Pwoteje tèt ou ak vaksen
Rete an sante lè ou pran tout vaksen ou yo alè.
Vaksen kont grip la se pa sèl vaksen (piki) ki ka ede kenbe ou menm ak fanmi ou an sante. Gid pratik nou an ap montre w sou ki vaksen pou w poze doktè ou kesyon.
Vaksen kont viris respiratwa sensisyal (RSV)
Pou ki moun li ye: Tibebe ak granmoun aje
RSV se abrevyasyon ann anglè pou viris respiratwa sensisyal. Se yon viris komen ki ka bay sentòm ki sanble ak rim. Tibebe ak granmoun aje gen plis chans pou yo vin malad grav akòz RSV. Timoun ki gen maladi kwonik nan poumon oswa nan kè yo gen risk tou. Nan kèk ka, RSV ka menm fè w bezwen ale lopital.
Si ou gen 50 an oswa plis, mande pwofesyonèl swen ou a si vaksen kont RSV a bon pou ou. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) yo rekòmande piki a tou pou fanm ansent ak tibebe. Timoun ki gen gwo risk pou maladi ka benefisye tou. Mande pwofesyonèl swen ou a si vaksen kont RSV a bon pou ou oswa pou pitit ou.
Vaksen kont menenjit (menengokòk)
Pou ki moun li ye: Adolesan
Menenjit se anflamasyon manbràn pwoteksyon ki kouvri sèvo a ak mwal epinyè a. CDC rekòmande pou tout timoun pran de dòz vaksen kont menenjit: youn lè yo gen 11 oswa 12 an epi yon dòz rapèl lè yo gen 16 an. Ou pa t pran vaksen sa a lè ou te pi jèn? Mande doktè ou si ou ta dwe pran l kounye a.
Vaksen kont tetanòs, difteri ak koklich (Tdap)
Pou ki moun li ye: Adolesan ak granmoun
Vaksen sa a ede pwoteje w kont:
- Tetanòs (machwè bloke)
- Difteri (enfeksyon nan gòj ak nan nen)
- Koklich (pertussis)
Difteri ak koklich ka pwopaje fasilman soti nan yon moun ale nan yon lòt. Tetanòs ka enfekte w atravè blesi ki ouvè oswa boule.
Men sa Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) yo rekòmande:
- Timoun yo ta dwe pran yon sèl dòz Tdap alantou laj 11 oswa 12 an.
- Moun ki ansent yo ta dwe pran yon dòz Tdap pandan chak gwosès. Li pi bon pou w pran vaksen an nan kòmansman twazyèm trimès la. Sa ka ede pwoteje tibebe ou kont koklich apre nesans li.
- Granmoun ki pa janm pran yon vaksen Tdap ta dwe pran youn pi vit yo kapab.
Granmoun yo ta dwe pran yon dòz rapèl Tdap oswa Td omwen yon fwa chak 10 ane tou. (Dòz rapèl Td a pwoteje kont tetanòs ak difteri, men li pa pwoteje kont koklich.) Si ou ta gen yon blesi oswa yon boule grav, doktè ou ka ba ou yon dòz rapèl Td pou pwoteje w kont enfeksyon tetanòs.
Vaksen kont grip
Pou ki moun li ye: Tout moun ki gen plis pase sis mwa
CDC di tout moun ki gen sis mwa oswa plis ta dwe pran yon vaksen kont grip chak ane. Li pi bon pou w pran vaksen kont grip ou a nan otòn, anvan sezon grip la kòmanse.
Vaksen kont nemokòk (nemoni)
Pou ki moun li ye: Timoun ak granmoun aje
Nemoni se yon enfeksyon nan poumon ki ka lakòz maladi grav lakay timoun piti ak granmoun aje. CDC rekòmande pou tout timoun ki poko gen 5 an ak granmoun ki gen plis pase 50 an pran vaksen sa a. Moun ki gen sèten pwoblèm sante ka bezwen vaksen an tou. Mande pwofesyonèl swen ou a si vaksen sa a bon pou ou oswa pou pitit ou yo.
Vaksen kont COVID-19 oswa dòz rapèl kont COVID-19
Pou ki moun li ye: Tout moun ki gen plis pase sis mwa
Tout moun ki gen sis mwa oswa plis ta dwe pran yon vaksen kont COVID-19 ki ajou apre yo fin pale ak yon pwofesyonèl swen sante. CDC rekòmande yon dezyèm dòz pou granmoun ki gen 65 an oswa plis.
Ou deja pran vaksen an? Ka gen yon nouvo vaksen ki ka pwoteje w kont nouvo souch viris COVID la. Mande pwofesyonèl swen ou a si gen yon nouvo vaksen epi si ou ta dwe pran li.
Vaksen kont lawoujòl, malmouton ak ribeyòl (MMR)
Pou ki moun li ye: Tibebe ak timoun piti
Vaksen sa a ede pwoteje w kont lawoujòl, malmouton ak ribeyòl. Timoun yo ta dwe pran de dòz MMR: youn lè yo gen 12 a 15 mwa epi yon dezyèm lè yo gen kat a sis an. Ou pa t pran vaksen MMR la lè ou te timoun? Pale ak doktè ou sou pran l kounye a.
Vaksen kont zona
Pou ki moun li ye: Granmoun aje
Zona se yon gratèl ki fè mal epi ki ka lakòz pwoblèm grav. Se menm viris ki lakòz varisèl la ki lakòz li. Nenpòt moun ki te gen varisèl ka gen zona pita nan lavi li.
Men kounye a, gen yon vaksen ki rele Shingrix ki ka ede anpeche zona. CDC rekòmande pou granmoun ki gen 50 an oswa plis pran de dòz Shingrix. Ou te pran yon lòt vaksen kont zona? Pale ak doktè ou; ou ka bezwen yon lòt vaksen.
Vaksen kont viris papilòm imen (HPV)
Pou ki moun li ye: Adolesan
Viris papilòm imen (HPV) se prensipal kòz kansè nan kòl matris. Li ka lakòz lòt kansè tou. HPV pwopaje atravè kontak seksyèl. Enfeksyon HPV trè komen. Prèske tout moun ap enfekte ak li yon lè nan lavi yo.
Se poutèt sa vaksen kont HPV a enpòtan anpil. Li pwoteje kont souch HPV ki gen plis chans pou yo lakòz kansè. CDC rekòmande pou tout timoun pran vaksen kont HPV a alantou laj 11 oswa 12 an. Mande doktè pitit ou a plis enfòmasyon sou HPV ak vaksen an.
Ki kote pou w pran vaksen
Ou gen anpil opsyon pou kote ou ka pran vaksen ou yo, tankou:
- Kabinè doktè fanmi ou a
- Sèten famasi ak klinik sante nan magazen
- Klinik sante ki kalifye nan nivo federal (FQHC)
Ou ka ale sou vaccines.gov pou jwenn èd pou lokalize yon famasi nan zòn ou ki bay vaksen. Apre sa, ou ka rele famasi a oswa ale sou sit entènèt li pou pran yon randevou.
Selon plan benefis ou a, yo ka kouvri vaksen sa yo san ou pa peye anyen anplis. Rele Sèvis pou manm oswa nimewo ki sou kat idantifikasyon ou a pou konnen sa yo kouvri. Yo ka ede w pran yon randevou pou vaksen tou.
Gade sous nou yo
Rekòmandasyon pou vaksen kont RSV: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont menengokòk: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen Tdap: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont grip: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont nemoni: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont COVID-19: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen MMR: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont zona: Centers for Disease Control and Prevention
Rekòmandasyon pou vaksen kont HPV: Centers for Disease Control and Prevention