Enfeksyon moun pran nan fè sèks yo komen. Men sa ou ta dwe konnen

Anpil moun pran yon enfeksyon ki transmèt nan fè sèks (STI) pandan lavi yo. Prevansyon ak tès depistaj ka ede pwoteje sante w.  

Yon koup k ap souri youn bay lòt.

Se bakteri, viris oswa parazit ki lakòz enfeksyon moun pran nan fè sèks, oswa STI. 

Yo ka pase soti nan yon moun ale nan yon lòt pandan kontak seksyèl. Gen kèk STI ki ka pwopaje tou lè moun pataje zegwi. 

Moun ki ansent yo ka transmèt yon STI bay tibebe yo pandan gwosès la tou.

Men kèk STI ki komen: 

  • Viris papilòm imen (HPV)
  • Klamidya
  • Gonore
  • Èpès
  • Viris iminodefisyans imen (VIH)

Bon nouvèl la: Yo ka trete anpil STI, sitou lè yo detekte yo bonè. 

Siy ak sentòm

STI ka bay diferan sentòm. Men kèk sentòm komen pou w siveye:

  • Doulè oswa sansasyon boule lè w ap pipi
  • Maleng, ti boul oswa gratèl alantou ògàn jenital yo
  • Chanjman nan likid ki soti nan pati gason oswa nan vajen (ou ka remake yon odè fò oswa yon chanjman nan koulè oswa kantite ekoulman an)
  • Demanjezon oswa doulè nan ògàn jenital yo
  • Doulè pandan w ap fè sèks
  • Doulè anba vant

Se pa tout moun ki gen yon STI ki gen sentòm. Fè tès se sèl fason pou w konnen ak sètitid.  

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Kijan pou w evite enfeksyon moun pran nan fè sèks

Sèl fason pou w evite STI nèt se pa fè sèks. Si ou fè sèks, gen fason pou diminye risk ou:

  • Sèvi ak yon kapòt chak fwa.
     
  • Pran vaksen kont viris papilòm imen (HPV) ak epatit B. Vaksen yo ede kò ou konbat enfeksyon. Vaksen kont HPV ka menm anpeche kansè nan kòl matris. Se paske HPV ka lakòz kansè nan kòl matris ak kèk lòt kansè.
     
  • Limite kantite patnè seksyèl ou genyen.
     
  • Pale ak patnè ou a oswa patnè ou yo. Se pou nou onèt youn ak lòt sou istwa seksyèl nou. Epi mete nou dakò sou prevansyon ak tès depistaj.

Sa pou w konnen sou tès depistaj

Tès depistaj STI fè pati swen sante nòmal. Anjeneral, yo rapid epi fasil. Epi plan Aetna ou a kouvri yo. Tès yo ka gen ladan yon egzamen fizik oswa analiz likid tankou san, pipi oswa saliv.  

Si ou aktif seksyèlman, pale ak PCP ou a sou tès depistaj STI. Sitou si ou gen yon nouvo patnè oswa plis pase yon patnè. Oswa si ou gen nenpòt sentòm.  

Moun ki ansent yo ta dwe fè tès bonè. Gen kèk STI ki ka fè tibebe a mal si yo pa trete yo. 

Sa k pase si ou menm oswa patnè ou gen yon enfeksyon moun pran nan fè sèks

Pwofesyonèl swen ou a ap fè w konnen sa pou w fè si ou menm oswa patnè ou gen yon STI. Asire w ou: 

  • Pran tout medikaman yo jan yo mande w la
  • Fè patnè ou a oswa patnè ou yo konnen pou yo ka fè tès tou
  • Pa fè sèks jiskaske pwofesyonèl swen ou a di ou ka fè sa san danje

STI se pwoblèm yo trete regilyèman nan swen sante. Men, gen èd ki disponib. Fè tès epi resevwa tretman se mezi ou ka pran pou tèt ou, patnè ou ak fanmi ou. Pwofesyonèl swen ou a la pou reponn kesyon ou yo epi ede w jwenn swen ou bezwen yo. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.