Fè tès depistaj jodi a pou yon demen an pi bon sante

Tès depistaj sante pa sèlman pou granmoun aje. Kòmanse fè sis tès sa yo pandan ou jèn pou w pran sante ou an men.

Yon jèn adilt k ap pale ak yon doktè.

Tansyon
Tout granmoun ta dwe fè yo mezire tansyon yo chak twa a senk ane. Si ou gen plis pase 40 an, fè yo mezire l chak ane.

Kolestewòl
Espesyalis yo rekòmande pou w fè yo verifye nivo kolestewòl ou chak kat a sis ane. Mande doktè ou si lè a rive pou w fè yo verifye pa ou a.

Kansè nan kòl matris
Fanm ki gen 21 a 65 an ta dwe fè tès depistaj chak twa a senk ane.

Kansè nan tete
Fanm ta dwe fè yon mamografi (yon radyografi tete) chak 1 a 2 ane apati laj 40 an. Si risk ou wo, ou ka vle kòmanse pi bonè.

Dyabèt
American Diabetes Association rekòmande pou tout moun kòmanse fè tès depistaj dyabèt lè yo gen 35 an. Men doktè ou ka rekòmande pou w fè tès depistaj pi bonè si risk ou wo.

Enfeksyon moun pran nan fè sèks (STI)
Si ou aktif seksyèlman, pale ak doktè ou sou tès depistaj STI tankou VIH, gonore ak klamidya. Nou gen gid sou swen sante prevantif pou ede w rete an sante. Doktè ou ap rekòmande tès depistaj selon istwa medikal ou. Ou ka bezwen fè tès depistaj pi souvan oswa pi bonè pou sèten pwoblèm sante.

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.