Sa pou w atann lè w ap fè yon mamografi

Se youn nan tès depistaj kansè ki pi enpòtan pou fanm. Men tout sa ou bezwen konnen sou egzamen an.

De fanm k ap anbrase youn lòt

Yon mamografi ka pa randevou ou pi renmen an. Men, se yon etap enpòtan ki ka pwoteje w kont kansè ki pi komen lakay fanm.

Apeprè youn sou chak uit fanm ap gen kansè nan tete pandan lavi li. Men, lè yo detekte l bonè — sa mamografi ka fè — ou gen 99% chans pou w geri. Anfèt, depi 1990, mamografi ede diminye lanmò akòz kansè nan tete prèske 40%.

Pi bon nouvèl la? Tès depistaj sa a rapid epi li prezante ti risk. Kontinye li pou aprann plis sou tès la ak ki lè ou ta dwe fè l.

Kisa yon mamografi ye?

Yon mamografi se:

  • Yon radyografi tisi tete ou. Li ede detekte pwoblèm ki ka kansè. Lè ou fè mamografi regilyèman, sa ka ede detekte chanjman ki fèt ofiramezi tou.
  • Yon tès depistaj. Anjeneral, li pa ka konfime yon dyagnostik kansè. Selon rezilta yo, pwofesyonèl swen ou a ka fè lòt tès pou konfime si ou gen kansè oswa non.  
  • San danje epi efikas.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Ki pi bon laj pou kòmanse fè mamografi?

Tout fanm ta dwe kòmanse fè mamografi lè yo gen 40 an. Epi espesyalis yo rekòmande pou yo fè youn chak dezan.

Si ou gen gwo risk pou kansè nan tete, pwofesyonèl swen ou a ka rekòmande pou w kòmanse pi bonè. Faktè sa yo ka ogmante risk ou:

  • Istwa medikal pèsonèl: Si ou te gen boul nan tete oswa ou te resevwa radyoterapi nan pwatrin.
  • Istwa medikal fanmi: Si yon fanmi pwòch te gen kansè nan tete oswa nan ovè.
  • Istwa repwodiksyon: Risk ou ka pi wo si: 
    • Ou te kòmanse gen règ ou bonè (anvan laj 12 an). 
    • Ou te antre nan menopoz ta (apre laj 55 an). 
    • Ou te ansent ta (apre 30 an), ou pa janm bay tete oswa ou pa janm pote yon gwosès rive nan tèm. 
  • Ras: Fanm nwa gen plis chans pou yo gen kansè nan tete nan yon laj ki pi jèn.

Li pa janm twò bonè pou w kòmanse pale ak pwofesyonèl swen ou a sou risk ou genyen pou kansè nan tete. Li ka rekòmande pi bon moman pou w kòmanse fè tès depistaj.

Kijan pou w prepare pou mamografi ou a

Pran mezi sa yo pou ede tout bagay mache byen:

  • Planifye selon règ ou: Tete ou yo ka pi sansib pandan règ ou. Eseye pran randevou pou egzamen an anviwon yon semèn apre règ ou pou li fè mwens mal.
  • Si se pa premye fwa ou: Asire w sant egzamen an gen rezilta tès ou te fè anvan yo. Si w pral nan yon lòt sant egzamen, mande pou yo voye ansyen rezilta tès ou yo nan nouvo sant lan.
  • Mete rad konfòtab: W ap bezwen retire rad ou soti nan ren monte epi mete yon blouz egzamen. Kidonk, prevwa mete yon kòsaj ak yon pantalon oswa yon jip. W ap bezwen retire tout kolye ou tou.   
  • Pa mete deyodoran, krèm oswa losyon: Nenpòt pwodui ki sou zòn pwatrin ou oswa toupre l ka anpeche imaj radyografi yo parèt byen.
  • Enfòme teknisyen an: Fè l konnen si ou: 
    • Remake chanjman nan youn nan tete ou yo dènyèman 
    • Gen yon gwo risk jenetik pou kansè nan tete 
    • Ap bay tete 
    • Ka ansent 
    • Gen enplan nan tete
    • Gen grenn bote, lòt kwasans oswa sikatris (yo ka parèt sispèk sou radyografi a)

Sa k pase pandan tès depistaj la

Egzamen an pran mwens pase yon demièdtan. W ap kanpe devan yon aparèy radyografi espesyal. Yon teknisyen ap mete tete ou sou aparèy la. Apre sa, l ap desann yon plak plastik pou peze tete ou.

W ap oblije kenbe souf ou epi rete san bouje pandan kèk segonn lè y ap fè radyografi a. Y ap pran plizyè imaj anlè ak sou kote chak tete.

Apre sa, teknisyen an ap verifye si imaj yo klè. Si yo pa klè, li ka bezwen pran lòt imaj.

Sa pou w fè apre egzamen ou an

Sonje teknisyen an pa ka ba ou rezilta tès la. Yon radyològ dwe egzamine imaj yo.

Jwenn rezilta yo. Dapre lalwa, ou dwe resevwa rezilta egzamen ou an nan lespas 30 jou. Ou gen anpil chans pou w resevwa yo pi bonè pase sa. Si ou pa resevwa yo, rele pwofesyonèl swen ou a. Rezilta yo ap endike si tès ou a nòmal oswa si ou bezwen fè lòt tès.

Poze kesyon. Pwofesyonèl swen ou a ta dwe esplike w rezilta yo. Pa pè poze kesyon oswa pale sou enkyetid ou genyen.

Pa panike si rezilta ou yo pa nòmal.Pwofesyonèl swen ou a ka mande w retounen pou fè lòt tès. Sonje pifò pwoblèm yo jwenn nan yon mamografi pa kansè.

Kontinye pran swen sante tete ou. Espesyalis yo rekòmande pou w fè yon mamografi chak dezan. Selon rezilta ou yo, pwofesyonèl swen ou a ka sijere pou w fè l pi souvan. Nan pwochen tès depistaj ou a, l ap kapab konpare rezilta yo ak tès anvan yo pou chèche chanjman.

Siveye sante tete ou lakay tou. Aprann konnen aparans tete ou yo ak jan yo ye lè ou manyen yo nan diferan moman nan mwa a. Siveye nenpòt chanjman. Epi fè doktè ou konnen si gen yon bagay ki enkyete w.

Gade sous nou yo

Estatistik sou mamografi: American College of Radiology  

Rekòmandasyon pou tès depistaj: U.S. Preventive Services Task Force; American Cancer Society

Estatistik sou risk pou kansè nan tete pandan lavi: American Cancer Society  

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.