Respire pi fasil

Difikilte pou respire ka afekte lavi ou chak jou. Aprann kat fason pou ede kenbe pasaj lè ou yo lib.

Moun kontan k ap mache epi souri deyò

Èske ou gen opresyon, maladi pilmonè obstriktif kwonik (COPD) oswa alèji sezonye? Si se sa, yon plan aksyon ka ede w prepare pou lè sentòm yo vin pi grav.

Pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) ka ede w prepare yon plan aksyon ki adapte ak bezwen sante pèsonèl ou.

Men, annatandan, eseye suiv mezi sa yo pou respire pi byen.

1. Aprann sa ki fè li difisil pou respire

Fè atansyon ak sa ki fè li pi difisil pou w respire. Selon pwoblèm sante ou genyen an, sentòm yo ka vin pi grav akòz bagay tankou:

  • Polisyon nan lè a
  • Lafimen tabak
  • Polèn
  • Lòt sibstans ki irite w.

Pran nòt nan yon kaye oswa sou telefòn ou lè ou gen sentòm alèji oswa lè sentòm yo vin pi grav. Note bagay tankou:

  • Kote ou ye (andedan, deyò, nan machin?)
  • Ki sa ki bò kote ou? (sèten plant, bèt, pwodui netwayaj, pafen, lafimen oswa lòt bagay)
  • Ki jan tan an ye?
  • Ki sa ou te manje dènyèman?

Lè ou pran nòt sa yo, ou ka kòmanse remake sitiyasyon ki repete epi ki montre sa ki deklanche sentòm yo. Epi plis ou konnen sa ki deklanche pwoblèm respirasyon ou yo, se plis li fasil pou evite yo. 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.

2. Prepare davans 

Evite sa ki deklanche sentòm ou yo chak fwa sa posib. Fèmen fenèt yo epi pran yon douch lè ou sot deyò pou elimine sibstans ki ka lakòz alèji ou pote antre yo. Epi kenbe medikaman ou yo ak yon mask sou lamen pou ede jere sentòm yo chak fwa ou deyò.

3. Fè netwayaj

Anpil sibstans ki lakòz alèji ak bagay ki deklanche kriz opresyon ka kache lakay ou. Yon kòz ki komen: Akaryen pousyè. 

Akaryen pousyè se ti bèt ou pa ka wè ak je ou sèlman. Yo ka rete nan sifas twal tankou dra ak lòt atik kabann, mèb ki kouvri ak twal, rido, tapi ak mokèt. 

Pase aspiratè epi retire pousyè regilyèman ka ede kontwole akaryen pousyè yo. Epi lave dra kabann ou regilyèman (yon fwa pa semèn) ak dlo cho. 

4. Pran medikaman ou

PCP ou ka preskri medikaman pou opresyon ak COPD, tankou inalè ak estewoyid. Pou swen chak jou, pran medikaman sa yo jan doktè ou di w la. Epi konnen kijan ak kilè pou itilize medikaman ijans ou yo. 

Si alèji fè sentòm ou yo vin pi mal, eseye medikaman ou ka achte san preskripsyon (OTC), tankou anti-istaminik. Mande doktè ou ki medikaman OTC li rekòmande pou ou.
 

Paran ak yon timoun k ap gade yon òdinatè pòtab

Pwofite benefis ou yo otank posib

Si ou se yon manm Aetna Better Health®, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou plan ou a. Ou sèlman bezwen konekte nan Pòtay manm ou a pou ale nan kont ou.