Tès depistaj sante yo esplike tou senpleman

Pa neglije tès depistaj enpòtan sa yo pou kenbe ou menm ak fanmi ou an sante. 

Yon enfimyè ap pran san yon jèn moun

Si ou santi w an sante, ou ka panse ou pa bezwen ale kay doktè. Men, vizit regilye ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) ou a enpòtan anpil pou swen sante prevantif. PCP ou a ka fè tès depistaj pou maladi ki komen yo. Konsa, li ka detekte pwoblèm anvan ou kòmanse santi ou malad.

Espesyalis yo rekòmande pou moun fè sèten tès depistaj nan diferan laj. Nou rezime enfòmasyon yo pou ou nan gid pratik ki anba a. Epi pi bon nouvèl la — plan sante ou a kouvri tout tès depistaj sa yo san ou pa peye anyen anplis.

Sonje rekòmandasyon sa yo se pou moun ki an sante epi ki pa gen yon istwa maladi. Ou ka bezwen fè tès depistaj pi bonè oswa pi souvan. Pa egzanp, si gen moun nan fanmi ou ki te gen yon maladi oswa si yon tès depistaj ou te fè anvan te bay yon rezilta ki pa nòmal. PCP ou a ap fè w konnen ki tès depistaj ou bezwen ak ki lè pou w fè yo.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Tès depistaj prevantif pou granmoun

Tansyon

Prèske mwatye granmoun yo gen tansyon wo. Epi sa ka lakòz pwoblèm sante grav tankou kriz kadyak oswa konjesyon serebral. Sèl fason pou konnen se fè yo mezire tansyon ou.
Ki lè pou w fè l: Tout granmoun ta dwe fè yo mezire tansyon yo chak twa a senk ane. Si ou gen plis pase 40 an oswa ou gen gwo risk pou tansyon wo, fè yo mezire l chak ane.

Kansè nan tete

Kansè nan tete se youn nan kansè ki pi komen lakay fanm. Apeprè 1 sou chak 8 fanm ap devlope maladi a pandan lavi li. Yo ka detekte kansè nan tete avèk yon radyografi tete yo rele mamografi. Lè yo detekte l bonè, li souvan pi fasil pou trete l epi geri.
Ki lè pou w fè l: Fanm ki gen ant 40 ak 74 an ta dwe fè yon mamografi chak dezan. Si gen moun nan fanmi ou ki te gen kansè nan tete, ou ka vle kòmanse fè tès depistaj pi bonè. Pale ak doktè ou sou risk ou. 

Kansè nan kòl matris

Yo ka evite pifò kansè nan kòl matris avèk tès depistaj regilye. Gen de kalite tès depistaj:

  • Yon tès Pap chèche selil kansè.
  • Yon tès HPV chèche enfeksyon ak yon viris ki ka lakòz kansè nan kòl matris.

Ki lè pou w fè l: Tout fanm ki gen 21 a 65 an ta dwe fè tès depistaj avèk yon tès Pap ak/oswa yon tès HPV chak twa a senk ane.

Kansè nan kolon ak nan rektòm

Tès depistaj yo gen ladan tès poupou ou fè lakay ak kolonoskopi. (Pandan yon kolonoskopi, pwofesyonèl swen ou a egzamine anndan kolon an ak rektòm nan ak yon ti kamera.)
Ki lè pou w fè l: Tout granmoun ta dwe kòmanse fè tès depistaj kansè nan kolon ak nan rektòm lè yo gen 45 an epi sispann alantou laj 75 an. Si gen moun nan fanmi ou ki te gen kansè nan kolon oswa nan rektòm, ou ka vle kòmanse fè tès depistaj pi bonè epi ou ka bezwen fè yo pi souvan. Konbyen fwa ou bezwen fè l depann de kalite tès ou fè a. Ou ka fè yon tès poupou lakay chak youn a twa ane. Oswa ou ka fè yon kolonoskopi chak 10 ane (si rezilta tès depistaj yo nòmal). Pale ak pwofesyonèl swen ou a sou ki lè pou w kòmanse ak sispann tès depistaj yo, epi sou ki tès ki bon pou ou.

Kansè nan poumon

Moun k ap fimen ak moun ki te konn fimen gen yon pi gwo risk pou kansè nan poumon. Tès depistaj regilye ka ede detekte maladi a bonè, lè li pi fasil pou trete.
Ki lè pou w fè l: Pale ak doktè ou sou tès depistaj kansè nan poumon si ou gen plis pase 50 an epi:

  • Ou fimen kounye a oswa ou te kite fimen nan 15 dènye ane yo
  • Ou te fimen pou yon total 20 pake-ane oswa plis. (Yon “pake-ane” vle di fimen an mwayèn yon pake sigarèt pa jou pandan yon ane.) 

Tès kolestewòl/bilan lipidik  

Twòp kolestewòl nan san ou ka lakòz maladi kè. Doktè ou ka verifye nivo kolestewòl ou avèk yon senp tès san.   
Ki lè pou w fè l: Espesyalis yo rekòmande pou w fè yo verifye nivo kolestewòl ou chak kat a sis ane. Mande doktè ou si lè a rive pou w fè yo verifye pa ou a. 

Egzamen ak netwayaj dan

Randevou regilye kay dantis ede evite pwoblèm tankou kari oswa maladi jansiv.
Ki lè pou w fè l: Tout moun ta dwe ale kay dantis chak sis mwa pou yon egzamen ak yon netwayaj regilye.

Dyabèt

Plis pase 37 milyon granmoun gen dyabèt. Men, prèske 80 pousan ladan yo pa konnen yo gen maladi a. Doktè ou ka fè tès depistaj dyabèt pou ou avèk yon senp tès san.  
Ki lè pou w fè l: Granmoun ki gen 35 a 70 an epi ki twò gwo oswa ki gen obezite ta dwe fè tès depistaj dyabèt ak predyabèt. Men, ou ka vle fè tès depistaj pi bonè si risk ou wo. Pale ak doktè ou sou risk ou ak ki lè ou ta dwe kòmanse fè tès depistaj.   

Enfeksyon moun pran nan fè sèks (STI)

Gen anpil enfeksyon ki ka pwopaje atravè kontak seksyèl. Anpil ladan yo pa bay sentòm, kidonk ou ka pa konnen si ou gen youn.
Ki lè pou w fè l: Si ou aktif seksyèlman, pale ak doktè ou sou tès depistaj pou sèten STI. Viris iminodefisyans imen (VIH) ak lòt STI ka pase soti nan manman ale nan tibebe pandan akouchman tou. Se poutèt sa li enpòtan pou w fè tès si ou vin ansent. 

Egzamen je

Egzamen je regilye yo pa sèlman sèvi pou verifye kapasite w pou wè. Menm si ou pa mete linèt, li bon pou w fè egzamen je chak dezan. Doktè je ou a ka verifye si ou gen lòt maladi je ki ka pa bay sentòm ki vizib fasil. 
Ki lè pou w fè l: Granmoun ta dwe fè yon egzamen je omwen chak dezan. Ou ka bezwen ale pi souvan si ou gen sèten faktè risk oswa pwoblèm je.  

Tès depistaj prevantif pou timoun

Vizit swivi pou timoun ki an sante

Vizit swivi pou timoun ki an sante yo enpòtan anpil pou kenbe timoun yo an sante pandan y ap grandi. Pandan vizit sa yo, pedyat yo ap: 

  • Siveye kwasans ak devlopman li
  • Bay vaksen selon bezwen pitit ou pou ede anpeche maladi.
  • Poze kesyon sou konpòtman pitit ou, kapasite li pou pale ak lòt etap enpòtan nan devlopman li
  • Reponn kesyon ou yo epi ba ou konsèy sou bagay tankou dòmi, manje ak sekirite. 

Ki lè pou w fè l: Se laj timoun nan ki detèmine konbyen fwa li ta dwe wè doktè. Tibebe ak timoun piti bezwen vizit swivi pou timoun ki an sante pi souvan pase timoun ki pi gran yo:  

  • Tibebe ki poko gen yon an ta dwe wè doktè yo lè yo gen 3-5 jou, yon mwa, de mwa, kat mwa, 6 mwa ak nèf mwa.
  • Timoun ki gen youn a twa an ta dwe wè doktè yo lè yo gen 12 mwa, 15 mwa, 18 mwa, 24 mwa ak 30 mwa.
  • Depi yon timoun gen twa an, li ta dwe wè doktè li yon fwa pa ane. 

Tès depistaj anpwazònman ak plon

Anpwazònman ak plon ka lakòz pwoblèm sante grav lakay timoun ki poko gen sis an. Timoun yo ka ekspoze ak plon ki soti nan sous sa yo: 

  • Penti k ap detache an ti moso oswa k ap dekale nan kay oswa bilding ki te konstwi anvan 1978
  • Dlo ki pase nan tiyo plon
  • Tè ki toupre ayewopò, otowout oswa faktori
  • Sèten sirèt, medikaman, jwèt ak bijou ki soti lòt peyi 

Yon tès san pou mezire nivo plon se pi bon fason pou konnen si pitit ou te ekspoze ak plon. 
Ki lè pou w fè l: Tout timoun ki enskri nan Medicaid dwe fè yon tès san pou depistaj plon lè yo gen yon an epi ankò lè yo gen dezan. Si pitit ou gen ant de ak twa an epi li poko fè tès la, fè l fè tès pi vit ou kapab.

Egzamen ak netwayaj dan 

Vizit regilye kay dantis ka ede evite kari. Dantis la ka verifye tou si dan pitit ou ap pouse jan yo dwe pouse.   
Ki lè pou w fè l: Tibebe yo ta dwe ale kay dantis nan sis mwa apre premye dan yo pouse (oswa anvan premye anivèsè nesans yo). Tout timoun ta dwe fè yon egzamen ak yon netwayaj dan regilye chak sis mwa.  

Egzamen je 

Doktè pitit ou a ap verifye kapasite li pou wè pandan vizit swivi pou timoun ki an sante yo. Men, espesyalis yo rekòmande tou yon egzamen ki pi konplè ant laj twa ak senk an. Si pitit ou gen nenpòt pwoblèm vizyon, li ka bezwen wè yon doktè je regilyèman depi lè sa a.  
Ki lè pou w fè l: Timoun yo ta dwe fè yon egzamen je omwen yon fwa ant laj twa ak senk an. Pale ak doktè pitit ou a sou konbyen fwa li ta dwe fè egzamen je apre sa.  


Lòt sous 

Depistaj tansyon: US Preventive Services Task Force

Depistaj kansè nan tete: US Preventive Services Task Force

Depistaj kansè nan kòl matris: US Preventive Services Task Force

Depistaj kansè nan kolon ak nan rektòm: US Preventive Services Task Force

Depistaj kansè nan poumon: US Preventive Services Task Force

Depistaj kolestewòl: Office of Disease Prevention and Health Promotion 

Depistaj dyabèt: US Preventive Services Task Force

Tès depistaj STI: Office of Disease Prevention and Health Promotion 

Depistaj pwoblèm vizyon: American Optometric Association 

Depistaj anpwazònman ak plon: Centers for Disease Control and Prevention 

Egzamen dan pou timoun: Centers for Disease Control and Prevention 

Egzamen je pou timoun: Office of Disease Prevention and Health Promotion 

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.