6 konsèy pou jere fatig ekstrèm lè w ap pran swen yon moun
Aprann kijan pou jere estrès, fikse limit epi pran swen tèt ou — pandan w ap pran swen yon lòt moun.
Pran swen yon moun ou renmen se yon gwo travay. Sa ka ba ou satisfaksyon. Men, sa ka fè w santi w fatige, anba estrès e pafwa menm tris.
Li esansyèl pou pran swen tèt ou pandan w ap fè sa. Men kèk konsèy ki ka ede.
1. Prepare fòmilè enpòtan yo
Kenbe dokiman enpòtan yo nan yon kote ki an sekirite epi ki fasil pou jwenn. Sa gendwa gen ladan:
Pwokirasyon: Ou ka bezwen pran desizyon medikal oswa finansye pou moun ou renmen an. Konsidere fè yon pwokirasyon. Fòm sa a ba ou dwa legal pou aji nan non li.
Otorizasyon medikal: Sa pèmèt ou jwenn aksè nan dosye medikal moun ou renmen an epi pale ak pwofesyonèl swen sante li yo.
Kontak pou ijans: Kenbe yon lis moun pou kontakte nan ka ijans, tankou:
Pwofesyonèl swen medikal
Manm fanmi
Zanmi
2. Fè egzamen sante chak ane
Pa bliye byen suiv pwòp sante ou tou:
Pran randevou regilyèman ak pwofesyonèl swen ou.
Pran medikaman yo jan yo mande w la.
Rete ajou ak vaksen ak tès depistaj prevantif yo.
Mande doktè ou ki sa li lè pou w fè.
3. Pran poz
Pran swen yon moun ou renmen ka yon travay 24 sou 24, 7 sou 7. Men, tout moun bezwen yon poz pou reprann fòs. Mande lòt manm fanmi oswa zanmi si yo ka ede w ak bagay tankou fè komisyon, prepare manje oswa mennen moun nan nan randevou.
Ou ka pale tou ak ekip swen moun ou renmen an sou posiblite pou anboche yon pwofesyonèl pou ede w. Yon sant lajounen pou granmoun oswa yon oksilyè swen sante lakay, menm si se sèlman youn oubyen de jou pa semèn, ka yon gwo èd.
4. Pran swen tèt ou
Lè ou pran swen tèt ou, ou pi byen kapab pran swen lòt moun.
Pran tan pou bouje. Menm aktivite lejè ka fè yon diferans. Detire chak jou, fè ti sesyon egzèsis e menm fè travay nan kay se bon fason pou bouje.
Manje repa ki ekilibre. Planifye epi prepare manje davans ka ede w respekte bon abitid ou yo. Kenbe ti goute ki bon pou sante sou lamen, tankou fwi, nwa ak ba granola. Epi bwè anpil dlo.
Kontwole estrès. Pran tan pou aktivite ki amizan oswa ki detann ou.
Dòmi ase. Eseye dòmi ant sèt ak nèf èdtan chak swa. Epi eseye al kouche apeprè menm lè chak swa.
5. Òganize orè ou
Èske ou gen difikilte pou sonje randevou ak travay pou fè yo? Eseye konsèy sa yo:
Eseye mete randevou moun ou renmen an nan menm jou a pou w ka sonje yo pi fasil.
Planifye travay swen yo nan yon ajanda oswa kalandriye dijital. Chwazi yon jou ak yon lè regilye pou bagay tankou prepare manje oswa fè netwayaj pou w pa pran reta.
Konsantre sou travay ki pi ijan yo an premye. Pa eseye fè tout bagay an menm tan.
Sèvi ak alam oswa rapèl pou ede w respekte orè ou.
6. Kenbe kontak ak lòt moun
Yon bon rezo sipò ka fè yon gwo diferans nan byennèt ou. Gen anpil resous pou ede moun k ap bay swen yo:
Chèche yon gwoup sipò. Se yon okazyon pou pataje eksperyans ou epi jwenn konsèy lòt moun ki nan sitiyasyon ki sanble ak pa ou.
Pale ak yon terapet oswa konseye. Li ka bay sipò emosyonèl ak teknik pou fè fas ak difikilte.
Pran tan pou fanmi ak zanmi. Epi mande yo èd chak fwa ou bezwen sa.