Ale dirèkteman sou kontni prensipal la

Rejwenn
rezo nou an

Nan Aetna Better Health® of New York, nou envesti nan founisè nou yo. Sa fè pati angajman nou pou n founi bonjan kalite sèvis Swen yo Jere Alontèm (MLTC) pou manm nou yo. Ou pare pou kòmande? Annikvoye imèl ban nou epi fè nou konnen si w ta renmen patisipe. Oubyen rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711).

 

Kòman pou patisipe

 

Ou Gen Kesyon?

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou rezo nou an. Annik rele sèvis Relasyon Founisè yo nan1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou la pou ou soti 9 Am rive 5 PM, Lendi jiska Vandredi.

Pouki rezo nou an?

Pouki rezo nou an?

Kèlkeswa espesyalite w genyen an, n ap travay avèk ou pou n kapab konprann biznis nou an ak reponn ak bezwen w yo.

 

Lè w patisipe nan rezo founisè nou an, ou benefisye de:

 

  • Konpansasyon konpetitif
  • Opòtinite pèmanan pou sipò ak aprantisaj 
  • Tretman reklamasyon atan epi ki efikas
  • Teknoliji avanse a pou ede amelyore swen pasyan an
  • Sipò ki devouwe nou bay

Jwenn repons ou bezwen yo nan materyèl kominikasyon nou yo, tankou manyèl pou founisè a, bilten enfòmasyon ak bilten, imèl, avi sou sitwèb, kit pou fòmasyon ansanm ak plis toujou.

 

Nou ede w tou:

 

  • Kontwole enfòmasyon ak mizajou ki konsène manm lan
  • Jwenn fòmilè yo
  • Revize reklamasyon yo oswa avi peman an
  • Mete chanjman ki fèt nan klinik ou a ajou

Ekip Relasyon Founisè ou a

Ekip Relasyon Founisè ou a

Apre w fin rejwenn rezo nou an, n ap deziyen yon konseye nan rezo a pou ou. Se li menm k ap pwen kontak prensipal ou, kote l ap pataje enfòmasyon ki enpòtan avèk ou. L ap ede w tou avèk pwoblèm administratif tankou enfòmasyon ak mizajou sou manm lan, l ap ede w jwenn fòmilè ak revize reklamasyon oswa avi peman.

 

Konseye nan rezo w la pral:

 

  • Pataje politik ak pwosedi administratif nou yo
  • Kominike chanjman ak mizajou k ap ede w administre plan nou yo defason efikas
  • Defann enterè w pou rezoud pwoblèm
  • Jere chanjman nan enfòmasyon demografik ou yo 

 

Konseye yo nan rezo nou an baze nan kominote y ap desèvi yo, sa ki favorize relasyon pèsonèl ansanm ak nivo entèvansyon siperyè. Yo angaje yo avèk founisè yo nan divès fason difewran pou asire yon kominikasyon pwo-aktif, rapid e ki kolaboratif.

 

Ou kapab jwenn repons tou nan materyèl pou founisè w yo, tankou manyèl pou founisè w la (PDF), avi ak nouvèl, fòmasyon, imèl ak plis toujou.

Kòman pou rejwenn rezo nou an

1.       Fè nou konnen

Annik voye imèl bay sèvis Relasyon Founisè a epi fè nou konnen si w ta renmen patisipe. Oubyen w kapab rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Nou pral fè swivi avèk fòmilè aplikasyon ou bezwen pou kòmanse a.
 

2.       Ranpli aplikasyon w lan

Lè w resevwa fòmilè aplikasyon w lan, annike ranpli li epi voye li tounen ban nou pa imèl.
 

3.       Konplete kontra a

Si yo aksepte aplikasyon w lan, n ap pwopoze w yon kontra epi n ap voye li ba ou. Annik ranpli kontra w la epi swiv enstriksyon ki ladan l yo pou w kapab konn kòman pou retounen li.

 

Ou Gen Kesyon? Annik rele nou nan 1-855-456-9126 (TTY: 711). Obyen voye imèl ban nou.

Enteresan tou: