Fason pou kenbe kè w anfòm 

Aprann rekonèt pwoblèm sante kè ki komen yo epi jwenn konsèy pou pran swen kè w. 

Yon jèn fanm ak yon jèn gason k ap mache deyò

Kè w se youn nan pati ki pi enpòtan nan kò w. Li ponpe san nan tout ògàn ou yo epi li kenbe w vivan e aktif. Men, menm jan ak tout lòt pati nan kò w, kè w bezwen swen espesyal pou li rete an sante.  

Men yon gid sou kèk pwoblèm kè ki komen. W ap jwenn tou kijan pou pran swen kè ou ak sa pou w fè si ou santi yon bagay pa nòmal.  

Pwoblèm kè ki komen lakay granmoun aje 

Tansyon wo (ipètansyon):  Sa rive lè fòs san an egzèse pandan li ap sikile nan veso sangen ou yo twò wo. Avèk tan, sa ka domaje veso sangen ou yo epi lakòz pwoblèm tankou maladi kè, maladi ren, konjesyon serebral ak lòt ankò. 

Maladi kè: Sa ka vle di plizyè pwoblèm diferan, tankou: 

  • Atè bouche (lè grès ak kolestewòl akimile epi bloke sikilasyon san an)
  • Batman kè iregilye 
  • Kriz kadyak 

Kolestewòl wo: Kolestewòl se yon grès ki ka akimile nan atè ou yo epi bloke sikilasyon san an. Imajine yon tiyo ki bouche. Si li twò bouche, san an pa ka pase fasil, sa ki ka domaje kè ou.   

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Tès depistaj pou sante kè w ka konsidere 

Menm jan ou ale kay dantis pou tcheke dan ou, ou bezwen ale kay pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) pou tcheke kè ou. Pou PCP ou a verifye si kè w an sante, li ka fè tès tankou: 

  • Kontwole tansyon: Mezire fòs san an egzèse nan atè w yo 
  • Tès kolestewòl: Verifye kantite kolestewòl ki nan san w 
  • Elektwokadyogram (EKG oswa ECG): yon tès ki verifye aktivite elektrik kè w  

Fè tès depistaj sa yo regilyèman ka ede detekte pwoblèm yo anvan yo vin pi grav. 

Medikaman yo itilize souvan pou sante kè

Pafwa, si kè ou pa an sante jan li ta dwe ye a, pwofesyonèl swen ou ka preskri medikaman pou ede w. Pran medikaman ou egzakteman jan doktè ou di w la. Men de kalite medikaman yo itilize souvan pou ede kenbe kè ou an sante.  

Statins (pou kolestewòl wo): Medikaman sa yo ede diminye kantite kolestewòl ki nan san ou. Sa ka ede anpeche atè ou yo bouche.  

Antagonis sistèm renin-anjiyotansin nan (RAS) (pou tansyon wo): Medikaman sa a ede bese tansyon ou. Li detann veso sangen ou yo pou san an ka sikile pi fasil.  

Sentòm ki gen rapò ak sante kè 

Pafwa, kè ou ka ba ou siy ki montre yon bagay pa nòmal. Koute kò ou epi konnen ki kote pou ale pou jwenn èd. Si ou gen nenpòt nan sentòm sa yo, rele 911 oswa ale nan sal ijans:   

  • Doulè nan pwatrin 
  • Pwoblèm pou respire 
  • Endispoze oswa toudisman ki parèt toudenkou  

Konsèy pou sante kè  

Li ka fasil pou pran swen kè ou si ou suiv kèk mezi senp: 

  1. Manje manje ki nourisan tankou fwi, legim, grenn antye ak vyann ki pa gen anpil grès. 
     
  2. Diminye manje ki sale yo. Yo ka fè tansyon w monte. 
     
  3. Mache oswa fè nenpòt kalite egzèsis ou renmen pou w ka rete aktif.  
     
  4. Pa fimen epi eseye rete lwen moun k ap fimen. Pale ak doktè w si ou bezwen èd pou kite fimen. 
     
  5. Konsilte pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) pou egzamen sante ak tès depistaj regilye.  

Konsèy pou kontwole tansyon w pi byen

Kit w ap kontwole tansyon w lakay w oswa nan biwo doktè a, gen fason pou jwenn yon rezilta ki pi egzak. Suiv konsèy sa yo nan men Asosyasyon Ameriken pou Kè a (American Heart Association): 

  • Evite fimen, fè egzèsis, konsome kafeyin ak bwè alkòl pandan omwen 30 minit anvan w kontwole tansyon w.  
     
  • Si ou kapab, pipi anvan ou kontwole tansyon w.  
     
  • Mete braslè aparèy la sou bra ou dirèkteman sou po a, pa sou rad.  
     
  • Chita dwat ak do ou apiye epi pla pye ou atè. Pa kwaze janm ou. 
     
  • Poze bra w sou yon sifas plat nan menm wotè ak kè w. 
     
  • Rilaks epi chita trankil pandan kèk minit san ou pa pale anvan w kòmanse kontwole l.
     
  • Pran omwen de mezi epi tann youn oubyen de minit ant chak mezi.  

Pwofesyonèl swen ou ka di w chak konbyen tan pou kontwole tansyon w lakay ou. Asire ou ekri tout mezi ou yo epi pataje yo ak PCP ou.  

 

Gade sous nou yo 

Konsèy sou tansyon: American Heart Association

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.