Manje manje ki bon pou sante pandan sezon fèt la
Lè gen bagay dous ak ti goute sezon an tout kote, li ka difisil pou w kontinye manje manje ki bon pou sante ou. Sèvi ak konsèy sa yo pou w fè bon chwa san ou pa pèdi bon gou.
Chwazi manje fèt ki pi lejè
Kiyès ki di manje fèt yo dwe lou? Senpleman chwazi desè ki pi lejè, tankou tat joumou oswa gato angel food ak fwi, olye desè ki gen plis kalori tankou gato chokola fondan oswa tat nwa pekann.
Suiv metòd asyèt la
Sèvi ak teknik sa a pou ranpli asyèt ou ak yon repa ekilibre: Ranpli mwatye asyèt ou ak legim ki bon pou sante ou, yon ka ak pwoteyin (tankou vyann kodenn oswa janbon) epi dènye ka a ak manje ki gen lanmidon (tankou pire pòmdetè oswa yon ti pen). Manje dousman epi pran plezi w.
Kenbe ti goute ki bon pou sante toupre ou
Pote ti goute tankou baton kawòt, nwa oswa fwi avèk ou pou lè ou santi ti grangou ant repa yo. Lè ou pa grangou, ou gen mwens chans pou w manje twòp bagay dous ak lòt ti goute.
Fè mouvman
Pa al kouche fè yon ti dòmi apre yon gwo repa. Olye sa, fè yon aktivite fizik an fanmi. Fè mouvman apre yon repa ka ede dijesyon ou epi bese nivo sik nan san ou. Mete rad cho pou w fè yon ti mache rapid apre dine. Se yon okazyon tou pou w admire limyè ak dekorasyon fèt yo pandan w ap mache!
Ti goute ki bon pou sante, ki pa chè epi tout fanmi ou ap anvi manje
Ofri bon ti goute yo ka bay de avantaj: Sa ka ba ou enèji ak bon sante kounye a, epi ranfòse sistèm iminitè ou pou ede w konbat maladi pandan sezon rim ak grip la ap kòmanse. Men ti goute moun souvan chwazi, tankou chips nan sache, bonbon ak sirèt, ka koute chè epi afekte sante ou ofiramezi. Olye sa, eseye ti goute sa yo ki fasil pou prepare epi timoun yo ap renmen. Yo bon pou sante ou epi yo pa fè w depanse anpil.
Yogout grèk
Li epè, li gen yon konsistans krèm epi li chaje ak kalsyòm ak pwoteyin. Ajoute kèk tranch fig pou jwenn potasyòm. Oswa ajoute ti fwi wouj ak ble (fre oswa jele) pou jwenn vitamin C ak antioksidan.
Tranch pòm ak manba
Ansanm, yo bay grès ki bon pou sante, pwoteyin ak vitamin ak mineral enpòtan tankou vitamin E ak potasyòm.
Yon vè lèt
Yon vè lèt frèt oswa yon tas lèt cho se yon fason fasil pou kalme grangou ou. Anplis, w ap jwenn mineral tankou kalsyòm, ansanm ak vitamin A ak D, ki ede ranfòse sistèm iminitè ou.
Legim fre ak sòs pwa chich (hummus)
Sòs hummus fèt ak pwa chich kraze, epi li se yon bon sous pwoteyin vejetal. Manje l ak legim kri tankou kawòt ak piman dous.
Tako ak vyann kodenn
Rès manje fèt Aksyondegras ou a ap gen de fwa plis gou lè ou melanje yo ak sòs salsa krannberi cho.
Engredyan
-
2 gwo kiyè lwil doliv
-
1/2 zonyon wouj, koupe an kib
-
1 tas mayi
-
1 tas krannberi
-
1 dan lay, koupe byen fen
-
1/4 tas ji zoranj
-
1 ti kiyè siwo myèl
-
1 tas vyann kodenn kwit, dechire an ti moso
-
4 tòtiya mayi
Preparasyon
-
Chofe lwil nan yon chodyè mwayen sou dife mwayen. Ajoute zonyon an epi fè l sote pandan anviwon 3 minit.
-
Ajoute mayi a, krannberi yo, lay la ak ji zoranj la. Kite yo kwit pandan 3 a 5 minit, pandan w ap brase souvan, jiskaske ji a diminye (li prèske fini).
-
Ajoute vyann kodenn nan sòs salsa a epi chofe tout melanj lan byen.
-
Separe melanj vyann kodenn ak sòs salsa a an kantite egal sou 4 tòtiya yo.
-
Si ou vle, mete gani sou li, tankou koryand, zonyon vèt oswa grenn grenad.