Kijan pou gen mwens doulè pandan tout jounen an
Èske ou leve ak kò rèd ak doulè? Oswa èske doulè ou vin pi mal pandan jounen an ap pase? Jwenn konsèy ki ka ede soulaje epi anpeche doulè depi maten rive aswè.
Si w ap viv ak doulè ki dire lontan, ou pa poukont ou. Apeprè yon Ameriken sou senk ap viv ak doulè kwonik. Epi kòz yo pa toujou klè.
Doulè ka anpeche w travay oswa fè sa ou renmen. Medikaman kont doulè ka soulaje w. Men, yo ka gen efè segondè ou pa vle epi yo pa pi bon chwa pou itilize pandan lontan.
Bon nouvèl la? Ti chanjman nan fason ou viv ka ede w jere doulè depi maten rive aswè.
Kijan pou gen mwens doulè nan maten
- Fè kèk detire senp. Ou ka fè yo pandan ou toujou nan kabann. Rale jenou ou dousman sou pwatrin ou epi balanse yo adwat agoch. Apre sa, pliye epi lonje janm ou kèk fwa. Sa ede detann misk ou ak jwenti ou.
- Al fè yon ti mache nan maten. Lè ou fin chofe jwenti ou ak detire, fè kèk mouvman ka ede w santi w pi byen. Eseye mache sou yon sifas plat epi evite tan frèt, ki ka fè doulè vin pi mal.
- Pran yon douch tyèd. Dlo tyèd sou misk ak jwenti ki rèd ka ede soulaje rèd maten an. Chalè imid, tankou vapè douch, pi efikas toujou pase chalè sèk kousen chofant yo.
- Pran yon bon dejene. Èske ou pran medikaman oswa sipleman pou soulaje doulè? Pran yo ak manje pou evite lestomak deranje. Chwazi yon dejene ki ekilibre, tankou sereyal grenn antye ak fwi oswa yon bwason fwi pase nan blenndè.
Kijan pou gen mwens doulè pandan jounen an
- Pran poz pou detann ou. Ou ka remake doulè ou vin pi mal pandan jounen an ap pase. Estrès se youn nan rezon yo. Eseye egzèsis atansyon sou moman prezan oswa egzèsis respirasyon pou soulaje estrès ak tansyon.
- Chanje alimantasyon ou. Diminye manje transfòme ki gen anpil grès oswa sik. Yo ka ankouraje enflamasyon, sa ki ka fè doulè vin pi mal. Ajoute plis fwi, legim, nwa ak bon grès nan alimantasyon ou.
- Kontinye bouje. Si ou pase pifò jounen an chita, eseye leve omwen yon fwa chak èdtan. Mache pandan kèk minit oswa fè kèk detire dousman. Bouje regilyèman ka ede diminye doulè.
Kijan pou gen mwens doulè lannuit
- Chanje pozisyon ou dòmi an. Evite dòmi sou vant ou. Sa ka mete kou ou ak kolòn vètebral ou nan yon pozisyon ki pa natirèl. Eseye dòmi sou do ou ak yon zòrye anba jenou ou. Oswa dòmi sou kote ak yon zòrye ant jenou ou.
- Adapte anviwònman kote ou dòmi an. Doulè ka fè li pi difisil pou dòmi pran w. Kenbe chanm ou fre (apeprè 65°F). Tanperati ki pi fre ede kò ou konprann li lè pou dòmi.
- Eseye krèm pou pase sou po. Yon chwa ki san danje pou ede soulaje doulè lannuit? Krèm ou ka achte san preskripsyon. Yo gen medikaman ki ka soulaje doulè. Epi masaj ou fè pandan w ap pase krèm nan sou po ou ka kalme doulè epi ede w detann ou tou.
Evite risk ki gen rapò ak itilizasyon opyoyid
Opyoyid se medikaman pisan kont doulè. Yo souvan itilize yo pou soulaje doulè pou yon ti tan, pa egzanp apre yon blesi oswa pandan gerizon apre operasyon. Men, yo ka kreye gwo depandans tou.
Pran mezi sa yo pou diminye risk depandans oswa òvèdòz:
- Sèvi ak pi piti dòz la pandan pi kout tan posib.
- Pa janm pran plis pase sa yo preskri a.
- Pa pran opyoyid ansanm ak alkòl.
- Kenbe opyoyid yo nan yon kote ki an sekirite epi ki byen fèmen.
- Pa janm pataje medikaman ou ak lòt moun.
- Elimine tout grenn ou pa itilize yo. Men, pa jete yo nan fatra kay ou. Mande famasyen ou kijan pou elimine opyoyid san danje.
Mande doktè ou enfòmasyon sou lòt fason pou jere doulè. Men kèk chwa ki gen mwens risk:
- Medikaman kont doulè ou ka achte san preskripsyon, tankou ibuprofen oswa acetaminophen
- Terapi fizik pou amelyore kapasite pou bouje ak fòs
- Chanjman nan fason ou viv, tankou alimantasyon ak egzèsis, pou jere doulè