Ede pitit ou gen mwens laperèz pou doktè

Vizit kay doktè ka bay nenpòt moun kè sote. Men, timoun yo ka gen plis difikilte paske yo pa konnen sa pou yo atann. Konsèy sa yo ka ede diminye enkyetid yo.

Yon timoun chita sou janm yon granmoun bò kote yon doktè. Yo tout mete mask.
  1. Pale ak pitit ou anvan vizit la. Fè l konnen randevou a byen davans. Epi esplike l poukisa li bezwen ale kay doktè.

  2. Se pou w onèt. Esplike sa ki pral pase pandan randevou a. Ou ka sèvi ak yon poupe pou montre sa doktè a pral egzamine. Lè pitit ou konnen sa ki ka pase, sa ka ede l jere sitiyasyon an epi devlope konfyans nan doktè li.

  3. Rete pozitif. Pale sou vizit la yon fason pozitif. Si l ap ale poutèt yon pwoblèm sante, esplike l doktè a la pou ede l santi l pi byen.

  4. Rete kalm. Fason ou montre emosyon ou yo gen anpil enfliyans sou jan pitit ou reyaji lè l al kay doktè. Kidonk, eseye bay egzanp konpòtman ou vle wè lakay li a. Lè ou gen yon atitid kalm ak pozitif, sa ka ede rasire pitit ou li pa bezwen enkyete l.

  5. Fè l patisipe. Li ka ede w ekri sentòm li yo oswa nenpòt lòt detay sou jan li santi l dènyèman. Mande l si li gen kesyon li vle poze doktè a epi ajoute yo nan lis la.

  6. Felisite l pou kouraj li. Ou ka menm ofri l yon ti rekonpans paske li rive franchi etap enpòtan sa a, tankou yon otokolan, kreyon koulè oswa yon vizit nan pak la.

Pran randevou pou egzamen sante anyèl ou a

Prepare w depi kounye a pou nouvo ane a! Pran randevou depi kounye a ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) ou a pou egzamen sante anyèl ou ak fanmi ou. 

Pandan ou la, asire w ou:

  • Fè yo verifye mezi sante enpòtan ou yo. Sa gen ladan tansyon ou, nivo kolestewòl ou ak nivo sik nan san ou.

  • Chèche konnen si lè a rive pou w fè nenpòt tès depistaj prevantif.

  • Mande si ou bezwen nenpòt vaksen, tankou seri vaksen kont COVID-19 oswa dòz rapèl yo.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

5 fason pou w pwofite yon vizit swen sante otank posib

Sèvi ak konsèy sa yo pou sonje detay, pale sou sijè ki ka fè w malalèz epi jwenn pi bon swen prevantif ak tretman.

  1. Fè yon lis. Anvan randevou ou a, ekri enkyetid ou genyen sou sante ou ak kesyon ou yo. Konsa, ou p ap bliye anyen lè ou rankontre pwofesyonèl swen ou a.

  2. Konnen istwa medikal fanmi ou. Sa ka bay endis sou pwoblèm sante ou ka rankontre. Pa egzanp, si gen maladi kè nan fanmi ou, sa ka ede pwofesyonèl swen ou a detèmine ki tès depistaj sante ou ka bezwen ak ki lè pou w fè yo.

  3. Pa pè pale. Pale sou sèten pwoblèm sante ka fè w santi w malalèz. Men, pa kite sa anpeche w pale sou yo. Sonje: Pwofesyonèl swen ou a deja tande tout kalite pwoblèm sa yo, epi li vle ede w. Pou sa, li bezwen enfòmasyon ki konplè epi ki kòrèk.

  4. Mennen yon pwòch avèk ou. Sa ka itil anpil pou w gen yon zanmi oswa yon manm fanmi bò kote ou. Li ka ede w obsève epi koute pou w sonje detay sou vizit ou a epi poze kesyon.

  5. Anrejistre konvèsasyon ou a. Kit ou gen yon moun k ap akonpaye w, kit ou pa genyen, ou ka vle anrejistre vizit ou a tou. Sa ka ede w sonje epi konprann enfòmasyon pwofesyonèl swen ou a te ba ou yo. Mande pèmisyon pwofesyonèl swen ou a anvan ou anrejistre.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.