Manje pi byen san depanse anpil

Fè rezèv 13 engredyan bon mache sa yo nan plaka ou pou prepare repa rapid nan aswè ou okipe yo.

Yon fanmi k ap achte manje

Li pa toujou fasil pou w manje manje ki bon pou sante ou. Gen aswè kote menm prepare dine ka sanble difisil. Men yon teknik ki ka fè w ekonomize tan ak lajan pandan li diminye estrès ou: Fè rezèv manje ki bon pou sante ou epi ki konsève lontan nan kwizin ou. Konsa, w ap gen sa ou bezwen pou prepare repa rapid, ki plen vant ou epi ki bon pou sante ou lè ou prese. 

Men 13 manje doktè ak dyetetisyen yo konseye w kenbe nan plaka (ak nan frizè). Yo ede w prepare repa fasil ki bon pou sante ou, menm nan jou ou okipe yo. 

1. Pwa nan bwat 

Pwa wouj, pwa nwa, pwa wouj an fòm ren ak pwa pinto fè pati fanmi legiminez yo. Yo se manje moun souvan kenbe nan plaka tou. Ou ka pa menm konnen nan ki pwen yo rich an eleman nitritif. “Menm jan ak vyann, yo chaje ak pwoteyin, fè ak zenk,” se sa Michael Greger, MD, fondatè NutritionFacts.org, di. “Men, legiminez yo gen anpil eleman nitritif nou jwenn nòmalman nan legim tou, tankou fib, folat ak potasyòm. Konsa, ou jwenn avantaj toude,” li ajoute. 

Men kèk ide fasil pou prepare pwa nan bwat:

  • Kraze yo, ajoute epis ou pi renmen yo epi pase yo sou pen griye.  
     
  • Woule yo nan yon tòtiya ak fwomaj ak sòs salsa pou fè yon bourito rapid. 
     
  • Prepare yon pòmdetè byen gani nan estil Sidwès. Mete yon bon kantite pwa pinto oswa pwa nwa sou yon pòmdetè kwit nan fou. Ajoute fwomaj graje, mayi nan bwat ak sòs salsa. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

2. Lantiy 

Lantiy gen tout avantaj pwa yo epi yo fasil anpil pou prepare plizyè fason. “Lantiy yo piti, yo kwit vit epi yo pa bezwen tranpe,” se sa Lynn Beattie, MPH, di. Li se yon espesyalis nan edikasyon sou nitrisyon nan University of Massachusetts Amherst Center for Agriculture, Food, and the Environment.  

Beattie rekòmande pou w rense lantiy sèch yo rapidman ak dlo fre. Apre sa, kwit yo nan dlo k ap bouyi. (Yo pran anviwon 20 minit). Sèvi ak lantiy kwit yo nan soup ak ragou. Ajoute yo nan yon salad. Oswa mete yon bon kantite sou diri. Yo ka pran plizyè gou selon epis ou chwazi yo. 

3. Manba 

Pa gen anyen mal ak yon sandwich manba ak konfiti klasik. “Anfèt, manba sou pen ble antye se yon melanj pafè,” se sa Taylor C. Wallace, PhD, yon pwofesè a tan pasyèl nan George Mason University, di.  

“Manba ak ble antye gen pwoteyin ki konplete youn lòt,” se sa Doktè Wallace di. “Lè ou mete yo ansanm, yo ba ou tout asid amine esansyèl ou bezwen yo.” Men, manba gen anpil kalori, kidonk limite kantite ou manje a a youn oswa de gwo kiyè pa jou. 

4. Diri mawon 

Lè w ap achte diri, eseye chwazi diri mawon olye diri blan, se sa Doktè Wallace di. Sa enpòtan sitou si w ap eseye kenbe yon pwa ki bon pou sante ou oswa si ou gen dyabèt. “Kò a transfòme pen blan ak diri blan an sik trè vit epi li absòbe yo rapidman,” li ajoute. Sa ka ogmante nivo sik nan san an.  

Diri mawon, bò pa l, se yon grenn antye ki se yon bon sous fib. Kò a dijere l pi dousman tou. Etid ki fèt dènyèman montre lè moun manje plis sereyal antye, sa diminye risk pou yo mouri akòz konjesyon serebral oswa kriz kadyak.

5. Pat alimantè ak ble antye 

Menm jan ak diri mawon, pat alimantè ak ble antye se yon manje ki fèt ak sereyal antye. Fib li genyen an ede kontwole pwa ak nivo sik nan san. Li ede anpeche maladi kwonik tankou dyabèt tip 2 tou. Pou jwenn plis avantaj nitrisyonèl pou lajan ou, chèche mansyon 100 pousan sereyal antye sou etikèt la, se sa Doktè Wallace di. 

6. Sòs pou pat alimantè 

Ou bezwen yon dine ki rapid epi fasil pou prepare? Mete yon bokal sòs tomat pou pat alimantè sou pat ble antye ou yo. Li gen ti kalori ak ti grès satire. Anplis, li gen anpil likopèn, yon eleman nitritif ki bon pou kè a. 

7. Tomat nan bwat 

Ou ka prepare pwòp sòs pou pat alimantè ou ak tomat nan bwat. Senpleman ajoute epis tankou poud lay ak origan sèch, epi kraze oswa blende yo pou fè yon sòs. Ou ka ajoute tomat nan bwat fasilman nan chili, kari, soup oswa gombo tou. 

8. Pwason nan bwat 

Pwason se yon bon sous asid gra omega-3. Grès sa yo enpòtan anpil pou kenbe kè ou ak atè ou yo an sante. Epi men yon bon nouvèl: pwason nan bwat ba ou menm avantaj ak pwason fre, men li koute mwens.   

Eseye prepare anmbègè somon ak somon nan bwat. Prepare yon salad ton klasik. Sadin nan bwat se yon lòt bon chwa: Yo pami pwason ki gen plis omega-3 yo. An jeneral, chwazi pwason nan bwat ki gen ti sodyòm epi ki konsève nan dlo (olye lwil) pou diminye kantite kalori ou manje. 

9. Vyann poul nan bwat 

Se yon lòt teknik pou prepare yon repa rapid. Vyann poul nan bwat gen tout avantaj vyann poul fre. Se yon sous pwoteyin ki gen ti grès. Men li koute mwens, li deja kwit epi li ka konsève pandan plizyè mwa nan plaka ou. Eseye l nan salad poul, tako, kesadiya oswa plat gratine. Epi asire w ou chwazi yon vèsyon ki gen mwens sodyòm.  

10. Bouyon 

“Bouyon se yon bon fason pou bay soup, ragou ak plat sereyal gou, san ou pa ajoute anpil kalori anplis,” se sa Carrie M. Durward, PhD, RD, di. Li se yon espesyalis nan nitrisyon nan Utah State University nan Logan. “Mwen rekòmande pou w chwazi vèsyon ki gen ti sodyòm,” li ajoute. Konsa, ou ka kontwole kantite sèl ki nan plat ou a.

11. Tòtiya 

Kenbe ti tòtiya sou lamen pou “madi tako” yo. Oswa chwazi pi gwo tòtiya pou fè bourito ak legim, kesadiya oswa woulo olye sandwich. “Yo konsidere tòtiya mayi oswa tòtiya ki fèt ak 100 pousan ble antye kòm manje ki fèt ak sereyal antye, epi yo ajoute fib nan repa ou yo,” se sa Beattie di. 

12. Legim jele 

Legim yo enpòtan anpil pou yon alimantasyon ki bon pou sante. Men, legim fre yo pa konsève lontan. Yo rekòlte legim jele yo lè yo mi nèt epi yo jele yo tousuit. Sa vle di yo gen tout eleman nitritif legim fre yo, men yo ka konsève pandan plizyè mwa nan frizè ou.

Lè ou kenbe legim jele sou lamen, li fasil pou w ajoute plis eleman nitritif nan repa ou yo. Ou ka kwit legim jele yo alavapè pou prepare yon akonpayman rapid epi fasil. Oswa ajoute legim jele nan soup, plat sote, plat gratine ak lòt manje ankò.

13. Avwàn 

Avwàn se yon lòt manje ki fèt ak sereyal antye. Li bay vitamin, mineral ak fib, ki ede:  

  • Diminye risk maladi kè 
     
  • Fè w santi vant ou plen pi lontan 
     
  • Kenbe nivo sik nan san an estab 
     
  • Ede sistèm dijestif la fonksyone regilyèman  

Epi avwàn pa sèlman yon manje pou dejene. Eseye prepare avwàn sale pou dine. Kwit avwàn ou nan yon bouyon ki gen bon gou olye dlo. Ajoute legim tankou epina ak chanpiyon sote. Apre sa, mete gani tankou zonyon vèt, fwomaj oswa tomat koupe sou li. Pou jwenn plis pwoteyin, ou ka mete yon ze fri sou li.

Ou bezwen èd pou peye manje ou yo?

Pri manje yo ap monte. Men, gen resous ki ka ede w peye manje ou yo. Ou ka kalifye pou w enskri nan Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP). Pwogram gouvènman sa a bay lajan pou achte manje. Ale sou sit entènèt SNAP la pou konnen si ou kalifye.

Si ou ansent oswa ou gen timoun piti, ou ka kalifye pou Pwogram Espesyal Asistans Nitrisyon Siplemantè pou Fanm, Tibebe ak Timoun (WIC). Pwogram sa a bay koupon manje ak sipò nitrisyonèl pou:

  • Fanm ansent
     
  • Fanm apre akouchman ki bay tete ak sa ki pa bay tete
     
  • Tibebe ak timoun piti jiska laj 5 an

Ka gen lòt resous nan kominote ou a ki ka ede w jwenn manje. Rele 211 (oswa ale sou 211.org) pou jwenn enfòmasyon sou resous lokal yo.

Lòt sous

Etid sou sereyal antye ak konjesyon serebral: The Lancet

Avantaj fib genyen pou sante: Harvard T.H. Chan School of Public Health

Likopèn ak sante kè: International Journal of Molecular Sciences

Avantaj nwa ak grenn genyen pou sante: Advances in Nutrition

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.