Pa neglije vaksen enpòtan sa a

Vaksen sa a, moun souvan neglije a, ka ede anpeche sèten kansè. Aprann kilè pou pran li ansanm ak lòt vaksen ki ka sove lavi.

Adolesan k ap jwe deyò nan dlo

Timoun yo bezwen vaksen pandan tout anfans yo. Yo ede pwoteje yo kont maladi ki ka lakòz maladi grav, pwoblèm sante ki dire lontan oswa menm lanmò. Men, gen yon vaksen ou ka pa panse a: vaksen kont HPV a. 

HPV se abrevyasyon ann anglè pou viris papilòm imen. Se yon viris komen ki pwopaje atravè kontak seksyèl. Prèske tout moun ap pran HPV yon lè nan lavi yo. Anjeneral, HPV pa bay sentòm. Men, ou pa ta dwe neglije l.  

Sèten souch HPV ka lakòz kansè pita nan lavi. Anfèt, HPV se kòz kansè nan kòl matris ki pi komen an. Se poutèt sa vaksen kont HPV a enpòtan anpil. Li ede pwoteje pitit ou kont souch HPV ki gen plis chans pou yo lakòz kansè.  

Li pi bon pou timoun yo pran vaksen kont HPV a anvan yo vin aktif seksyèlman. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) yo rekòmande de dòz vaksen kont HPV pou tout timoun ki gen 11 a 12 an. Men, yo ka pran l depi yo gen 9 an. Pale ak doktè pitit ou a oswa ale sou cdc.gov/hpv pou aprann plis sou HPV ak vaksen an. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Gid konplè ou sou vaksen pou timoun

CDC rekòmande yon kalandriye vaksinasyon depi nesans rive nan adolesans (gade tablo a). Doktè pitit ou a ka ba li vaksen pandan vizit swivi pou timoun ki an sante yo. Li bon pou w kenbe yon kopi dosye vaksinasyon pitit ou a pou w ka sèvi avè l pi devan.  

Plan ou a kouvri vaksen regilye yo san ou pa peye anyen anplis. Ou ka menm jwenn rekonpans lè ou pran vaksen yo alè. Gade manyèl manm ou a oswa rele Sèvis pou manm pou jwenn plis enfòmasyon.  

Non vaksen anPwoteje kontKi lè pou w pran li
DTaP/TdapDifteri, tetanòs ak koklich (pertussis)2 mwa, 4 mwa, 6 mwa, 15-18 mwa, 4-6 an, 11-12 an
HepBEpatit B, yon kalite enfeksyon nan fwaNesans, 1-2 mwa, 6-18 mwa
HepAEpatit A, yon kalite enfeksyon nan fwa12-23 mwa
HibHaemophilus influenzae tip b, ki ka lakòz menenjit oswa nemoni2 mwa, 4 mwa, 6 mwa, 12-15 mwa
HPVViris papilòm imen, ki ka lakòz kansè nan kòl matris ak lòt kansè11-12 an
GripViris grip ki sikile chak ane yoYon fwa pa ane apre laj 6 mwa
IPVPolyo, ki ka lakòz paralizi2 mwa, 4 mwa, 6-18 mwa, 4-6 an
MenACWYMaladi menengokòk, ki ka lakòz menenjit oswa enfeksyon nan san11-12 an, 15-16 an
MMRViris lawoujòl, malmouton ak ribeyòl12-15 mwa, 4-6 an
RVWotaviris, ki ka lakòz lafyèv, vomisman ak dyare2 mwa, 4 mwa, 6 mwa
VarisèlVarisèl12-15 mwa, 4-6 an

Pwoteje pitit ou anvan nesans li

Lè ou pran sèten vaksen pandan ou ansent, sa ka pwoteje ou menm ak pitit ou. Lè ou pran yon vaksen, kò ou pwodui antikò ki ede konbat enfeksyon. Lè ou ansent, ou transmèt kèk nan antikò sa yo bay tibebe ou. Sa vle di tibebe ou ap pwoteje depi premye jou nesans li.  

Si ou ansent, poze doktè ou kesyon sou rekòmandasyon espesyalis yo pou vaksen sa yo: 

  • Tdap (tetanòs, difteri ak koklich): Pran vaksen sa a ant 27 ak 36 semèn gwosès.
  • Grip: Pran vaksen sa a pandan sezon grip la.
  • RSV (viris respiratwa sensisyal): Pran yon vaksen kont RSV ant 32 ak 36 semèn gwosès. Piki kont RSV yo san danje tou pou tibebe ki poko gen 8 mwa si ou pa t pran vaksen an pandan ou te ansent.
  • COVID-19: Poze doktè ou kesyon sou pran vaksen kont COVID-19 la pandan ou ansent. 

 

Gade sous nou yo

Vaksen kont HPV: Centers for Disease Control and Prevention

Kalandriye vaksinasyon timoun: Centers for Disease Control and Prevention 

Vaksen pandan gwosès: Centers for Disease Control and Prevention  

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.