3 fason pou soulaje depresyon sezonye

Èske imè ou bese menm jan ak tanperati a pandan sezon fredi sa a? Si se sa, ou pa bezwen tann jouk prentan rive pou w santi w miyò. Men kijan ou ka santi w pi byen.

Twa granmoun chita sou yon ban.

Si ou remake tristès anvayi w lè sezon lete fini epi otòn ak sezon fredi rive, ou ka gen yon pwoblèm yo rele twoub depresif majè (MDD) ki suiv yon ritm sezonye. (Anvan sa, yo te rele li twoub afektif sezonye, oswa SAD.)

Se sezon yo ki deklanche fòm depresyon sa a, epi jiska 3 pousan moun viv sa. Espesyalis yo pa konnen egzakteman sa ki lakòz li. Men, li ka gen rapò ak chanjman nan limyè solèy pandan sezon fredi.

Tout bagay ki nòmalman ede leve moral ka ede soulaje sentòm depresyon sezonye. Sa gen ladan fè egzèsis, pase tan ak lòt moun epi manje byen.

Men, gen kèk tretman ki espesyalman itil pou MDD ki suiv yon ritm sezonye.

  • Terapi ak limyè. Nan terapi ak limyè, ou chita kèk pye lwen yon bwat limyè espesyal nan premye èdtan apre ou leve. Resevwa limyè fò byen bonè nan jounen an gen efè sou òmòn nan sèvo ki gen rapò ak imè.

    Ou pa ka jwenn yon bwat limyè? Chèche jwenn plis limyè solèy pandan jounen an. Louvri pèsyèn ou epi chita bò yon fenèt ki resevwa solèy, sitou byen bonè nan maten. 
     
  • Terapi pa lapawòl. Pale ak yon pwofesyonèl swen sante mantal ka ede. Li ka ede w:
    • Rekonèt epi chanje panse ak konpòtman negatif ki ka fè w santi w pi mal.
       
    • Aprann bon fason pou fè fas ak difikilte.
       
    • Aprann kijan pou jere estrès.
       
  • Medikaman. Medikaman kont depresyon ka ede si sentòm ou yo grav anpil. Doktè ou ka rekòmande ou kòmanse pran youn anvan sentòm ou yo parèt chak ane paske li ka pran plizyè semèn pou li kòmanse aji.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Risk opyoyid yo

Opyoyid se medikaman pisan kont doulè. Yo souvan itilize yo pou soulaje doulè pou yon ti tan, pa egzanp apre yon blesi oswa pandan gerizon apre operasyon. Men, yo ka kreye gwo depandans tou. Pran mezi sa yo pou diminye risk depandans oswa òvèdòz:

  • Sèvi ak pi piti dòz la pandan pi kout tan posib.

  • Pa janm pran plis pase sa yo preskri a.

  • Pa pran opyoyid ansanm ak alkòl.

  • Kenbe opyoyid yo nan yon kote ki an sekirite epi ki byen fèmen.

  • Elimine tout grenn ou pa itilize yo. Mande famasyen ou kijan pou elimine opyoyid san danje.

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.