Èd pou refè apre yon sejou lopital 

Pran mezi sa yo pou ede w refè pou w ka rekòmanse fè sa ou renmen yo.

De granmoun bò yon tab k ap pale ak yon moun yo renmen

Kite lopital apre yon pwosedi oswa yon maladi ka sanble yon gwo chanjman. Kit se ou menm, pitit ou oswa yon lòt moun w ap pran swen. Li nòmal pou w pa fin sèten sa pou w fè apre.

Se poutèt sa li enpòtan pou jwenn sipò, ni pandan ou lopital ni apre ou soti. Kidonk, anvan ou menm oswa moun ou renmen an kite lopital, pale ak ekip ki prepare sòti a. Ekip sa a gen ladan moun tankou doktè, enfimyè ak responsab swen ki ka ede w planifye retou lakay. Y ap esplike sa ou bezwen konnen. Asire ou poze kesyon si yon bagay pa klè. 

Menm si ou poze anpil kesyon, ou ka gen lòt pita. Se yon bon moman pou w mande ekip swen ou èd. Li ka gen ladan: 

  • Pwofesyonèl swen prensipal (PCP)  
  • Enfimyè  
  • Famasyen   
  • Travayè sosyal

Anpil pwofesyonèl swen sante ofri lòt resous ou ka rele pou jwenn enfòmasyon ak sipò pandan gerizon ou. Ekri non tout moun ou ka kontakte yo ak nimewo telefòn yo. Pi bon toujou, mete tout moun sa yo nan kontak telefòn ou pou enfòmasyon yo sou lamen lè ou bezwen yo. 

Gen yon moun pou ede w lakay ou ka fè yon gwo diferans tou. Sa ka yon manm fanmi, yon zanmi oswa yon moun ou anboche pou bay swen. Li ka ede ak bagay tankou achte manje, prepare repa oswa senpleman fè w sonje pran medikaman ou alè.   

Men mezi ki ka rann gerizon an pi fasil. Gid sa a ap montre w sa pou w fè lè ou retounen lakay ou pou asire ou menm oswa moun ou renmen an rete an sekirite, an sante epi sou wout pou santi li pi byen. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

1. Prepare davans

Plis ou kòmanse planifye gerizon ou bonè, se plis sa bon. Sèvi ak tan anvan ou kite lopital la pou konnen kijan w ap jwenn manje, medikaman ak transpò si ou bezwen sa. Gade benefis plan sante ou pou konnen sa li kouvri. Ou ka gade manyèl manm ou a oswa sit entènèt plan ou a. Li ka ofri sipò tankou transpò pou randevou oswa livrezon manje apre yon sejou lopital. 

2. Pran yon randevou swivi

Lè ou retounen lakay ou, pwochen vizit ou se kay PCP ou. Yon randevou swivi ka ede PCP ou verifye si tout bagay ap mache byen. Eseye pran randevou sa a anvan ou kite lopital pou w konnen li deja fikse.  

Pandan randevou swivi a, pale ak PCP ou sou jan ou santi ou. Li ka poze w kesyon sou medikaman ou, kidonk pote yon lis tout sa w ap pran yo. Ou ka mande yon manm fanmi, yon zanmi oswa yon moun k ap bay swen akonpaye w tou. Li ka ede w poze kesyon epi pran nòt. 

Èske ou menm oswa pitit ou te ale nan sal ijans oswa lopital pou yon pwoblèm sante mantal? Asire ou fè yon vizit swivi ak yon pwofesyonèl sante mantal nan sèt jou apre ou kite lopital la. Rele Sèvis pou manm si ou bezwen èd pou jwenn bon pwofesyonèl swen an.

Èske ou bezwen èd pou ale nan randevou ou yo? Plan sante ou ka ofri benefis transpò. Gade manyèl manm ou a oswa rele Sèvis pou manm pou jwenn plis enfòmasyon. 

3. Mande yon moun k ap bay swen

Si gen yon moun k ap ede w, ou ka mete li ofisyèlman nan ekip swen ou. Sa vle di li ka rete enfòme sou pwogrè ou, konprann plan swen ou epi pale ak pwofesyonèl swen yo sou gerizon ou. 

Èske ou se yon paran oswa yon moun k ap bay swen? Asire yo mete ou nan kominikasyon ki konsène pasyan an. Epi akonpaye moun ou renmen an nan randevou yo si ou kapab. Ou ka ede pran nòt epi poze kesyon. Epi mande doktè a sa ou ka fè pou ede moun ou renmen an respekte plan swen li.

4. Respekte plan medikaman ou

Youn nan aspè ki pi enpòtan nan gerizon se pran medikaman jan yo preskri yo a. Medikaman sa yo ka ede kontwole doulè, kenbe tansyon ou estab oswa anpeche enfeksyon. Si ou sote dòz oswa ou pran plis pase sa yo preskri a, sa ka ralanti gerizon ou oswa lakòz pwoblèm.  

Pou sonje pi fasil, eseye sèvi ak yon bwat pou òganize grenn oswa mete yon rapèl sou telefòn ou. Gen famasi ki ka voye mesaj tèks oswa rele w pou fè rapèl. Si ou se yon moun k ap bay swen, travay ak moun ou renmen an pou prepare yon plan ki ede li respekte tretman li.

Èske ou gen difikilte pou peye medikaman ou yo? Mande PCP ou oswa famasyen ou enfòmasyon sou lòt medikaman ki pi bon mache, vèsyon jenerik oswa pwogram rabè. Ekip swen ou ka ede w jwenn lòt resous nan kominote a tou. 

5. Pran swen sante mantal ou

Fè fas ak pwoblèm sante ka afekte moral ou. Chèche gwoup sipò nan kominote ou oswa sou entènèt. Pale ak lòt moun k ap travèse menm bagay la ka ede w santi w mwens poukont ou. Yo ka ba ou konsèy epi pataje estrateji pou fè fas ak difikilte tou.  

Pran swen yon moun pandan l ap refè ka bay estrès tou. Pa bliye pran tan pou pran swen tèt ou. Epi pa pè mande zanmi oswa fanmi plis èd si ou bezwen sa.

Èske ou bezwen pale ak yon pwofesyonèl? Pale ak PCP ou oswa ekip swen ou. Yo ka refere w bay yon terapet oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante mantal si sa nesesè. 

6. Travay ansanm

Sonje: Ou pa poukont ou. Pran swen tèt ou oswa yon moun ou renmen apre yon sejou lopital se yon travay ann ekip. Lè ou travay ak ekip swen ou ansanm ak moun ou renmen yo, ou ka fè gerizon ou pase pi byen posib. Pa pè pran kontak oswa mande sipò.  

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.