Gwo rezon ak ti konsèy pou respekte plan tretman ou

Aprann risk ki ka genyen pou sante ou si ou sote dòz medikaman ou. Anplis, jwenn konsèy pou respekte tretman ou. 

Yon fanm k ap gade medikaman nan yon famasi

Li enpòtan pou pran medikaman ou jan yo preskri li a. Bagay tankou dòz la, lè nan jounen an oswa si ou pran li ak manje oubyen sou lestomak vid gen enfliyans sou jan medikaman ou mache.

Men pafwa, li ka difisil pou sonje pran grenn ou yo oswa renouvle preskripsyon ou yo.

Men kèk rezon ankourajan ki montre poukisa li enpòtan pou respekte plan tretman ou, ansanm ak konsèy pou rann sa pi fasil. 

Avantaj ki genyen lè ou respekte plan tretman ou

Ou ka evite efè segondè

Gen medikaman ki ka lakòz efè segondè si ou pa pran yo kòrèkteman. Pami yo ka gen maltèt, kè plen ak fatig. Epi si pran medikaman ou fè w santi w mal, ou ka gen mwens anvi pran li alavni.

Si ou pran grenn ou yo jan yo preskri yo a epi ou toujou gen efè segondè, pale ak pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP). Li ka chanje dòz la oswa klas medikaman yo. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Ou ka evite ale lopital

Suiv plan tretman ou vle di ou gen plis chans pou w refè nèt lakay ou. Se paske pran medikaman ou jan yo mande w la ka ede anpeche pwoblèm sante yo vin pi grav epi anpeche ou bezwen plis tretman toujou.

W ap santi w pi byen

Tout medikaman fèt pou yon rezon. Yo ka sèvi pou soulaje doulè, diminye anfle oswa anpeche enfeksyon. Pran yo jan yo preskri yo a pèmèt medikaman yo aji jan yo dwe a pou w ka santi w pi byen pi vit. 

Ou ka kontinye viv endepandan

Si sante ou vin pi mal paske ou pa pran medikaman ou, ou ka bezwen plis èd nan men lòt moun. Lè ou respekte plan tretman ou, ou ka kontinye fè sa ou renmen yo epi kenbe kontwòl lavi ou. 

Kijan pou simonte prensipal difikilte ki anpeche w pran medikaman ou

Gen anpil rezon ki fè moun gen difikilte pou pran medikaman yo. Men kèk difikilte ki komen ak konsèy pou simonte yo.   

Difikilte: Pri

Solisyon: Depans pou medikaman yo ka akimile. Men, gen fason pou fè yo koute mwens. Mande pwofesyonèl swen ou oswa famasyen ou enfòmasyon sou lòt medikaman ki pi bon mache, vèsyon jenerik oswa pwogram rabè. Gen lòt resous tou ki ka ede w. Rele responsab swen ou oswa Sèvis pou manm si ou gen difikilte pou peye medikaman ou yo. 

Difikilte: Ou pa konnen poukisa ou bezwen medikaman an

Solisyon: Konesans ba ou pouvwa! Konprann kijan yon medikaman ede w se yon bon motivasyon pou pran li. Mande pwofesyonèl swen ou oswa famasyen ou esplike kijan medikaman ou aji ak poukisa li ede w.

Epi sonje: Menm si ou pa santi ou malad, sote medikaman ou ka lakòz pwoblèm. Konsidere sa tankou bwose dan ou. Ou fè sa chak jou pou evite kari, menm si dan ou pa fè w mal. 

Difikilte: Efè segondè yo enkyete w

Solisyon: Se vre, medikaman ka lakòz efè segondè. Men, se pa tout moun ki genyen yo. Epi anpil efè segondè pa grav e yo fasil pou jere. Pale ak pwofesyonèl swen ou oswa famasyen ou sou sa pou w atann ak sa pou w fè si ou pa santi w byen. Pafwa, solisyon an ka senp tankou preskri yon lòt medikaman ki mache pi byen pou ou. 

Difikilte: Ou gen twòp medikaman pou w sonje pran yo tout

Solisyon: Kòmanse pa revize tout medikaman ou yo ak PCP ou omwen yon fwa pa ane. Li ka rive diminye kantite medikaman ou bezwen yo.  

Apre sa, chèche yon zouti pou ede w òganize medikaman ou yo. Bwat pou òganize grenn pa koute chè epi yo fasil pou itilize. Oswa mande famasyen ou si li ofri medikaman ki deja klase nan sachè. L ap mete medikaman ou yo nan sachè apa ki make jou ak lè pou pran chak dòz.  

Pou yon solisyon ki sèvi ak teknoloji, gade aplikasyon telefòn yo. Ou ka anrejistre tout medikaman ou yo epi mete alam oswa lòt rapèl lè li lè pou pran yon dòz. 

Kèlkeswa difikilte w ap rankontre, ekip swen ou ka ede w simonte yo. Èske ou bezwen èd pou jwenn medikaman sou preskripsyon ou yo oswa yon famasi nan rezo a toupre ou? Mande PCP ou oswa rele Sèvis pou manm. Yo la pou ede w rete an sante epi respekte tretman ou. 

 

Lòt sous

Difikilte ki souvan anpeche moun pran medikaman yo: American Medical Association

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.