Pran swen timoun ki gen twoub defisi atansyon/ipèaktivite (ADHD)
Rasanble bon ekip la pou ede timoun yo reyisi
Leve yon timoun mande sipò anpil moun, men sa mande yon ekip pou ede yon timoun ki gen twoub defisi atansyon/ipèaktivite (ADHD) devlope byen. Anfèt, twoub la afekte tout aspè nan lavi li, tankou fason li kominike ak lòt timoun epi fè zanmi.
Erezman, gen bon fason pou jere ADHD. Men, se pa sèlman pran medikaman pou santi li pi byen. Nina Sand-Loud, MD, yon pedyat espesyalis devlopman ak konpòtman nan Dartmouth Health Children’s nan Lebanon, New Hampshire, bay plis eksplikasyon. “Medikaman se sèlman yon pati nan solisyon an,” li di. “Menm pi bon medikaman pou ADHD a pa tankou yon antibyotik ki geri yon enfeksyon zòrèy. Medikaman bay timoun yo opòtinite pou aprann teknik yo bezwen pou fè fas ak ADHD.”
Se paske ADHD se yon twoub kwonik, tankou dyabèt oswa opresyon. “Li pa senpleman disparèt. Li chanje avèk tan epi li bezwen jesyon kontinyèl,” Doktè Sand-Loud di. “Lè ou gen dyabèt, ou ka pran ensilin. Men, ou bezwen chanje alimantasyon ou ak fason ou viv tou. Se menm bagay la pou ADHD. Ou toujou bezwen aprann konsantre, prete atansyon, òganize w epi koute. Epi medikaman pa ka aprann ou òganize w.”
Medikaman se sèlman youn nan zouti pou ede pitit ou jere ADHD. Yon lòt zouti se ekip swen an. Yon etid montre swen ki baze sou travay ann ekip esansyèl pou amelyore rezilta lakay timoun ki gen ADHD. Se lè lekòl yo ak pèsonèl swen sante yo travay ansanm epi pataje enfòmasyon ak sa yo remake.
Epi gen anpil timoun ki ta ka benefisye sa. Yo dyagnostike anviwon 7 milyon timoun ameriken ak ADHD. Timoun ki genyen li yo gen plis chans pou gen lòt pwoblèm tou. Prèske 78 pousan gen difikilte ak lòt twoub mantal, emosyonèl oswa konpòtmantal tou. Se poutèt sa li vrèman enpòtan pou jwenn pi bon estrateji yo, epi gen yon ekip ki an plas ka ede.
“San yon ekip, li fasil pou pa remake yon timoun gen anksyete oswa yon twoub aprantisaj lekti tou,” Doktè Sand-Loud di. “Ekip la ofri plizyè pè je pou detekte pwoblèm.”
Ekip swen pou ADHD pitit ou a
Ki moun ki ta dwe fè pati ekip swen ADHD pitit ou a? Doktè Sand-Loud sijere kòmanse ak moun sa yo:
Ou menm
Se ou menm ki konnen pitit ou pi byen pase nenpòt lòt moun. “Se toujou sou paran yo nou konsantre an premye,” Doktè Sand-Loud di. “Yo se poto mitan ekip la. Yo konnen nan ki domèn timoun nan reyisi ak nan ki domèn li gen difikilte.”
Pitit ou
Menm timoun piti ka fè pati pwòp ekip swen yo, Doktè Sand-Loud di. “Yo ka di w si medikaman an gen move gou. Epi yo konnen kilè li sanble mache pi byen. Anplis, li enpòtan pou fè timoun yo konprann depi byen bonè yo gen yon pati nan responsablite pou pran swen sante yo.”
Doktè pitit ou
Sa ka pedyat oswa sikyat pitit ou a. Li ka se moun ki te dyagnostike twoub pitit ou a. Epi li responsab jesyon medikaman pitit ou ak sante li an jeneral.
Pèsonèl lekòl la
Pwofesè, konseye, antrenè ak lòt moun pase yon gwo pati nan jounen an ak pitit ou. Yo ka gen enfòmasyon enpòtan pou pataje. Anplis, yo ka pafwa adapte fason yo anseye nan klas la ak bezwen pitit ou. Epi yo ka ede li aprann teknik itil tankou òganizasyon. Pa bliye enfimyè lekòl la. Li souvan ede enfòme ekip swen an sou pwogrè pitit ou chak jou. Epi li ka ede jere medikaman pitit ou pandan jounen lekòl la.
Terapet pitit ou
Menm si pitit ou pa gen pwoblèm sante mantal tankou anksyete oswa depresyon, yon terapet ka toujou itil. Li ka ede pitit ou amelyore fason li kominike ak lòt moun, jere emosyon li ak lòt bagay ankò. “Difikilte pou kontwole emosyon se yon pwoblèm ki komen lakay timoun ki gen ADHD,” Doktè Sand-Loud di. “Yo souvan viv gwo chanjman imè epi yo ka santi emosyon yo yon ti jan pi fò.” Avèk yon terapet ki resevwa fòmasyon, pitit ou ka konprann santiman li yo epi jwenn pi bon fason pou fè fas ak yo.
Tankou nan nenpòt ekip, li enpòtan pou tout moun nan ekip swen pitit ou a travay ansanm. Ou ka bezwen siyen fòm otorizasyon ki pèmèt yo pataje enfòmasyon. Pale ak pwofesyonèl swen prensipal pitit ou a sou lòt pwofesyonèl swen li konsilte yo. Li ka ede kowòdone swen yo epi asire tout moun dakò sou plan swen an.
Lòt sous:
Etid sou swen ann ekip ak rezilta pou ADHD: Journal of Emotional and Behavioral Disorders
Estatistik sou kantite moun ki gen ADHD: Centers for Disease Control and Prevention