Poukisa nou tout ta ka benefisye èd yon terapet

Kit tout bagay ap mache byen, kit w ap travèse moman difisil, konsilte yon terapet ka ede w viv pi kontan e an pi bon sante  

De fanm k ap ri nan yon amak

Anpil nan nou panse terapi se yon bagay nou fè lè nou dekouraje oswa sou tansyon. Oswa lè n ap viv yon dèy.

Terapi se yon zouti pisan pou trete depresyon, anksyete ak lapenn apre yon pèt. Men, li ka amelyore byennèt ou nan anpil lòt fason tou.

Men kèk fason terapi ka ede w viv yon lavi ki pi ekilibre, menm si ou pa t atann sa.  

1. Sa ka ede soulaje doulè fizik 

Anpil bagay ka lakòz doulè, tankou blesi, maladi, vyeyès e menm estrès. Medikaman kont doulè ka ede. Men, yo pa trete emosyon oswa abitid ki ka jwe yon wòl nan sa. Se la terapi ka ede.  

Yon terapet ka ede w fè fas ak doulè kwonik pi byen. Yo rele youn nan kalite terapi sa yo terapi kognitif ak konpòtmantal (CBT). Li sèvi ak teknik tankou detann misk ak imajine sèn anba gidans yon moun. Sa ka ede chanje fason ou panse sou doulè pou w santi li mwens.  

2. Sa ka amelyore relasyon ou yo

Nou gen tout kalite relasyon, ak patnè nou, pitit nou, paran nou ak kòlèg travay nou. Diskisyon ak moman difisil se yon pati nòmal nan tout relasyon sa yo. Terapi ka ede w gen relasyon pi solid ak moun ki nan lavi ou yo. Li ka ede w jwenn fason pou konprann emosyon lòt moun epi kominike pi byen. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

3. Sa ka ede w jere pwoblèm sante

Depresyon ak anksyete komen lakay moun ki gen maladi kwonik. Epi yon move sante mantal ka fè li pi difisil pou jere maladi ou. Pale ak yon terapet ka ede w aprann teknik pou pran kontwòl sante ou. Yon terapet ka ede w:  

  • Kontinye respekte tretman ou
  • Evite move abitid pou fè fas ak difikilte, tankou fimen, bwè alkòl oswa manje pou kalme emosyon ou
  • Mande èd
  • Konsantre sou pran swen tèt ou 

4. Sa ka ede w reyalize objektif ou yo 

Nou tout gen rèv ak objektif, tankou manje pi byen, amelyore kondisyon fizik nou oswa jwenn yon nouvo travay. Si ou santi ou bloke, yon terapet ka ede w chanje ansyen fason ou aji ak abitid ki anpeche w avanse. Li ka ede w prepare yon plan pou pousuiv objektif ou yo. Epi li ka ba ou konsèy pou rete sou bon chimen an. Se yon bagay nou tout bezwen.  

Plan sante ou ka kouvri sèvis yon terapet oswa lòt tretman sante konpòtmantal. Gade manyèl manm ou a oswa pou jwenn plis enfòmasyon.

Pwofite chak sesyon otank posib 

Ou pa fin konnen sa pou w fè lè ou konsilte yon terapet? Men kèk fason pou pwofite tan nou pase ansanm otank posib.  

Ekri sa ou gen nan tèt ou. Anvan sesyon ou a, ekri nenpòt pwoblèm oswa kesyon ou genyen. Kenbe nòt ou yo sou lamen sizoka ou bliye sijè yo. Ou ka vle kenbe yon jounal terapi tou. Ou ka sèvi avè l pou note: 

  • Sa ou te pale sou li nan yon sesyon
  • Jan sa te fè w santi w
  • Sa ou te aprann
  • Sa ou vle travay sou li 

Fè efò pou pale lib. Yon terapet pa ka li sa ki nan tèt ou. Pou jwenn èd w ap chèche a, di sa ou gen nan tèt ou. Epi ouvè pou eseye konsèy ak zouti terapet ou ba ou yo.   

Fè devwa w. Terapet ou ka ba ou devwa, tankou egzèsis ekriti oswa teknik pou pratike. Se la ou ka pratike sa nou te pale sou li pandan sesyon ou a. Rechèch montre moun ki fè devwa terapi yo jwenn pi bon rezilta. 

Aprann rekonèt siy twoub itilizasyon sibstans

Nenpòt moun ka vin depandan, kit se adolesan, jèn adilt oswa menm granmoun aje. Men, siy yo ka difisil pou rekonèt. Men kèk siy ki komen pou w veye. 

  • Chanjman nan abitid ijyèn oswa pa pran swen aparans yo
  • Dòmi plis oswa mwens pase nòmal
  • Pran distans ak zanmi ak fanmi
  • Pase tan ak yon lòt gwoup zanmi
  • Chanjman nan imè oswa konpòtman
  • Rate kou, gen nòt ki bese oswa pèdi enterè nan aktivite
  • Pwoblèm lajan san eksplikasyon, oswa ou remake lajan oubyen bagay disparèt lakay ou
  • Chanjman nan sante, tankou pèdi oswa pran pwa toudenkou 

Èske ou remake kèk nan siy sa yo lakay yon moun ou renmen? Eseye pale ak li sou pwoblèm nan. Sonje pale avè l ak jantiyès epi chèche konprann li, san ou pa jije li.

 

Gade sous nou yo 

Etid sou depresyon ak maladi kwonik: International Journal of Nursing Sciences 

Etid sou devwa terapi: Clinical Psychology 

Siy twoub itilizasyon sibstans: American Addiction Centers

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.