Ti chanjman senp nan manje pou yon kè an pi bon sante
Pran swen kè ou pandan ou kontinye manje sa ou renmen yo. Eseye konsèy alimantasyon ak resèt sa yo ki bon pou kè ou.
Kè ou travay di pou ou. Pran swen l lè ou fè pi bon chwa manje. Bon chwa manje ka ede pwoteje kè ou san ou pa pèdi bon gou.
Prepare yon asyèt ki bon pou kè ou
Lè w ap planifye repa ou yo, sèvi ak konsèy sa yo kòm gid:
Ranpli mwatye asyèt ou ak fwi ak legim. Legim fèy vèt tankou epina ak fwi tankou ti fwi wouj ak ble yo ede soutni sante kè a epi konbat anflamasyon.
Chwazi sereyal antye. Diri mawon, avwàn ak pen ki fèt ak sereyal antye gen plis fib. Fib ka ede diminye kolestewòl.
Chwazi sous pwoteyin ki gen ti grès. Pwason tankou somon gen bon grès ki soutni sante kè ou. Vyann poul ak vyann kodenn se bon chwa tou. Yo gen mwens grès satire pase vyann bèf ak lòt vyann wouj.
Chwazi pwodui letye ki gen ti grès. Chwazi lèt, fwomaj ak yogout ki san grès oswa ki gen ti grès. Yo gen mwens grès satire. Twòp grès satire ka ogmante move kolestewòl epi ogmante risk ou pou maladi kè.
Kwit manje ak lwil ki bon pou kè ou. Sèvi ak lwil tankou lwil doliv oswa lwil kanola olye bè oswa grès solid pou patisri. Lwil yo gen grès ki bon pou sante epi ki ka ede diminye move kolestewòl.
Sèvi ak metòd pou kwit manje ki bon pou kè ou. Eseye kwit manje ou nan fou, sou gri oswa alavapè olye fri l pou diminye grès ou ajoute yo.
Sèvi ak epis byen chwazi. Sèvi ak fèy aromatik ak epis olye sèl. Twòp sèl ka ogmante tansyon ou.
Pou li plis: Aprann plis sou prensip debaz sante kè ak fason pou w kenbe kè ou fò.
Manje vejetal ki bon pou kè ou
Manje plis repa ki baze sou plant ka ede diminye risk ou pou maladi kè. Eseye manje mwens vyann epi ajoute opsyon sa yo ki rich an eleman nitritif:
- Pwa ak lòt legiminez: Yo chaje ak pwoteyin ak fib ki ede kenbe kolestewòl ba.
- Nwa ak grenn: Yo gen bon grès ki soutni sante kè ou.
- Sereyal antye tankou diri mawon, kinoa ak avwàn: Yo gen anpil fib, ki ka ede diminye kolestewòl.
- Legim fèy vèt tankou epina, chou kale ak chou collard: Yo chaje ak vitamin ak antioksidan ki pwoteje kè ou.
Manje deyò pandan w ap respekte objektif ou yo
Ou ka toujou manje deyò pandan w ap respekte abitid ki bon pou kè ou yo. Sèvi ak konsèy sa yo lè w ap manje deyò oswa kòmande manje pou yo livre ba ou:
- Gade meni an anvan ou ale. Ou ka chwazi plat ki bon pou kè ou oswa planifye davans ki chanjman ou pral mande.
- Mande pou fè chanjman. Sa ka gen ladan:
- Sòs oswa vinegrèt apa
- Yon salad kòm akonpayman oswa legim alavapè olye frit
- Manje kwit nan fou oswa sou gri olye manje fri
- Fè atansyon ak gwosè pòsyon yo. Ou ka pataje yon plat ak moun k ap manje avèk ou a. Oswa manje mwatye a epi pote rès la lakay pou w manje pita. Mande yon bwat lè manje ou rive. Konsa, ou ka mete mwatye nan bwat la epi mete l sou kote anvan ou kòmanse manje.
- Sonje li pi bon pou w pa fè twòp. Konsantre sou chwa ki pi bon pou sante ou pifò nan tan an. Men, ou ka toujou pran plezi nan ti manje ou renmen detanzantan.
Resèt fasil ki bon pou kè ou pou w eseye
Salad pwa “Cowboy caviar”
Engredyan
1 bwat (15 ons) pwa je nwa, vide dlo a epi rense yo
1 tas tomat koupe an kib (fre oswa nan bwat)
½ tas piman dous koupe an kib
¼ tas koryand koupe
2 gwo kiyè ji sitwon
1 piman jalapeño, retire grenn yo epi koupe l an kib (si ou vle)
Preparasyon
- Nan yon bòl mwayen, melanje pwa je nwa yo, tomat koupe an kib yo, piman dous la, koryand lan ak piman jalapeño a (si w ap mete l). Ajoute ji sitwon an epi brase pou li kouvri tout engredyan yo.
- Mete l nan frijidè pandan omwen 30 minit pou gou yo melanje.
- Sèvi l kòm yon akonpayman oswa ak chips pen pita ki fèt ak sereyal antye.
Piman dous boure
Engredyan
½ tas diri mawon kwit
¾ liv vyann kodenn moulen ki gen ti grès
1 dan lay, koupe byen fen
4 piman dous (nenpòt koulè)
1 bwat (15 ons) tomat koupe an kib
1 bwat (8 ons) sòs tomat
Preparasyon
- Chofe fou a jiska 350°F.
- Fè vyann kodenn moulen an pran koulè nan yon chodyè plat sou dife mwayen. Ajoute lay koupe byen fen an epi kite l kwit jiskaske sant li soti. Retire chodyè a sou dife a epi ajoute diri kwit la ak tomat koupe an kib yo pandan w ap brase.
- Koupe tèt piman dous yo epi retire grenn yo ak pati blan ki anndan yo. Mete yo kanpe nan yon plat pou fou.
- Sèvi ak yon kiyè pou mete melanj vyann kodenn nan chak piman dous, pandan w ap separe melanj lan an kantite egal. Mete kèk gwo kiyè sòs tomat sou chak piman dous boure.
- Kwit nan fou pandan 45 a 50 minit, jiskaske piman dous yo mou.
Gade sous nou yo:
Plis resèt ki bon pou kè ou: American Heart Association