Konnen ki kote pou ale pou jwenn swen medikal

Gid ou pou jwenn bon swen nan bon kote ak nan bon moman.

Yon enfimyè ap pale ak yon pasyan nan telefòn

Sant swen rapid ap louvri tout kote. Epi gen klinik sante nan famasi ak makèt. Sa fè li pi fasil pase anvan pou jwenn swen ou bezwen yo. 

Men, kijan pou w konnen si ou ka tann youn oubyen de jou pou yon randevou ak doktè ou? Oswa si ou ta dwe prese ale nan sal ijans (ER)? 

Chak kote ofri yon nivo swen ak konpetans diferan. Bon chwa a ka fè w ekonomize tan ak lajan. Men yon ti rezime senp sou ki kote pou ale ak kilè.  

Kilè pou konsilte pwofesyonèl swen prensipal ou 

Premyèman, ou ta dwe konsilte pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) omwen yon fwa pa ane pou yon egzamen sante. Sa nesesè menm si ou santi ou byen. 

PCP ou ka: 

  • Pale sou nenpòt enkyetid ou toujou genyen konsènan sante ou 
     
  • Kowòdone swen ant diferan espesyalis 
     
  • Ede w jere sante ou yon fason ki bon pou ou

Anplis egzamen sante regilye yo, se PCP ou ou ta dwe rele an premye lè:

  • Ou vle renouvle yon preskripsyon 
     
  • Ou bezwen èd pou jere yon maladi kwonik 
     
  • Ou pran yon enfeksyon 

“Depi pasyan an pa nan yon eta kritik oswa li pa malad anpil, li toujou bon pou eseye kontakte doktè swen prensipal ou an premye,” Phillip Kadaj, M.D., di. Li se yon espesyalis medsin entèn nan Midland, Michigan. “Doktè swen prensipal ou pa sèlman konnen w; li ka wè w olye ou ale nan yon sant swen rapid, sal ijans oswa klinik sante nan magazen. Yo montre bon relasyon ak pwofesyonèl swen prensipal ede diminye depans epi amelyore swen pou pasyan ak sistèm sante yo.” 

Men, gen yon pwoblèm ki komen: Biwo doktè yo anjeneral ouvri sèlman lasemèn. Men, anpil doktè gen yon sèvis repons ou ka rele andeyò lè travay yo. Aetna® bay manm li yo aksè nan yon Liy enfimyè ki disponib 24 èdtan sou 24 tou. Sa yo se bon chwa si ou gen yon pwoblèm sante ki bezwen atansyon lannuit oswa pandan wikenn.

Ou pa gen yon PCP? Gade si gen yon Sant Sante ki Kalifye sou Plan Federal (FQHC) toupre ou. FQHC yo se klinik swen prensipal ki aksepte pasyan Medicaid. Yo souvan nan zòn riral kote li pafwa pi difisil pou jwenn sant swen sante. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

Kilè pou ale nan yon klinik sante nan magazen 

Èske ou gen rim, gòj fè mal oswa yon antòs nan koud? Ou pa ka jwenn yon randevou ak doktè ou? Yon klinik sante nan magazen ka pwochen pi bon chwa a. 

Anpil klinik sante nan magazen pa mande randevou. Yo wè pasyan yo selon lòd yo rive. Tan ou tann nan ap depann de kantite moun ki devan ou. Si ou ka pran yon randevou, se yon bon fason pou rezève plas ou nan liy lan. 

Klinik sante nan magazen yo ka pa gen doktè nan pèsonèl yo. Anjeneral, se enfimyè pratikan ak asistan doktè ki travay ladan yo. Yo kapab: 

  • Trete ti blesi 
     
  • Dyagnostike maladi komen 
     
  • Mezire tansyon
     
  • Bay vaksen (tankou vaksen kont grip ak COVID-19) 
     
  • Preskri oswa renouvle medikaman 

Èske ou gen yon maladi oswa blesi ki pi grav? Yon klinik sante nan magazen ka pa pi bon chwa a. Epi gen klinik sa yo ki pa trete timoun. Rele anvan ou ale pou asire ou ka jwenn swen ou bezwen yo. 

Anpil klinik sante nan magazen, tankou MinuteClinic®, nan famasi oswa toupre famasi. Sa fè li trè fasil pou al chèche medikaman ou yo. Gen klinik sante nan magazen ki gen yon espesyalite tou, tankou optometri, òtopedi oswa sante mantal.

Kilè pou ale nan yon sant swen rapid 

Menm jan ak klinik sante nan magazen, sant swen rapid yo souvan pa mande randevou. Men, anpil ladan yo ap pèmèt ou pran youn davans. Sa ka diminye tan ou tann nan. 

Kontrèman ak klinik sante nan magazen, sant swen rapid yo gen doktè nan pèsonèl yo. Epi yo ka dyagnostike epi trete plis pwoblèm sante. Pa egzanp, yo ka gen aparèy radyografi epi yo ka trete ponyèt oswa cheviy ki kase.  

Anplis zo kase, ou ka ale nan yon sant swen rapid pou: 

  • Kè plen 
     
  • Vomisman 
     
  • Dyare 
     
  • Gratèl 
     
  • Lafyèv 
     
  • Blesi ki bezwen koud 

“Swen rapid se yon nivo pi ba pase swen nan sal ijans,” Doktè Kadaj di. “Anjeneral, yo gen pwofesyonèl swen ki byen fòme pou jere yon pakèt pwoblèm sante. Men, yo ka pa gen ekipman pou dyagnostike epi trete pwoblèm tankou kriz kadyak, konjesyon serebral oswa gwo blesi.” 

Pa konfonn swen rapid ak sal ijans. Li pa fèt pou trete ijans ki menase lavi. 

Kilè pou ale nan sal ijans

“Si ou panse pwoblèm ou a ka lakòz lanmò oswa andikap trè byento, tanpri ale nan sal ijans,” Grace Chen O’Neil, MD, di. Li se yon manm distenge American College of Emergency Physicians. Se menm bagay la si ou panse ou ka bezwen operasyon oswa entène lopital pou trete yon pwoblèm sante, Doktè O’Neil ajoute. 

Ale nan sal ijans tousuit si ou gen: 

  • Doulè nan pwatrin  
     
  • Difikilte pou respire 
     
  • Chanjman toudenkou nan kapasite mantal 
     
  • Pawòl ki pa klè 
     
  • Senyen ki pa ka kontwole 
     
  • Yon gwo zo kase 
     
  • Yon blesi nan tèt 
     
  • Pèdi vizyon toudenkou 
     
  • Kriz konvilsyon 

E pou 911? Si ou nan yon sitiyasyon ki menase lavi ou oswa ou poukont ou epi ou pa ka kondi pou ale nan sal ijans, rele 911. Pa egzanp, si ou gen doulè nan pwatrin, rele 911 — sa ka yon siy kriz kadyak. Se menm bagay la si ou gen nenpòt sentòm konjesyon serebral, tankou: 

  • Yon bò figi ki tonbe 
     
  • Pèt sansasyon oswa feblès toudenkou nan figi, bra oswa janm 
     
  • Difikilte pou wè ki parèt toudenkou 
     
  • Konfizyon oswa difikilte pou pale ki parèt toudenkou 
     
  • Pèt kowòdinasyon oswa ekilib ki parèt toudenkou  

Si nenpòt nan sentòm sa yo parèt, li pi bon pou rele 911. “Menm si ou ak lòt moun, li toujou pi an sekirite pou rele 911,” Paul Coyne di. Li travay nan Hospital for Special Surgery nan New York City. Epi kounye a li vis prezidan pratik klinik ak direktè enfòmatik enfimyè. “Sekouris medikal yo ka kòmanse tretman tousuit. Lè yon moun fè yon arè kadyak, sa ka fè diferans ant lavi ak lanmò.” 

Men, si ou pa gen yon vrè ijans, li pi bon pou evite sal ijans. Youn nan rezon yo se paske sal ijans yo pran pasyan selon gravite pwoblèm yo. Kidonk, ou ka oblije tann trè lontan anvan ou wè yon doktè.  

Ki kote mwen ta dwe ale si…

Ann gade kèk egzanp pwoblèm medikal ak ki kote ki pi bon pou jwenn swen.

1. Ou koupe men ou epi ou ka bezwen koud blesi a.
Ale nan yon sant swen rapid. Yo ka verifye si pa gen domaj nan nè oswa tandon epi koud blesi a si sa nesesè.

2. Ou remake yon tach oswa yon grenn bote ki dwòl.
Pale ak PCP ou. Li ka verifye si mak la se yon pwoblèm epi refere w bay yon dèrmatològ si ou bezwen sa.

3. Ou glise epi tonbe sou bra ou, epi ou pè li kase.
Ale nan yon sant swen rapid. Anpil sant ka fè yon radyografi epi mete yon plat si zo a kase. Anplis, ou ka jwenn yon preskripsyon pou medikaman kont doulè si ou bezwen sa.

4. Ou frape tèt ou epi ou pèdi konesans.
Ale nan sal ijans. Ou ka bezwen egzamen imajri ki pi avanse pou verifye si ou gen yon blesi grav. Pwofesyonèl swen ki la yo ka preskri medikaman si ou bezwen sa. 

5. Ou santi w konfonn toudenkou epi ou gen feblès nan figi ou, bra ou oswa janm ou.
Sa yo ka siy konjesyon serebral. Rele 911 tousuit.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.