Diminye sik ou konsome pandan sezon fèt sa a

Soti nan Halloween rive nan Jou Sen Valanten, sezon fredi a chaje ak bagay dous ki bay anvi. Aprann fason fasil pou diminye sik san ou pa pèdi kè kontan sezon an.

Yon fanm ak yon timoun k ap lonje pat ansanm.

Fèt sezon fredi yo souvan vini ak sirèt, bonbon ak lòt desè ki rich. 

Ou ka pran plezi nan manje bagay dous ou pi renmen yo detanzantan. Men, twòp sik ka lakòz pwoblèm sante lakay granmoun ak timoun. 

Kontinye li pou aprann fason ou ka fè plis atansyon ak sa w ap manje pandan w ap selebre sezon an. 

Efè twòp sik sou sante

Gen sik ajoute nan manje ak bwason tankou bwason gazeuz, lèt ki gen gou, sirèt ak patisri. Pifò moun, sitou timoun yo, manje twòp sik ajoute. Epi sa ka lakòz pwoblèm sante tankou:  

Ozetazini, Dietary Guidelines for Americans rekòmande pou moun diminye konsomasyon sik ajoute. Sa ka ede ou menm ak pitit ou yo kenbe yon pwa ki bon pou sante nou. Sa ka ede anpeche pwoblèm sante pita nan lavi tou.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Konsèy pou manje mwens bagay dous

Ou pa oblije elimine bagay dous nan fèt ou yo. Men kèk fason senp pou w pran plezi nan bagay dous san ou pa manje twòp. 

  1. Rezève bagay dous pou okazyon espesyal. Chwazi bagay dous fèt ou pi renmen yo epi pran tan pou w apresye yo. Pa pran sirèt nan magazen ou ka jwenn nenpòt lè nan ane a. Kite plas pito pou bagay ou pi renmen ki disponib yon sèl fwa pa ane yo.
     
  2. Prepare w davans pou fèt yo. Manje yon ti goute ki bon pou sante ou anvan ou ale nan yon fèt. Si ou rive grangou, ou gen plis chans pou w manje twòp.
     
  3. Fè atansyon ak sa w ap bwè. Bwason gazeuz, ji ak lòt bwason sikre se youn nan prensipal sous sik ajoute nan alimantasyon timoun yo. Ranplase yo ak dlo. Se yon fason rapid pou w kite plas pou bagay dous fèt yo.
     
  4. Konsève kèk pou pita. Fè patisri pou fèt yo ka yon tradisyon amizan pou fanmi an. Men, sa ka kite w ak twòp bagay dous anplis. Mete mwatye nan sa ou prepare yo nan frizè tousuit pou konsève yo pou pita.
     
  5. Pataje lajwa. Bay lòt moun kèk nan sa ou prepare yo. Ofri yon plato bonbon se yon bèl fason pou pataje lajwa. Pataje ak vwazen ou, kòlèg travay ou, moun k ap livre lapòs ou ak lòt moun ankò.
     
  6. Manje pòsyon ki pi piti. Pataje yon bonbon oswa yon tranch tat ak pitit ou yo. Kèk bouche souvan sifi pou satisfè anvi bagay dous ou. Si ou fè bonbon, fè yo piti ase pou manje nan yon sèl bouche.
     
  7. Fè atansyon ak sik ki kache yo. Sik ajoute yo kache nan tout kalite manje, menm nan manje “ki bon pou sante”. Ou ka jwenn yo nan yogout ki gen gou, sereyal, granola ak lòt manje ankò. Verifye etikèt manje ki nan plaka ou pou wè si yo gen sik ajoute. (Fè sa tounen yon jwèt ak timoun yo!) Pwochèn fwa w al achte manje, chèche manje ki gen mwens sik ajoute.

Ti chanjman rapid pou diminye sik

  • Pa mete glasaj la: Eseye mete tranch fwi ki gen bèl koulè, konfiti oswa yon ti sik an poud oubyen poud kakawo sou bonbon oswa ti gato yo.
     
  • Pa pran sirèt nan magazen: Sèvi ak imajinasyon ou. Tranpe tranch fwi oswa pretzèl nan chokola nwa ki fonn. 
     
  • Ranplase sik nan patisri yo: Ranplase yon pati oswa tout sik la ak fig kraze oswa konpot pòm. Oswa eseye retire 1/4 tas sik (oswa plis) nan yon resèt. 
     
  • Prepare pwòp krèm fwete ou: Bat krèm epè a jiskaske li lejè epi gonfle. Ou ka kontwole kantite sik ou ajoute. Sèvi ak siwo myèl oswa siwo erab pou bay plis gou. 
     
  • Ajoute epis dous: Eseye kannèl oswa noutmèg. Yo bay yon gou dous san ou pa ajoute sik.  

 

Gade sous nou yo 

Efè sik sou sante: Harvard Health Publishing 

Rekòmandasyon pou sik ajoute: Dietary Guidelines for Americans 

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.