Pwoteje sante poumon ou pandan sezon fredi
Lè frèt ak mikwòb sezon fredi ka fè li pi difisil pou respire. Epi sa ka danjere pou moun ki gen yon maladi poumon tankou opresyon oswa maladi pilmonè obstriktif kwonik (COPD). Kontinye li pou jwenn fason pou pwoteje poumon ou epi santi w pi byen.
Sezon fredi ka afekte sante poumon ou. Lè frèt ki sèk ka bay pwoblèm. Rim ak grip gaye fasil. Li difisil pou travèse sezon an san ou pa trape yon enfeksyon nan aparèy respiratwa siperyè a.
Timoun ak granmoun ki gen opresyon oswa COPD gen yon risk ki pi wo toujou pou pwoblèm poumon pandan sezon fredi. Yon rim, yon grip oswa lòt pwoblèm ka fè sentòm yo vin pi grav. Sa ka menm fè ou oblije ale lopital.
Men, gen mezi ou ka pran pou kenbe ou menm ak pitit ou yo an sante. Men kijan.
Aprann plis sou opresyon ak maladi pilmonè obstriktif kwonik (COPD)
Anpeche rim ak grip
Pi bon fason pou rete an sante? Evite malad depi nan kòmansman. Mikwòb ki lakòz rim ak grip gaye fasil. Men, ou ka fè anpil bagay pou konbat yo.
- Lave men ou. Sèvi ak savon ak dlo cho pou fwote men ou pandan omwen 20 segonn. Ou pa ka jwenn yon lavabo? Sèvi ak dezenfektan pou men si se sèl sa ou genyen.
- Kenbe sifas yo pwòp. Dezenfekte bagay ou manyen souvan yo. Sa gen ladan bouton pòt, manch, volan ak telefòn ou.
- Kenbe distans ou. Pa pwoche twò pre yon moun ki malad.
- Mete yon mask. Si ou pa ka kenbe distans ou, yon mask ka pwoteje w kote ki gen anpil moun. Si ou malad, mete yon mask ka anpeche w transmèt maladi a bay lòt moun.
- Pran medikaman ou. Lè ou byen kontwole COPD ak opresyon, sa ka ede poumon ou konbat mikwòb pi byen. Kontinye pran medikaman ou yo jan yo mande w la pou rete an sante.
Èske mwen ta dwe pran antibyotik?
Antibyotik se yon tretman yo itilize souvan pou anpil pwoblèm. Men, yo pa toujou bon chwa pou enfeksyon nan aparèy respiratwa siperyè a.
Antibyotik aji sèlman sou enfeksyon bakteri lakòz. Men, se viris ki lakòz rim ak grip. Epi antibyotik pa ede trete yon enfeksyon viris lakòz.
Si ou kòmanse santi ou malad, ale kay doktè ou oswa nan yon sant swen rapid. Yo ka fè tès pou detèmine si se bakteri oswa viris ki lakòz enfeksyon an. Apre sa, y ap preskri medikaman oswa lòt tretman pou ede w santi w pi byen.
Si yo preskri yon antibyotik, asire ou pran li egzakteman jan yo mande w la. Suiv enstriksyon doktè ou oswa famasyen ou bay sou dòz la. Epi pran tout tretman an jouk li fini, menm si ou kòmanse santi w pi byen anvan sa.
Kite fimen oswa pa kòmanse fimen
Fimen ak rete bò kote lafimen ka domaje poumon. Sa gen ladan sigarèt elektwonik tou. Sa espesyalman danjere pou moun ki gen opresyon oswa COPD. Si ou pa fimen, li pi bon pou eseye evite lafimen lòt moun chak fwa sa posib.
Si ou fimen, pale ak doktè ou sou fason pou kite fimen. Se youn nan pi bon bagay ou ka fè pou sante ou ak sante moun ki bò kote ou yo. Doktè ou ka rekòmande pwogram, zouti oswa medikaman ki ka ede w.
Gade sous nou yo
Lè frèt ak poumon ou: American Lung Association
Sa pou w fè lè ou malad: Centers for Disease Control and Prevention
Èd pou kite fimen: SmokeFree.gov