Manje ki bon pou moun ki gen dyabèt san depanse anpil
Eseye fason senp sa a pou prepare repa ki ekilibre epi ki ede kenbe sik nan san ou estab. Anplis, jwenn resèt ki pa koute chè pou mete sa an pratik.
Viv ak dyabèt pa oblije anpeche w pran plezi nan bon manje. Metòd asyèt pou dyabèt la se yon fason senp pou prepare repa ki ekilibre. Ou pa bezwen konte oswa mezire anyen. Olye sa, se asyèt ou k ap gide w pou chwazi bon pòsyon yo.
Men kijan sa mache:
1. Ranpli mwatye asyèt ou ak legim ki pa gen anpil lanmidon. Legim “ki gen anpil lanmidon” yo gen anpil glisid, yo rele tou idrat kabòn. Pami yo gen mayi, pòmdetè, ti pwa vèt ak joumou sezon fredi. Legim “ki pa gen anpil lanmidon” yo gen mwens glisid, men yo chaje ak fib ak lòt eleman nitritif. Pami yo gen:
- Aspèj
- Zaboka
- Ti chou Briksèl
- Bwokoli
- Chouflè
- Chou
- Kawòt
- Seleri
- Konkonm
- Legim fèy vèt tankou leti, chou kale ak epina
- Kalalou
- Zonyon
- Piman dous
- Kourj sezon ete
- Tomat
Ranpli mwatye asyèt ou ak manje sa yo ki rich nan eleman nitritif epi ki pa gen anpil lanmidon ap ede w kontwole kantite glisid ak kalori ou konsome. Anplis, paske yo gen anpil fib, repa ou a ap kenbe w plen pi lontan.
Konsèy espesyalis: Kenbe yon rezèv legim konjle. Yo souvan koute mwens pase legim fre epi yo konsève pi lontan. Konsa, w ap toujou genyen pou ajoute nan repa ou yo.
2. Ranpli yon ka asyèt ou ak pwoteyin ki pa gen anpil grès. Pwoteyin se yon pati enpòtan nan yon repa ki bon pou sante. Li ede ralanti ogmantasyon sik nan san apre yon repa. Chwazi sous pwoteyin ki pa gen anpil grès tankou poul, pwason, tofou, ze oswa vyann bèf ki pa gen anpil grès. Pwa se yon bon sous pwoteyin tou, men yo gen anpil glisid. Kidonk, si ou chwazi pwa, ou ka bezwen diminye lòt manje ki gen glisid nan asyèt ou.
3. Ranpli dènye ka asyèt ou ak manje ki gen glisid. Limite manje ki gen glisid a yon ka asyèt ou se yon fason fasil pou kontwole kantite ou konsome. Men kèk sous glisid:
- Grenn antye tankou diri mawon, pat alimantè ak pen ki fèt ak grenn antye
- Legim ki gen anpil lanmidon tankou mayi, pòmdetè ak ti pwa vèt
- Fwi
- Pwa
5 resèt ki pa koute chè
Èske ou pare pou ranpli asyèt ou? Men senk resèt ki pa koute chè pou mete metòd asyèt pou dyabèt la an pratik.
Pikèt poul ak legim griye (pou 2 moun)
- 2 blan poul san zo ni po, koupe an kib
- 1 piman dous, koupe an moso
- 1 kourjèt, koupe an wonn
- 1 zonyon wouj, koupe an moso
- 2 gwo kiyè lwil doliv
- 1 ti kiyè melanj epis oswa fèy santi bon ou pi renmen an
- Si ou vle: pen pita ki fèt ak grenn antye ak yogout pou sèvi
Chofe gri w oswa chodyè w sou yon dife ki ant mwayen ak fò. Pase moso poul yo ak legim yo sou pikèt yo. Nan yon ti bòl, melanje lwil doliv la ak melanj epis oswa fèy santi bon yo. Pase melanj lwil la sou pikèt yo ak yon bwòs. Griye yo nan pikèt yo pandan anviwon 10-12 minit epi vire yo chak de minit konsa. Sèvi ak pen pita ki fèt ak grenn antye epi yon ti kantite yogout.
Legim sote
(pou 2 moun)
- 1 gwo kiyè lwil
- 3 tas melanj legim fre oswa konjle (tankou kawòt, piman dous ak bwokoli)
- 2 ze
- 2 gwo kiyè sòs teriyaki (chèche sa ki pa gen anpil sodyòm)
- 1 tas diri mawon ki deja kwit
- Si ou vle: poul ki deja kwit, tofou oswa yon lòt sous pwoteyin ki pa gen anpil grès
Chofe lwil la nan yon gwo chodyè plat sou gwo dife. Ajoute melanj legim yo epi kwit yo pandan 5-7 minit. Pouse legim yo sou yon bò chodyè a epi kase ze yo sou lòt bò a. Brase rapid pou fè ze bwouye epi melanje yo ak legim yo. Ajoute sòs teriyaki a ak sous pwoteyin nan, si ou vle, epi brase. Sèvi sou diri mawon ki deja kwit.
Soup lantiy
(pou 4 moun)
- 1 gwo kiyè lwil
- 1 zonyon, rache
- 2 tas bouyon ki pa gen anpil sodyòm
- 1 tas lantiy wouj sèk
- 1 bwat tomat koupe an kib
- 1 ti kiyè kimen oswa lòt epis
- Sèl ak pwav selon gou ou
- Si ou vle: Yogout grèk pou sèvi
Chofe lwil la nan yon gwo chodyè sou yon dife ki ant mwayen ak fò. Ajoute zonyon yo epi kwit yo pandan 2-3 minit. Ajoute bouyon an, lantiy yo, tomat yo ak epis yo. Kite l bouyi, epi bese dife a pou l mitonnen. Kwit lantiy yo jiskaske yo byen mou, pandan anviwon 25 a 30 minit. Ajoute sèl ak pwav. Si ou pito yon soup ki gen yon konsistans krèm, ou ka pase l nan blenndè jiskaske li lis. Sèvi ak yon ti kantite yogout grèk.
Fritata ak ze ak epina
(pou 2 moun)
- 1 gwo kiyè lwil
- 1/2 ti zonyon, koupe an kib
- 1/2 tas epina konjle, dekonjle epi degoute
- 6 ze, bat
- 1/4 tas lèt
- Sèl ak pwav selon gou ou
- 1/4 tas fwomaj cheddar rape
- Si ou vle: pen griye ki fèt ak grenn antye oswa fwi pou sèvi
Chofe fou a a 375°F. Chofe lwil la nan yon chodyè plat ki ka ale nan fou sou yon dife ki ant mwayen ak fò. Ajoute zonyon an ak epina yo epi kwit yo pandan 2-3 minit. Nan yon bòl, melanje ze yo, lèt la, sèl la ak pwav la. Vide melanj ze a sou legim yo nan chodyè a epi brase dousman. Mete fwomaj la anlè, epi mete chodyè a nan fou a. Kwit nan fou pandan 6-10 minit, jiskaske ze yo pran. Koupe an tranch epi sèvi ak pen griye ki fèt ak grenn antye oswa yon pòsyon fwi sou kote.
Salad pwa nwa ak mayi
(pou 4 moun)
- 1 bwat pwa nwa, degoute epi rense
- 1 bwat mayi, degoute
- 1 tas ti tomat seriz, koupe an de
- 1 ti zonyon wouj, koupe an kib
- 1 ponyen koryann (si ou vle)
- 2 gwo kiyè ji sitwon
- 1 gwo kiyè lwil
- Sèl ak pwav selon gou ou
Nan yon gwo bòl, melanje pwa nwa yo, mayi a, ti tomat seriz yo, zonyon an ak koryann nan (si w ap itilize l). Ajoute ji sitwon an, lwil la, sèl la ak pwav la epi brase. Sèvi ak blan poul griye oswa pwason.
Gade sous nou yo
Metòd asyèt pou dyabèt: American Diabetes Association
Plis resèt pou moun ki gen dyabèt: Diabetes Food Hub