founisè yo nan objektif pou yo kreye yon plan swen ki baze sou kalite epi ki rantab.

Plis enfòmasyon sou jesyon swen an

Jesyon maladi kwonik

Jesyon maladi kwonik

Pwogram jesyon maladi kwonik la ede avèk kominikasyon regilye, sansibilzasyon sible ansanm ak fòmasyon sible. Nou ede manm ki gen pwoblèm sante espesifik yo, tankou dyabèt ansanm ak ensifizans kadyak konjestif.

 

Manm yo resevwa fòmasyon sou jesyon maladi, epi jesyonè swen yo a pral ede yo elabore yon plan sante an fonksyon de:

 

  • Konprann pwoblèm sante yo a
  • Bezwen ekipman ak founiti
  • Referans pou swen espesyalize oswa lòt konsiderasyon espesyal akoz komòdite

Plis enfòmasyon sou jesyon maladi kwonik

Jesyon itilizasyon (UM)

Jesyon itilizasyon (UM)

Objektif UM se jere fason y ap itilize resous swen sante yo pou asire ke manm yo resevwa swen sante ki plis apwopriye pou rezon medikal e plis rantab la. Ou sonje objektif la? Amelyore rezilta medikal yo.

 

Ekip UM pral ede founisè yo:

 

  • Ranpli demann otorizasyon ou soumèt pa faks oswa atravè Pòtay pou Founisè a
  • Revize direktiv klinik yo ansanm ak demann pou egzamen kòlèg ant kòlèg yo
  • Idantifye plan egzeyat yo pou tout manm k ap kite yon lopital oswa yon etablisman

Ou kapab revize politik ansanm ak direktiv sa yo pou w kapab jwenn plis enfòmasyon sou desizyon pou nesesite medikal yo, kodaj ak desizyon sou kouvèti a.
 

Bilten politik klinik Aetna a
 

Bilten politik klinik medikal Aetna a
 

Kòd ak direktiv sou kouvèti a pou DME ak founiti yo (PDF)

Jesyon kalite (QM)

Jesyon kalite (QM)

Objektif prensipal pwogram sa amelyore estati sante manm nou yo. Pwogram QM nou yo itilize plizyè konpozan òganizisyonèl, komite ansanm ak aktivite pou amelyore pèfòmans pou nou kapab jwenn opòtinite pou reyisit. Sa pèmèt nou:

 

  • Identifye domèn ki dwe amelyore yo
  • Chwazi entèvansyon ki plis efikas yo
  • Evalye ak mezire reyisit entèvasyon yo mete ann aplikasyonyo, rafine yo lè sa nesesè

Nou gen yon pwogram konplè e pèmanan pou Evalyasyon ak Pèfòmans ak Amelyorasyon Kalite (QAPI) ki:

 

  • Konsantre sou kalite swen klinik ak sèvis yo pou manm nou yo
  • Ede asire ke manm yo resevwa swen prevansyon pou swen sante atan
  • Founi sèvis jesyon swen pou moun ki bezwen swen sante espesyal yo
  • Respekte egzijans eta a ak gouvènman federal la
  • Moun ki sipèvize l yo se Konsèy Administrasyon ak Komite Siveyans Kalite yo  

Amelyorasyon ak mezi pèfòmans yo fondamantal pou pwogram QAPI a. Nou pa kapab amelyore sa nou pa kapab mezire. N ap analize done ki lye ak konsiltasyon yo pou n kapab idantifye epi rekòmande opòtinite pou ameyorasyon yo. Nou apresye patisipasyon w, kòmantè w ansanm ak rekòmandasyon w pou n amelyore fason n ap founi swen ak sèvis yo. Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

Enteresan tou: