Planin pou tout moun

Kèlkeswa laj ou, sèks ou oswa objektif ou, planin se yon pati enpòtan nan kenbe tèt ou an sante. Li enpòtan nan chak etap lavi a epi li ede w fè chwa ki byen enfòme. 

Yon koup chita sou yon sofa.

Planin familyal pa sèlman konsène fason pou evite gwosès oswa prepare pou li. Li gen ladan swen regilye ki ede pwoteje kò ou. Li ede w pran swen sante ou kounye a ak nan lavni. Men sa pou w konnen. 

Sa pou w konnen sou planin familyal

Planin familyal vle di pran swen sante repwodiksyon ou. Sa gen ladan pati nan kò ou ki pèmèt ou gen timoun. Menm si ou pa vle gen timoun kounye a oswa ou pa janm vle genyen, swen sa yo toujou enpòtan. 

Planin familyal ede w:

  • Konprann kò ou
  • Evite gwosès oswa planifye yon gwosès
  • Favorize yon gwosès an sante
  • Rete an sante anvan, pandan ak apre gwosès
  • Pran prekosyon lè w ap fè sèks
  • Evite oswa trete enfeksyon moun pran nan fè sèks (STI)

Li enpòtan pou w wè PCP ou a

Vizit regilye ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) ou a se baz planin familyal. Vizit sa yo ka gen ladan yo:  

  • Pale ak yon pwofesyonèl swen sou sante ou ak plan ou pou lavni
  • Aprann sou metòd planin yo epi chwazi sa ki pi bon pou ou a
  • Tès gwosès
  • Tès ak tretman pou sèten enfeksyon
  • Aprann kijan pou w rete an sante anvan gwosès
  • Jwenn èd pou kite ase tan ant gwosès yo pou kò ou ka refè
  • Tès depistaj sante, tankou mezi tansyon
  • Referans pou lòt swen si ou bezwen yo

Gason ak moun tout sèks bezwen swen sante repwodiksyon. Se pou tout moun, pa sèlman pou fanm.

Kòm manm Medicaid, ou ka wè nenpòt pwofesyonèl swen ki ofri sèvis planin familyal. Sa gen ladan pwofesyonèl swen ki nan rezo a ak sa ki pa nan rezo a. Ou ka ale kay pwofesyonèl swen ou fè konfyans epi ou santi w alèz avèk li a. Ou pa bezwen yon referans.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Evite gwosès

Ou pa vle ansent kounye a? Ou gen anpil metòd planin ki san danje pou w chwazi. Metòd planin yo, yo rele kontrasepsyon tou, ede evite gwosès.

Gen de gwo kategori metòd planin: metòd òmonal ak metòd baryè.

Metòd planin òmonal yo chanje nivo òmòn yo pou diminye risk gwosès. Gen plizyè fòm:

  • Grenn
  • Piki
  • Patch
  • Bag vajinal
  • Dispozitif entra-iterin oswa IUD (yo mete nan matris la)
  • Enplan (yo mete nan bra a)

Metòd baryè yo aji tankou yon pwoteksyon. Yo anpeche espèmatozoyid yo rive jwenn ovil la. Pami yo genyen:

  • Kapòt (yo mete deyò oswa anndan kò a)
  • Dyafram
  • Kapichon pou kòl matris

Kapòt se sèl metòd planin ki ede evite STI tou. Lè ou sèvi ak kapòt ansanm ak yon lòt metòd, ou jwenn pi bon pwoteksyon kont ni gwosès ni STI.

Pale ak PCP ou a sou metòd planin ki pi bon pou ou a. Plan ou a kouvri pifò metòd yo san ou pa peye anyen.

Prepare pou gwosès

Ou pare pou w gen yon timoun? Ou ka pran mezi depi kounye a pou prepare kò ou pou yon gwosès an sante.  

Premyèman, pran yon randevou ak PCP ou a. Pandan vizit ou a, asire w ou:

  • Pale sou istwa medikal ou. Fè PCP ou a konnen nenpòt pwoblèm sante ou genyen oswa medikaman w ap pran. Ou ka poze kesyon epi pale sou nenpòt enkyetid ou genyen tou.
     
  • Poze kesyon sou vaksen yo. Yo ka pwoteje ou menm ak tibebe w la kont maladi pandan w ansent.
     
  • Fè tès depistaj STI. Yo ka afekte sante ou epi lakòz pwoblèm pandan gwosès la. Ou ka transmèt STI bay tibebe w la tou. Tès yo fasil epi yo konfidansyèl. Si ou gen nenpòt STI, PCP ou a ka ede trete yo pou pwoteje ou menm ak tibebe w la.
     
  • Jwenn èd pou sispann fimen, sèvi ak sigarèt elektwonik, bwè alkòl oswa pran dwòg. Abitid sa yo ka lakòz pwoblèm pandan gwosès la epi fè tibebe a mal.
     
  • Jere pwoblèm sante ou yo. Èske ou gen yon maladi kwonik tankou opresyon, dyabèt oswa depresyon? Travay ak doktè ou pou ede w kontwole l.

Pandan ou ansent

Si ou vin ansent, wè PCP ou a pi vit ou kapab. L ap ede w kòmanse swen prenatal (vizit swivi regilye pandan gwosès la). Vizit sa yo ede siveye sante w ak kwasans tibebe w la. 

Fè Aetna konnen ou ansent tou. Sèvis pou manm ka mete w an kontak ak yon responsab swen. L ap ede kowòdone swen ou epi mete w an kontak ak resous ki ka ede w.  

Plan ou a ka ofri lòt benefis anplis tou. Ou ka jwenn avantaj tankou sipò pou gwosès 24 èdtan sou 24, 7 jou sou 7, oswa rekonpans lè ou resevwa tout swen prenatal ou yo. Ale sou sit entènèt plan ou a oswa gade manyèl manm ou a pou jwenn detay.  

Apre nesans tibebe w la

W ap konsantre sou tibebe w la ki fèk fèt pou w kenbe w an sante. Men, li enpòtan menm jan pou w pran swen pwòp sante ou. Kontinye ale nan vizit ou yo ak PCP ou a. Li ka ede w ak bay tete epi chwazi yon metòd planin. Li ka ede siveye siy depresyon apre akouchman tou.  

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.