Ti egzamen: Ki nivo konpreyansyon ou sou enfòmasyon sante? 

Èske ou panse ou konnen kijan pou pran swen sante w? Fè ti egzamen rapid sa a pou teste konesans ou epi santi w pi alèz lè w ap pran desizyon sou byennèt ou.

Yon gason ak yon fanm k ap gade yon òdinatè pòtab

Konesans nan zafè sante vle di ou kapab jwenn, konprann epi sèvi ak enfòmasyon debaz sou sante pou pran bon desizyon pou sante ou.

Lè ou byen konprann enfòmasyon sou sante, sa ka ede w jwenn swen ou bezwen yo lè ou bezwen yo.

Teste konesans ou ak ti egzamen rapid sa a. 

1. Kisa ou ta dwe fè si ou bliye pran yon dòz medikaman? 

A) Pa enkyete w pou sa. Sa pa twò grav si ou bliye pran yon dòz 

B) Pran dòz la depi ou sonje 

C) Pran 2 dòz nan pwochen lè ou dwe pran medikaman an 

D) Mande pwofesyonèl swen ou a 

 

Repons: D) Mande pwofesyonèl swen ou a 

Chak medikaman diferan. Li pi bon pou w pale ak pwofesyonèl swen ou a si ou ta bliye pran yon dòz. Ou pa ka jwenn pwofesyonèl swen ou a? Gade enstriksyon ki sou anbalaj medikaman an. Oswa rele famasi ou oswa liy enfimyè plan sante ou a pou jwenn konsèy.  

Sonje pran tout medikaman ou yo kòrèkteman pou jwenn pi bon rezilta yo. Sa gen ladan suiv enstriksyon sou lè nan jounen an pou w pran yo oswa si ou dwe pran yo ak manje. Ou gen kesyon? Pale ak pwofesyonèl swen ou a oswa famasyen ou. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

2. Konbyen fwa granmoun yo ta dwe fè yon egzamen sante ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) yo?

A) Omwen yon fwa pa ane 

B) Lè yo santi yo malad 

C) Si yo gen yon enkyetid sou sante yo an patikilye 

D) Si yo gen plis pase 65 an 

 

Repons: A) Omwen yon fwa pa ane 

Tout granmoun ta dwe fè yon egzamen sante ak PCP yo omwen yon fwa pa ane. Lè ou fè egzamen sante regilye, PCP ou a ka ede detekte pwoblèm sante bonè. Epi li ka verifye si ou fè tout tès ak vaksen ou bezwen yo alè. Epi pa bliye fè PCP ou a konnen si ou ale nan yon sant swen rapid, nan sal ijans oswa kay lòt pwofesyonèl swen. Li ta dwe gen tout enfòmasyon sou sante ou ak istwa medikal ou. 

3. Konbyen fwa timoun yo ta dwe fè yon egzamen sante ak pedyat oswa PCP yo?

A) Omwen yon fwa pa ane 

B) Lè yo santi yo malad 

C) Si yo gen yon enkyetid sou sante yo an patikilye 

D) Sa depann de laj yo 

 

Repons: D) Sa depann de laj yo 

Timoun ki gen 3 an oswa plis ta dwe fè yon vizit swivi pou timoun ki an sante yon fwa pa ane. Tibebe ak timoun piti ki poko gen 3 an bezwen egzamen sante pi souvan. Espesyalis yo rekòmande egzamen sante nan moman sa yo:  

  • 3-5 jou apre nesans
  • 1 mwa
  • 2 mwa
  • 4 mwa
  • 6 mwa
  • 9 mwa
  • 12 mwa
  • 15 mwa
  • 18 mwa
  • 24 mwa (2 an)
  • 30 mwa (2 1/2 an) 

4. Ki pi bon fason pou w evite grip? 

A) Pran antibyotik 

B) Pran yon vaksen kont grip 

C) Manje plis fwi ak legim 

D) Rete anndan toutan 

 

Repons: B) Pran yon vaksen kont grip 

Vaksen kont grip ede kò ou devlope iminite kont viris grip yo. Epi wi, ou bezwen yon vaksen chak ane. Yo prepare vaksen kont grip la espesyalman pou konbat souch viris ki pi komen yo chak ane. Li pi bon pou w pran l nan kòmansman otòn, anvan sezon grip la kòmanse.  

5. Vre oswa fo: Ou ka pataje medikaman sou preskripsyon ou yo ak lòt moun si yo gen menm sentòm yo.

 

Repons: Fo 

Pa janm pataje medikaman sou preskripsyon ou yo ak lòt moun. Sante ak kò chak moun diferan. Medikaman ki bon pou ou ka pa san danje pou yon lòt moun. Li ka bezwen yon lòt medikaman, yon lòt dòz oswa yon lòt plan tretman pou menm pwoblèm sante a. Toujou pale ak pwofesyonèl swen ou a sou avantaj ak efè segondè yo anvan ou pran nenpòt nouvo medikaman. Ou ka poze kesyon tou sou medikaman san preskripsyon oswa sipleman ki ka ede w. 

6. Ki kote mwen ta dwe ale pou jwenn swen si mwen gen doulè nan pwatrin? 

A) Sal ijans (ER) 

B) Sant swen rapid 

C) Pwofesyonèl swen prensipal  

D) Pa ale okenn kote epi tann doulè a pase

 

Repons: A) Sal ijans (ER) 

Si ou gen doulè nan pwatrin, ale nan sal ijans oswa rele 911. Sa ka yon siy yon pwoblèm grav, tankou yon kriz kadyak. Lòt sentòm ki ka endike yon ijans gen ladan: 

  • Pawòl ki pa klè
  • Pwoblèm pou respire
  • Senyen ki pa sispann
  • Gwo zo kase
  • Blesi nan tèt
  • Boule grav
  • Pèdi vizyon toudenkou
  • Kriz konvilsyon 

7. Vre oswa fo: Ou gen dwa pran desizyon sou swen sante ki bon pou ou.

 

Repons: Vre 

Pwofesyonèl swen ou yo gen anpil konesans, men se ou ki pi byen konnen pwòp kò ou ak lavi ou. Patisipe aktivman nan preparasyon plan swen ou a. Si doktè ou mande w fè yon bagay ou pa kapab fè oswa ou pa vle fè, fè l konnen sa. Mande ki lòt opsyon ki genyen. Objektif li se prepare yon plan swen ou ap kapab suiv. Epi sonje ou gen dwa jwenn yon dezyèm opinyon nan men yon lòt pwofesyonèl swen. Rele Sèvis pou manm pou jwenn plis enfòmasyon sou kouvèti pou dezyèm opinyon.

8. Kilès nan sa yo ki se yon maladi kwonik? 

A) Enfliyenza (grip) 

B) Nemoni 

C) Ipètansyon (tansyon wo) 

D) Yon bra kase  

 

Repons: C) Ipètansyon (tansyon wo) 

Maladi kwonik yo se pwoblèm sante ki pèsiste, ki dire lontan epi ki pa ka geri nèt anjeneral. Men, yo ka kontwole yo. Pami yo gen: 

  • Maladi kè
  • Dyabèt
  • Kansè
  • Maladi pilmonè obstriktif kwonik (COPD)
  • Opresyon 

Avèk bon swen sante, ou ka viv lontan epi an sante, menm si ou gen yon maladi kwonik.  

9. Kilès nan pwoblèm sa yo yon sant swen rapid ka trete?

A) Enfeksyon nan aparèy urin 

B) Yon blesi ki ka bezwen koud 

C) Kè plen, vomisman ak/oswa dyare 

D) Tout sa ki anwo yo 

 

Repons: D) Tout sa ki anwo yo 

Sant swen rapid se bon kote pou ale pou pwoblèm ki pa ka tann yon vizit ak PCP ou a, men ki pa mete lavi ou an danje. Yo ka trete pwoblèm tankou: 

  • Ti blesi ak ti boule
  • Antòs ak blesi nan misk oswa tandon
  • Kè plen, vomisman oswa dyare
  • Doulè nan vant
  • Lafyèv
  • Gòj fè mal oswa tous
  • Sentòm ki sanble ak grip
  • Enfeksyon zòrèy
  • Enfeksyon nan aparèy urin 

Ou pa fin sèten ki kote pou w ale?  Rele liy enfimyè plan ou a ki disponib 24 èdtan sou 24. Yo ka ede w fè pi bon chwa a.  Si ou bezwen mennen pitit ou nan yon sant swen rapid, rele sant lan anvan ou ale pou asire w yo ka trete tibebe ak timoun piti. 

Ki rezilta ou jwenn?

Si ou pa byen reponn kèk kesyon, pa enkyete w. Sonje swen sante se yon bagay ki konplike. Si ou pa konprann yon bagay pwofesyonèl swen ou yo ap di w, poze kesyon. Se travay yo pou yo ede w oryante w nan sistèm swen sante a. Epi se wòl ou pou w patisipe aktivman nan konprann ak suiv plan swen ou a.  

 

Gade sous nou yo

Orè vizit swivi pou timoun ki an sante: American Academy of Pediatrics 

 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.