Pwofite plis nan egzamen sante anyèl ou oswa vizit swivi sante pitit ou
Vizit sa yo se yon okazyon pou pale lib ak pwofesyonèl swen sante w, poze kesyon epi byen suiv sante w. Men kèk fason senp pou w santi w prepare epi pwofite randevou w otank posib.
Vizit kay doktè pa sèlman pou lè ou malad. Vizit regilye ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) ou a ede w siveye sante ou epi detekte pwoblèm bonè. Pou timoun yo, egzamen sante yo ede w siveye kwasans ak devlopman yo epi fè yo pran vaksen yo alè.
Plan Aetna ou a kouvri egzamen sante yo san ou pa peye anyen. Si PCP ou a rekòmande nenpòt tès ak depistaj prevantif, yo kouvri sa yo tou. Pi bon toujou, anpil plan ofri rekonpans, tankou kat kado, lè ou fè egzamen sante ak tès depistaj yo. Ale sou sit entènèt plan ou a oswa gade manyèl manm ou a pou jwenn plis enfòmasyon.
Ou pa fin konnen sa pou w atann oswa kijan pou w prepare pou egzamen sante ou a? Kontinye li pou jwenn repons kesyon moun poze souvan yo.
Ki lè mwen ta dwe fè yon egzamen sante?
Granmoun yo ta dwe wè PCP yo pou yon egzamen sante omwen yon fwa pa ane.
Timoun yo bezwen egzamen sante, yo rele vizit swivi pou timoun ki an sante, pi souvan selon laj yo. Men sa espesyalis yo rekòmande pou timoun piti yo:
- Tibebe ki poko gen yon an ta dwe wè PCP yo lè yo gen 3-5 jou, 1 mwa, 2 mwa, 4 mwa, 6 mwa ak 9 mwa.
- Timoun ki gen 1 a 3 an ta dwe wè doktè yo lè yo gen 12 mwa, 15 mwa, 18 mwa, 24 mwa ak 30 mwa.
- Timoun ki gen twa an oswa plis ta dwe wè doktè yo yon fwa pa ane.
Eseye pran yon randevou pou yon egzamen sante nan premye mwa apre dat plan sante ou a kòmanse. PCP ou a ap fè w konnen si lè a rive pou w fè nenpòt tès depistaj oswa lòt tès. Konsa, ou ka kòmanse pran randevou sa yo pou ane a depi bonè.
Kisa k pase pandan yon egzamen sante?
Pandan vizit sa yo, PCP ou a ap aprann plis sou sante ou. Li ka:
Revize istwa medikal ou
Si w ap wè yon nouvo PCP, li ka poze kesyon sou:
- Pwoblèm sante ki dire lontan
- Medikaman ak sipleman w ap pran
- Operasyon oswa pwosedi ou te fè anvan
- Istwa medikal fanmi ou
- Sante mantal
Li ka poze kesyon tou sou lavi ou lakay, travay ou, relasyon ou ak lòt bagay ankò. Sa ede l konprann tout aspè sante ou ak fason ou viv.
Si ou toujou gen menm PCP a, l ap poze kesyon sou nenpòt chanjman nan sante ou depi dènye vizit ou a.
Pale sou swen prevantif
PCP ou a ka sijere tès depistaj, lòt tès oswa vaksen ou bezwen. Li ka fè tès sa yo oswa ba ou vaksen pandan egzamen sante a. Oswa li ka ede w pran randevou pou nenpòt vizit swivi si sa nesesè.
Fè yon egzamen fizik
Pwofesyonèl swen ou a ap verifye siy vital ou yo, tankou tansyon ou ak batman kè ou. Li ka egzamine lòt pati nan kò ou tou pou chèche nenpòt pwoblèm. Pou fanm yo, egzamen sante a ka gen ladan yon egzamen basen.
Vizit swivi pou timoun ki an sante
Vizit sa yo se yon okazyon pou pwofesyonèl swen ou a:
- Fè yon egzamen fizik konplè
- Verifye kapasite pou wè, tande ak sante dan yo
- Bay vaksen selon bezwen
- Siveye kwasans ak devlopman
- Poze kesyon sou konpòtman pitit ou, kapasite li pou pale ak pwogrè jeneral li nan aprann ak grandi
- Reponn kesyon ou yo epi ba ou konsèy sou bagay tankou dòmi, manje ak sekirite
Kijan pou m prepare pou vizit la?
Si ou wè pwofesyonèl swen ou a yon sèl fwa pa ane, pwofite vizit sa a otank posib. Konsèy sa yo ka ede w:
- Ekri kesyon ak enkyetid ou yo anvan ou ale. Li fasil pou w bliye sa ou vle mande pandan vizit la. Lè ou gen lis kesyon ou a sou lamen, sa ede w pale sou tout sa ki nan tèt ou.
- Konnen istwa medikal fanmi ou. Sa ka bay endis sou pwoblèm sante ou ka gen risk pou yo. Note nenpòt maladi paran ou, granparan ou oswa frè ak sè ou te genyen. Sa ap ede PCP ou a detèmine ki tès depistaj sante ou ka bezwen ak ki lè pou w fè yo.
- Se pou w onèt. Pale sou sèten pwoblèm sante ka fè w santi w malalèz. Men, pa kite sa anpeche w pale sou yo. PCP ou a la pou ede w, li pa la pou jije w. Lè ou onèt epi ou bay detay, sa ap ede l pran pi bon swen ou.
- Mennen yon moun ou fè konfyans. Wi, ou ka mennen yon moun avèk ou! Li ka ede w pran nòt epi poze kesyon si ou bliye yon bagay.
- Anrejistre konvèsasyon ou a. Konsa, ou pa bezwen enkyete w pou pran nòt pandan w ap pale. (Mande PCP ou a si li dakò anvan.)
- Ede timoun yo santi yo pi kalm. Si vizit kay doktè fè pitit ou enkyete, atik sa a gen konsèy ki ka ede diminye laperèz li.